Koulè Wouj
EKZALTASYON LASENT KWA.
Fèt.
PREMYE LEKTI
«Moun sèpan yo te mòde yo, lè yo gade l’, yo geri»
LEkTI LIV NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Pèp la kòmanse
about anba redi vwayaje, redi travay.
Li pale kont
Bondye ak kont Moyiz, li di: «Pouki ou te fè nou soti Ejip la, pou nou mouri
nan dezè a? Pa gen pen, pa gen dlo, nou kòmanse degoute avèk manje fad sa a».
Se pousa Granmèt
la voye sèpan ki mode-boule nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun
yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz, yo di: «Nou fè peche, paske nou pale kont
Granmèt la ak kont ou menm: priye pou l’ wete sèpan sa yo sot kote nou». Moyiz
priye pou pèp la.
Granmèt la pale
ak li: «Fè yon sèpan ak kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun sèpan yo mòde, lè l’
gade l’, l’ap viv». Moyiz fè sèpan avèk kuiv, li mete l’ kòm siy; kon moun
sèpan te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 1-2. 34-35. 36-37. 38 (r.: cf; 7b)
R/ Se pou nou pa bliye sa Granmèt la fè.
Pèp mwen,
konsidere ansèyman m’ nan; panche zòrèy ou sou pawòl yo k’ap sòti nan bouch
mwen an.
M’ap louvri
bouch mwen nan parabòl, m’ap pale bagay ki te kache depi lontan anpil.R.
Lè l’ t’ap touye
yo a, yo te vin ap chèche l’, yo konvèti, yo vin kote l’ granmaten;
yo vin sonje se
Bondye k’ap pote yo sekou; Bondye ki anwo nèt la, se redanmtè yo.R.
Men yo ba l’
desepsyon ak bouch yo, ak lang yo yo chèche twonpe l’;
kè yo pa t’ dwat
avèk li, yo pa t’ fidèl nan alyans li a.R.
Li menm menm li
te gen mizerikòd, li padonnen peche a, li pa gaye yo.
Anpil fwa li
vire kòlè l’, li pa limen tout move san l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li rabese pwòp tèt li: se pou sa Bondye leve l’
anlè».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2,
6-11
Jezikri,
malgre li te nan kondisyon Bondye, egal li egal ak Bondye a, li pa t’ konsidere
sa tankou yon bagay li kenbe pou pwòp tèt pa l’, men li vide pwòp tèt li antan
l’ pran kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, epi daprè konpòtman l’, yo
wè li se yon moun. Li rabese pwòp tèt li, antan l’ obeyi jous nan lanmò, epi
lanmò kwa a. Se poutèt sa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ non an ki anlè tout
non. Konsa, o non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba
tè yo, tout lang pou deklare se Granmèt Jezikri ye nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Yo gen pou yo leve Pitit moun nan anlè».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3,
13-17
Lè sa a: Jezi di
Nikodèm:
«Pèsòn pa monte
nan syèl la, sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan ki nan syèl la.
Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Pitit
moun nan, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an.
Reyèlman
Bondye sitèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, Sèl Pitit li a, pou tout moun
ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an. Sèke Bondye pa voye
Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a kapab sove gras a li».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la se yon pwofesi, sa vle di
vle di, se yon fason nou gade nan mimwa reyalite ki fè nou antre nan verite li
a pi lwen ke sa sans nou yo rapòte nou: Lakwa a, Kwa Jezikri a ki Sen an, se
Twòn Sovè a. Se poutèt sa Jezi afime: «konsa tou yo gen pou yo leve Pitit moun nan» (Jan
3, 14).
Nou konnen byen kwa a se te pi gwo kondanasyon ak senbòl
imilyasyon nan epòk Jezi a. Se ta yon wont pou yo ta leve kwa anlè si Sila a yo
klouwe a pa t’ pandye sou li. Si kwa a pa gen Redanmtè a sou
li, li pa gen valè. Avèk Pitit moun nan, li se nouvo pye bwa Sajès la. Jezikri,
antan li aksepte pran soufrans lakwa ak tout libète li, li fè nou dekouvri vrè
sans destine nou: monte ansanm ak li sou Kwa ki sen an pou nou ouvri bra nou
avèk kè nou bay Bondye k’ap ranpli nou ak gras li, nan yon echanj ekstrawòdinè.
La a tou, li bon pou nou tande vwa Papa a ki nan syèl la: «Sa a se Pitit mwen (…), nan li mwen jwenn tout plezi mwen» (Mak 1,11).
Andire
soufrans lakwa a avèk Jezi epi leve byen vivan avèk Li: Se la nou dekouvri sans
tout bagay! Lespwa a se la li ye, sans lavi a se la li chita, epi viv nèt ale
pou tout tan! Kretyen yo se pa fou yo fou, lè yo chante lwanj peche Orijinèl la
nan Anons Pak la: «Ala yon peche ki pote
chans avèk li, ki fè nou jwenn kalite Sovè sa a», li menm ki bay soufrans
nou yo sans gras ak soufrans li te andire.
«Men bwa Lakwa ki pote delivrans pou limanite
a: vini, an nou adore» (Litiji
Vandredi Sen). Si nou reyisi ale pi lwen ke skandal ak foli krisifiksyon Jezi
a, sèl sa nou rete pou fè se adore li epi di li mèsi pou gwo kado li fè nou.
Chèche avèk desizyon Kwa ki Sen an nan lavi nou, pou nou ka gen asirans ke «se avèk li, se o non li, se nan li», ke
lè nou ofri tèt nou nan men Papa a, gras a Lespri Sen an, Lakwa ka tounen
chemen k’ap kondui nou nan sous lavi ki pa janm sispann koule a.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te vle pou Sèl
Pitit ou a sibi lanmò lakwa a, pou l’ sove ras moun yo, tanpri, fè nou menm ki
rekonèt mistè l’ sou tè a, nou rive merite rekonpans sove l’ la nan syèl la.Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap pataje ak yon moun
sans lakwa ak siy lakwa genyen nan lavi mwen ak nan lavi Legliz la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario