Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li fè m’ manje woulo liv sa a, li vin dous tankou
siwo myèl nan bouch mwen»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 2, 8-3, 4
Men pawòl
Granmèt la:
«Ou menm
pitit moun, koute tout sa m’ap di ou, pa eksite m’, tankou kay sa a k’ap eksite
m’ nan; louvri bouch ou, manje tout sa m’a ba ou». Mwen wè, se yon men ki lonje
sou mwen, nan men an te gen yon liv ki woule; li lonje l’ devan m’, liv la te
ekri andan ak deyò, andan l’ te ekri plent, kantik ak madichon.
Li di m’:
«Pitit moun, tout sa w’ap jwenn, manje l’; manje liv sa a, al pale ak pitit
Izrayèl yo». Mwen louvri bouch mwen, li fè m’ manje woulo sa a, li di m’:
«Pitit moun, se pou vant ou manje, se pou zantray ou plen ak woulo sa a mwen ba
ou a». Mwen manje l’, li vin dous tankou siwo myèl nan bouch mwen.
Li di m’: «Pitit
moun, al kot kay Izrayèl la, pale yo pawòl mwen yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 14. 24.72.103.111.131
R/ Ala dous pawòl ou yo dous nan palèt mwen, Granmèt!
Nan wout
temwayaj ou yo mwen jwenn plezi m’, tankou nan tout kalite richès.R.
Sèke temwayaj ou
yo se plezi m’, desizyon ou yo se konsèy mwen.R.
Lalwa ou la pi
bon pou mwen pase kantite lò ak lajan.R.
Ala dous pawòl
ou yo dous nan palèt mwen, plis pase siwo myèl nan bouch mwen.R.
Eritaj mwen se
temwayaj ou yo pou tout tan, paske se kontantman kè m’ yo ye.R.
Mwen louvri
bouch mwen, mwen respire lespri a, paske mwen te anvi kòmandman ou yo.R.
LEVANJIL
«Atansyon pou nou pa meprize youn nan ti piti sa
yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 1-5. 10. 12-14
Lè sa a, disip
yo pwoche kot Jezi, yo di:
«Kilès ou kwè ki
pran nan peyi wa syèl yo?»
Jezi rele yon ti
moun piti, li mete l’ kanpe nan mitan yo, li di: «An verite, mwen di nou: si
nou pa chanje pou nou vin tounen tankou ti moun piti yo, nou p’ap antre nan
peyi wa syèl yo. Tout moun k’ap fè tèt li piti tankou ti moun piti sa a, se li
menm ki pi gran nan peyi wa syèl yo. Moun ki resevwa yon ti piti konsa o non
mwen, se mwen menm li resevwa.
Atansyon pou nou
pa meprize youn nan ti piti sa yo; sèke mwen di nou: Mesaje pa yo a nan syèl la
toujou ap gade fas Papa m’ ki nan syèl la.
Sa nou di nan
sa? Si yon moun gen san mouton, epi youn nan yo pèdi wout, èske li p’ap kite
katrevendiznèf lòt yo nan mòn, pou l’ al chèche sa k’ pèdi wout la? Si l’ rive
jwenn li, an verite mwen di nou, l’ap pi kontan poutèt li pase pou
katrevendiznèf yo ki pa t’ pèdi wout yo. Se konsa, se pa volonte Papa nou ki
nan syèl la, pou youn nan ti piti sa yo peri.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan premye lekti a,
atravè eksperyans pwofèt Ezekyèl, nou dekouvri kijan li enpòtan pou nou medite,
reflechi, viv epi preche pawòl Bondye a. Sa vle di si nou vle bay transmèt
pawòl la ak plis efikasite, nou dwe manje
pawòl la, nou dwe kite li penetre tout sans nou, tout lavi nou.
Kanta pou levanji la, se
yon envitasyon pou nou viv ak kè nou senp, sa vle di ak anpil imilite. Sa se
yon kondisyon pou nou kapab antre nan wayòm Bondye a. Vik ak kè nou senp, se
viv san move entansyon, ak yon kè pwòp, san ipokrizi.
Lanmou Granmèt la tèlman
gran, li pa vle pèdi youn nan pitit li yo, se poutèt sa nou wè jan li se yon
bon gadyen ki sòti al chache ti mouton li pa wè,
jiskaske li rive jwenn li. Bondye toujou ba nou yon chans pou nou repanti.
Pawòl Bondye pou jodi a,
se yon envitasyon pou nou aprann viv ak pasyans menm jan Granmèt la trete nou:
malgre nou se pechè, li la pou l’ padone nou, pou li akeyi, chak fwa nou
retounen nan pye l’ ak yon kè ki senp.
LAPRIYÈ: Papa Bondye, ede m’ mache sou lòd ou,
ban m’ yon espri ki senp pou m’ka resevwa byen syèl yo.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap rann yon
moun sèvis ak anpil senplisite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario