Koulè Vèt
DIZNEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B.
PREMYE LEKTI
"Li mache ak fòs manje sa a jous nan mòn
Bondye a".
LEKTI PREMYE LIV
WA YO 19, 4-8
Jou sa yo:
Eli mache nan
savann nan pandan yon jou. Li rive anba yon ti pye raje, li chita, li mande
lanmò, li di: "Sa kont mwen, Granmèt! Ou mèt pran lavi m’; sèke mwen pa
miyò pase zansèt mwen yo". Li lage kò
l’atè, li dòmi anba pye raje a.
Gen yon Mesaje
Granmèt la ki touche l’, li di l’: "Leve, manje". Li gade, li wè yon
pen ki te kuit nan sann ki poze bò tèt li ak yon veso dlo; li manje, li bwè,
epi li dòmi ankò.
Mesaje Granmèt
la retounen kote l’ yon dezyèm fwa, li touche l’, li di l’: "Leve, manje,
gen yon gran wout ki rete ou ankò". Li leve, li manje, li bwè, li mache ak
fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nuit, jous nan mòn Bondye a, Orèb.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33. 2-3. 4-5. 6-7. 8-9 (r.: 9a)
R/ Goute, n’a wè
kijan Granmèt la bon.
M’ap fè lwanj
Granmèt la nan tout okazyon, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la
nam mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo koute, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt
la avèk mwen, se pou nou leve non l’ansanm.
Mwen chèche
Granmèt la, li koute m’, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade l’, pou nou
klere, figi nou p’ap sòti wont.
Pòv sa a rele,
Granmèt la koute l’, anba tout tray li li sove l’.R.
Mesaje Granmèt
la ap monte lagad alantou moun ki respekte l’ yo, l’ap delivre yo, goute, n’a
wè jan Granmèt la bon; se chans pou moun ki espere nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
"Mache nan renmen an, tankou Jezikri".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU MOUN EFÈZ YO 4, 30-5,
2
Frè m’ yo:
Pa kontrarye
Lespri Sen Bondye a, se nan li yo te make nou pou jou delivrans la.
Tout move
jan, kòlè, kontraryete, rèl, madichon wete sa sot kote nou ak tout mechanste.
Okontrè se pou nou bon youn pou lòt, pou nou gen kè sansib, pou youn padonnen
lòt, tankou Bondye te padonnen nou nan Jezikri.
Konsa se pou
nou pran modèl sou Bondye, tankou pitit li renmen anpil; mache nan renmen an,
tankou Jezikri te renmen nou, li te renmèt Tèt li pou nou kòm sakrifis ki santi
bon lodè pou Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Mwen se pen vivan an, ki desann sot nan
syèl la".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 41-52
Lè sa a:
Juif yo t’ap
babye poutèt Jezi, paske li te di: "Mwen se pen vivan an, ki desann sot
nan syèl la". Yo t’ap di: "Èske sila a se pa Jezi, pitit Jozèf la, sa
nou rekonèt papa l’ ak manman l’ nan? Kijan sila-a kapab di: "Se nan syèl
mwen desann sòti a?"
Jezi reponn,
li di yo: "Pa babye antre nou. Pèsòn pa kapab vin jwenn mwen, si Papa a,
ki voye m’ nan, pa redi l’; epi mwen menm m’ap fè l’ leve nan dènye jou a. Men
sa ki ekri nan pwofèt yo: 'Yo tout ap jwenn lansèyman nan men Bondye'. Tout moun ki koute sa Papa a ap di, epi ki kite l’ anseye yo, l’ap vin
jwenn mwen. Pèsòn pa janm wè Papa a, sof sila a ki sot nan Bondye a, se li menm
ki wè Papa a. An verite, an verite mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, li gen
lavi tout tan an.
Mwen se pen
lavi a. Zansèt nou yo te manje lamán nan savann nan, epi yo mouri. Sila a se
pen ki desann sot nan syèl la, pou, si yon moun manje ladan l’, li pa mouri.
Mwen se pen
vivan an ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv
tout tan, epi pen an m’ap bay la, se chè m’ pou lavi tè a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a,
nou wè jan Eli t’ap mache, li tèlman bouke li mande Granmèt la pran lavi li. Men Granmèt la pa t’ vle
Eli mouri, li te bezwen l’ pou yon misyon. Li fè yon zanj pote pen pou Eli
manje, ak dlo pou li bwè. Li fè sa de fwa, jis lè Eli te gen fòs ase pou li
kontinye nan wout la.
Nou menm tou, Granmèt la chwazi nou pou yon misyon. Sen
Pòl eksplike nou ki misyon sa a, nan dezyèm moso Labib la. Se pou nou viv nan
sosyete a tankou vrè kretyen tout bon, tankou moun ki konn sèvi frè ak sè nou
yo, tankou moun ki konn padonen moun ki fè nou kichòy, tankou moun debyen ki
mache ak respè. Depi nou fè sa, piti piti sosyete a gen pou li chanje kan menm.
Men gen de fwa wout la long anpil. Malgre nou pa fè moun
anyen, yo mechan avè nou. Malgre nou ba yo konsèy ak bon jan ekzanp, yo pa
okipe nou. Sanble n’ap monte mòn pa do.
Nou ka bouke, nou ka dekouraje, se nòomal. Men lè sa rive
nou, nou pa gen dwa lage. Se pou nou al jwenn pen ki bay lavi a, se pou nou bwè
nan dlo k’ap fè nou pa janm swaf ankò a.
Nan Levanjil la, Jezi fè nou konnen se li menm menm ‘‘Pen’’
Bondye voye ba nou an. Se nan Jezi pou nou pran souf. Se nan Jezi nou jwenn
fòs. Se Jezi ki Chemen an, se Jezi
k’ap mache ansanm avèk nou.
Men kòman pou nou jwenn Jezi: chak fwa nou patisipe nan
lamès, n’ap jwenn Jezikri tou vivan nan kominyon an (Lekaristi a) e n’ap gen
chans fè yon sèl kò ak li, sa vle n’ap tou gen viktwa sou lènmi an akoz fòs
Jezi ki nan nan nou. Chak fwa nou li Pawòl Bondye a, n’ap jwenn Jezikri tou
vivan nan Levanjil li a. Chak fwa nou sèvi frè ak sè nou yo ki nan bezwen, n’ap
jwenn Jezikri tou vivan nan kominote a. Chak fwa nou priye, n’ap jwenn Jezikri
tou vivan nan fon kè nou.
PRIYE: Granmèt, ou konnen
m’ vle sèvi ou ak tout kè mwen. Tanpri souple, ban m’ pasyans, ban m’ fòs, ban
m’ kouraj ase pou m’ pa lage w’, menm jan ou pa lage mwen. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap chèche Jezi, Pen ki
bay lavi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario