(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Malgre nou anpil, nou se yon sèl kò, nou tout
ki patisipe nan yon sèl pen an»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 10, 14-22a
Nou menm mwen
renmen anpil la, se pou nou vire do lwen sèvis zidòl yo. M’ap pale ak nou
tankou ak moun ki gen sajès; nou menm menm nou mèt jije sa m’ di a. Kalis benediksyon
an nou beni an, èske se pa kominyon nan san Jezi li ye? Epi, pen an n’ap kase
a, èske se pa patisipasyon kò Granmèt la li ye? Kòm se yon sèl pen, nou menm ki
anpil la, nou fè yon sèl kò, nou tout ki patisipe nan yon sèl pen an. Gade
Izrayèl k’ap viv daprè chè a: èske yo menm ki manje sakrifis yo, yo pa fè youn
ak lotèl la?
Ki sa? Èske
mwen di sa yo sakrifye bay zidòl yo se kichòy, oubyen zidòl la se kichòy? Non,
men sa moun yo sakrifye yo, se bay demon yo yo sakrifye yo, se pa bay Bondye.
Ebyen mwen pa vle pou nou vin asosye ak demon yo. Nou pa kapab patisipe nan tab
Granmèt la ak nan tab demon yo. Oubyen èske nou vle fè Granmèt la jalou? Èske
nou pi fò pase l’?
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 12-13. 17-18
R/ M’ap ofri
sakrifis lwanj ba ou, Granmèt.
Ki sa pou m’
renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
M’ap pran
kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap sakrifye
sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt la.
M’ap renmèt
Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp la.R.
LEVANJIL
«Pouki sa n’ap rele m’ «Granmèt», epi nou pa fè
sa m’ di?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6,
43-49
Lè sa a: Jezi
t’ap di disip li yo:
«Yon bon pye
bwa pa bay move fwi; ni yon move pye bwa pa bay bon fwi. Chak kalite pye bwa,
yo rekonèt li nan fwi l’. Yo pa keyi
pikan sou pye fig frans, yo pa rekòlte rezen sou pye raje. Yon bon moun, se nan
trezò kè l’ li pran sa k’ bon; yon move moun, se nan move trezò a li pran sa k’
mal la; paske sa k’ debòde sot nan kè a, se sa bouch la pale.
Pouki sa n’ap
rele m’: «Granmèt, Granmèt», epi nou pa fè sa m’ di? Tout moun ki vin jwenn
mwen epi ki koute pawòl mwen yo, ki fè yo, m’ap montre nou ak kisa li sanble.
Li sanble ak
yon moun ki bati yon kay, li fouye fon, li poze fondasyon sou wòch; lè gen
inondasyon, larivyè a fonse sou kay sa a, men li pa reyisi souke l’; paske li
te bati sou wòch.
Men moun k’ap koute epi ki pa fè, li sanble ak
yon moun ki bati kay li sou tè ki pa gen fondasyon, larivyè a fonse sou li,
menm lè a li tonbe, kay sa a kraze nèt».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a Legliz la ap sonje Mari sou non «Notre-Dam
tout soufrans» ke nou plis konnen tankou «Notre-Dame des douleurs». Manman Mari avѐk pitit li Jezi, yo fѐ yon
sѐl nan zѐv pou sove tѐ a. Jodi a n’ap reflechi sou tout soufrans Mari te
andire ansanm avѐk Jezi pou l’ te kapab patisipe nan konbit delivrans la. Nou
toujou repete Notredam 7 doulѐ. Men
an jeneral, èske nou konnen vrѐman sa sa vle di ? Sa vle di, lѐ manman
Mari te fin fѐ Jezi, li pa t’ fasil jan nou te ka konprann li, men se te yon
lavi soufrans depi Jezi te fѐt jis li rive mouri antere.
An nou gade 7 moman difisil sa a yo nan lavi Mari
e kòman li menm li te reyaji fas a soufrans sa a yo :
Premyѐman, lѐ Jozѐf ak Mari al prezante Jezi nan tanp lan,
Simeyon te di l’ li gen yon epe k’ap pѐse kѐ l’, depi jou sa a Mari twouble, li
boulvѐse paske vrѐman, li pa t’ ko konnen sa k’ ta pral pase ak ti pitit sa a,
men li te gade tout pawòl pwofetik sa yo nan kѐ l’.
Dezyѐmman, pou yo te sove Jezi anba mechanste wa Ewὸd
yo oblije kouri pati an Ejip al kache. Se te nan tan livѐ, donk yo te oblije
mache anba nѐj, anba fredi, anba lapli epi mache anpil nan vye wout, nan labou,
elatriye. Kidonk, nou kapab imajine Mari, yon jѐn tifi ki fѐk kite kay manman
l’, ki pa t’abitye avѐk tout tѐt chaje sa a yo, se pa t’ fasil.
Twazyѐmman, Mari ale pou premye fwa nan fѐt Jerizalѐm avѐk
Jezi, lѐ y’ap retounen, Jezi pѐdi nan foul moun yo.Gen moun ki di ke soufrans
sa a te pi di pou Mari paske nan lὸt moman yo, malgre li t’ap soufri, li te gen
Jezi avѐ l’ men fwa sa a, Jezi pѐdi, si l’ap jwenn li, li pa konnen.Yo fѐ twa
jou ap chѐche l’ jis yo vin jwenn li nan tanp lan ; nou kapab di ke twa
jou sa a yo se te twa jou fѐnwa pou Mari.
Katriyѐmman, Mari rankontre ak Jezi avѐk kwa l’ sou do l’.
Jezi se pitit Mari, an menm tan li se Bondye l’, ki fѐ nan kѐ Mari gen yon
lanmou san parѐy k’ap debὸde, menm lanmou sa a fѐ nou konprann ki kalite doulѐ
ki t’ap manje kѐ l’ nan moman li te rankontre Jezi defigire anba soufrans lakwa
a.
Senkyѐmman, Jezi mouri. Tout manman pѐ wѐ pitit yo ki rive
nan dѐnye moman pou yo mouri. Si gen youn ki ta gen kouraj rete bὸ kote pitit
sa a, li fѐ tout sa ki posib pou l’ soulaje l’, li mete manje nan bouch li, li ranje
zorye anba tѐt li, li eseye chanje l’ pozisyon. Men manman Mari li menm te
genyen doub soufrans : non sѐlman li t’ap asiste Jezi ki te nan dѐnye
moman pou l’ mouri, men li pa t’ gen posiblite pou mete menm yon ti gout dlo
nan bouch li pou l’ te kapab soulaje l’.
Sizyѐmman, yo pѐse kѐ Jezi ak yon lans, yo desann li sou
kwa a, yo remѐt li bay manman l’. Sen Bèna di nan moman ke lans lan
travѐse kѐ Jezi, nan menm moman an li travѐse nanm Mari, paske nanm beni sa a
pa ka detache de kѐ Jezi. Yo desann li sou kwa e Mari kanpe sou pwent pye l’
pou l’ resevwa kὸ pitit li a nan bra l’. Li chita, li gade kὸ l’, li gade
zye l’ ki fѐmen, li retire kouwὸn pikan an nan tѐt li pandan l’ap kontanple mak
blesi yo.
Setyѐmman, yo depoze Jezi nan tonbo a, Mari rete sѐl poukont
li. Lѐ li retounen sot nan tonbo a, li pase devan lakwa a, li kanpe pou
l’obsѐve kwa a ki rete tache avѐk mak san Jezi yo. Li bo kwa a, li adore l’
pandan li di : Kwa sen, mwen bo w’ e mwen adore w’ paske ou pa yon bwa
malediksyon ankὸ men yon twòn lanmou kote san mouton Bondye a koule pou nou
kapab sove.
Aprè
nou fin wѐ tout soufrans Mari te andire, pa gen yon kote ki di oubyen ki montre
kote l’ te fѐ bak, kote li te plenyen, kote li di kѐk bagay pou te ofanse
Bondye. Li te sipὸte tout avѐk kouraj paske li konnen ke li pa t’ pou kont li.
Donk nou kapab di ke Mari se vrѐ modѐl soufrans, an nou pa pѐ pran l’ tankou
ekzanp devan pwoblѐm ak kalamite nou yo ; konsa olye nou ofanse Bondye
pandan n’ap di gade sa l’ fѐ nou, n’a rive pito dekouvri menm jan avѐk Mari,
nan soufrans nou yo gwo lanmou li genyen pou nou.
LAPRIYÈ : Manman
Mari, entѐsede pou nou, pou nou kapab rive imite ou menm avѐk Jezi, pou nou
menm tou nou kapab aprann obeyi nan tout bagay, pou nou pa pѐ soufrans ke nou
genyen pou nou sipὸte ; konsa avѐk soufrans sa a yo n’a tounen asosye nan
zѐv sove limanite a. Amѐn
PWOPOZISYON: Sipὸte avѐk kѐ kontan tout fὸm soufans nan
lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario