Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Vizyon sa a, se vizyon pòtre bèlte Granmèt la».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 1, 2-5. 24-2, la
Sou senkyèm jou
mwa a (sa vle di senkyèm ane ekzil wa Jowakin) pawòl Granmèt la rive kòt prèt
Ezekyèl, pitit Bouzi, nan peyi Kaldeyen yo, bò gran larivyè Koba a. Se la menm
Granmèt la te sou mwen.
Mwen wè: se yon
van tanpèt ki t’ap vin sot nan Nò, avèk gwo nyaj, avèk dife k’ap fè laviwonn,
avèk klète alantou l’; nan mitan l’ se te tankou aparans zèklè, k’ap sòti nan
mitan dife a; nan mitan l’ tou, se te tankou potrè kat vivan, aparans yo se te
tankou pòtrè moun.
Mwen tande bwi
zèl yo, tankou bwi gran dlo yo, tankou bwi Bondye ki anwo nèt la: lè y’ap
deplase, se te tankou bwi foul, tankou bwi lame yo; lè yo ret an plas, zèl yo
sispann bat. Lè bwi a rive anlè plafon an ki te anlè tèt yo a, yo ret an plas,
zèl yo ret an repo.
Anlè plafón an,
ki te dirèk sou tèt yo a, se te tankou aparans bijou yo rele safi a, tankou
pòtrè yon fotèy; anlè aparans fotèy la, se tankou aparans yon moun ki chita sou
li. Mwen wè tankou aparans zèklè, tankou pòtre dife, anndan l’, toutalantou,
apati tay li an montan, epi apati tay li an desandan; mwen wè tankou aparans
dife ki klere toutalantou, tankou pòtrè ak-an-syèl ki nan nyaj, jou lapli; se
te aparans bèlte a toutalantou.
Vizyon sa a, se
vizyon pòtrè bèlte Granmèt la. Mwen wè, epi
mwen tonbe sou fas mwen.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 148, 1-2. ll-12ab. 12bc-14a. 14cd
R/ Syèl la ak tè a plen ak bèlte ou.
Fè lwanj Granmèt la depi sot nan syèl
yo, fè lwanj li nan anwo syèl yo.
Fè lwanj li,
tout mesaje l’ yo, fè lwanj li, tout pouvwa l’ yo.R.
Wa yo sou tè
a ak tout pèp yo, chèf yo ak tout jij tè yo, jèn jan ak vyèj yo, granmoun yo ak
ti moun yo.R.
Se pou yo fè
lwanj pou non Granmèt la. Paske se non l’ sèl ki anlè nèt; lwanj li anlè syèl
la ak tè a.R.
Li leve kou pèp
li lwanj pou nou, tout sen l’ yo, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki tou pre l’ la.R.
LEVANJIL
«Y’ap touye l’, l’ap leve vivan. Pitit yo ekzante
peye taks»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17,
21-26
Lè sa a:
Pandan disip
yo te rasanble ak Jezi nan Lagalile, li di yo: «Y’ap renmèt Pitit moun nan nan
men lèzòm, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan». Yo te pran
chagren anpil.
Lè yo rive
Kafanawòm, moun yo ki t’ap ranmase de goud yo, yo pwoche kot Pyè, yo di l’: «Èske
Mèt nou an p’ap peye de goud yo? » Li di: «Wi».
Lè l’ antre nan
kay la, Jezi pran devan l’, li di: «Sa ou di nan sa, Simon? Wa yo sou tè a, nan
men ki moun yo resevwa taks oubyen enpo? Eske se nan men pitit yo oubyen nan
men etranje yo?» Li di: «Nan men etranje yo».
Jezi di
l’:«Ebyen, pitit yo ekzante. Sèlman, pou nou pa sèvi okazyon pou fè yo tonbe,
al nan lanmè a, voye zen an; premye pwason k’ap monte a, pran l’ louvri bouch
li; w’ap jwenn yon pyès lajan; pran l’, ba yo pou mwen avèk pou ou».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a pwofèt
Ezekyèl pale nou de yon vizyon ke li te fè, pou li ede nou kontanple puisans
bèlte Granmèt la. Vizyon sa a, se vizyon pòtrè
bèlte Granmèt la.
Nan Levanjil la nou jwenn
avèk yon kesyon taks (sa nou rele enpo).
Jezi montre nou, avèk jès peye taks la, li pa vini pou l’ kraze sistèm sosyete
epòk li t’ap viv la. Men li te vle fè patizan li yo dekouvri kòripsyon sistèm
nan. E se lakòz menm sistèm sa a ki fè yo te klouwe Jezi sou kwa a. E nou menm,
èske nou kesyone koripsyon k’ap fèt nan peyi nou ? Èske nou denonse move
pratik nan fanmi nou ak nan sosyete a ? Kisa nou ta dwe chanje pou sosyete
a vin miyò ?
Men, aprè lanmò li, Jezi
te leve byen vivan, paske li pa t’ posib pou li te rete nan kavo a, selon plan
renmen san limit Bondye a. Atravè lakwa nou dekouvri vrè vizaj renmen an, yon
renmen ki defigire, yon renmen ki sipòte tout eprèv e ki padonen nan yon mezi
ki depase konpreyansyon nou. Eksperyans soufrans Granmèt la, antan li tounen mwayen
ki pi efikas pou kraze lanmò a, li vin tounen yon chemen delivrans pou tout
limanite.
LAPRIYÈ : Bondye, fè nou dekouvri chak jou
pòtre w’ nan frè ak sè nou yo k’ap soufri enjistis nan sosyete nou an.
PWOPOZISYON: M’ap gade kijan mwen
kapab defann yon moun k’ap sibi enjistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario