Páginas

SAMDI 11-8-2018


Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Moun ki kòrèk la se nan lafwa l’ l’ap viv".
LEKTI LIV PWOFÈT ABAKUK 1, 12-2, 4.
Apa se ou menm ki la depi nan kòmansman, Granmèt Bondye m’, Sen mwen an, epi nou p’ap mouri? Granmèt, ou mete pèp Kaldeyen yo pou jijman an, ou enstale l’ pou l’ fò, pou ou kap detui. Je ou pwòp, pou ou pa wè mal la; ou pa kapab gade fòt la. Pouki sa w’ap gade sila yo k’ap fè sa k’ mal la, epi ou pe bouch ou, lè mechan an ap devore sila a ki pi kòrèk pase l’ la?
Ou fè moun yo tankou pwason lanmè, ak tankou bèt k’ap glise atè, ki pa gen mèt. Pèp Kaldeyen an soulve yo tout nan zen l’, li trennen yo nan privye l’, li ranmase yo nan filè l’; li kontan, li danse pou sa. Se pou sa, li ofri sakrifis bay privye l’ la, li ofri sakrifis bay filè l’ la, paske se yo menm ki fè l’ jwenn pòsyon gra l’ la, ak bon manje l’. Se pousa li vide privye l’, epi tout tan li pa sispann touye nasyon yo.
M’ap rete anlè pòs santinèl mwen, m’ap ret kanpe anlè fò a; m’ap gade pou m’ wè sa l’ap di m’ epi ki sa m’ap reponn pou m’ pran defans mwen.
Granmèt la reponn mwen, li di:
"Ekri vizyon an, grave l’ klè sou galèt wòch, pou moun k’ap li l’ la kapab li l’ fasil; paske vizyon an tou pre, l’ap parèt alafen, li p’ap bay manti; si l’ fè reta, tann li, paske l’ap rive sètènman, li p’ap mize. Men li, sila a ki pa kwè a, nam li p’ap dwat nan li; men moun ki kòrèk la, l’ap viv nan lafwa".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 9, 8-9. 10-11. 12-13 (r.: llb)
R/ Ou pa lage moun k’ap chèche ou yo, Granmèt.
Granmèt la menm ap enstale pou tout tan, li pare fotèy li pou jijman an, se li menm k’ap jije fas tè a nan jistis; l’ap jije pèp yo ak balans ki byen regle.R.
Granmèt la ap sèvi kachèt pou moun y’ap maltrete a, kachèt nan tan yo bezwen l’ nan, nan tray la.
Y’ap espere sou ou, sila yo ki konnen non ou yo, paske ou p’ap lage sila yo k’ap chèche ou la, Granmèt.R.
Chante pou Granmèt la, ki abite nan Siyon an, anonse mèvèy li yo nan pami nasyon yo.
Sèke li menm k’ap mande kont pou san an, li sonje yo, li pa bliye rèl pòv yo.R.
LEVANJIL
"Lè nou gen lafwa, anyen p’ap enposib pou nou".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ MATYE KI SEN 17, 14-20
Lè sa a:
Gen yon mesye ki pwoche kot Jezi, li plwaye jenou devan l’, li di: "Granmèt, pran pitye pou pitit mwen an, li gen epilepsi, li soufri anpil; anpil fwa li tonbe nan dife, souvan tou se nan dlo. Mwen prezante l’ bay disip ou yo, yo pa kapab geri l’".
Jezi reponn, li di:
"Jenerasyon ki san lafwa, ki move, jouskilè m’ap ret avèk nou? jouskilè m’ap sipòte nou? Mennen l’ isit la ban mwen". Jezi menase l’, demon an soti nan li; pitit la geri lè sa a menm.
Lè sa a atò disip yo pwoche kot Jezi an sekrè, yo di: "Pouki sa nou pa t’ kapab chase l’?"
Jezi di yo:
"Se paske nou pa gen lafwa. An verite mwen di nou, si nou gen lafwa tankou yon grenn senve, n’ap di mòn sa a: "Travèse sot isit la al laba-a', l’ap travèse; anyen p’ap enposib pou nou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Si nou gen lafwa tankou yon grenn senve (…), anyen p’ap enposib pou nou».
Jodi a, yon lòt fwa ankò, Jezi ap fè nou konprann mirak li yo depann de mezi lafwa nou: «An verite mwen di nou, si nou gen lafwa tankou yon grenn senve, n’ap di mòn sa a: "Travèse sot isit la al laba-a', l’ap travèse; anyen p’ap enposib pou nou». Vrèman vre, tankou Sen Jewòm ak Sen Ogisten fè nou remake sa, se nan jan n’ap travay pou nou rive kòrèk nèt (yon bagay ki depase fòs nou), se konsa «montay yo deplase». Poutan, mirak yo la, e si je nou pa pèmèt nou wè yo pi klè, se akoz mank lafwa nou.
Lè moun nan devan yon sitiyasyon ki dekouraje li e ki depase limit konpreyansyon li, sa fè li aji nan fason ki diferan. Te gen yon tan kote yo te konsidere epilepsi (=malkadi) tankou yon maladi ki pa t’ gen trètman, e se moun ki te gen move lespri ki ki te antre sou yo ki te soufri maladi sa a.
Papa pitit sa a montre kalite renmen li gen pou li antan l’ap chèche yon gerizon total, e li mande Jezi pote li sekou. Atravè demach sa a li montre jan li gen lafwa nan Bondye. Li mete jenou li atè devan Jezi e li lapriyè li antan li gen fèm konviksyon ke Jezi ap koute rèl lapriyè li. Fason li fè demand la montre nou de bagay: li aksepte kondisyon li e li rekonèt bon kè sila ki ka pran lapenn pou lòt yo.
Papa pitit la souliye kijan disip yo pa t’ kapab chase demon sa a. Jezi pwofite okazyon sa pou li fè nou remakte mank lafwa disip li yo. Suiv Jezi, tounen disip li, patisipe nan misyon li, sa mande nou yon lafwa ki dyanm e ki gen rasin li fon, yon lafwa ki ka sipòte kontrayete lavi a, difikilte ak enkonpreyansyon. Se yon lafwa ki an aksyon akoz li anrasine yon fason solid. Nan lòt pasaj Levanjil la Jezi li menm li plenyen akoz mank lafwa disip li yo. Ekspresyon «anyen p’ap enposib pou nou» (Mt 17,20) montre avèk anpil fòs enpòtans lafwa a genyen pou sila yo k’ap mache dèyè Jezi.
LAPRIYЀ: Bondye Papa, tanpri delivre nou anba tout mal k’ap trakase nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Pawòl Bondye a ankouraje nou reflechi sou kalite lafwa nou ak sou fason nou apwofondi li.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario