Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Èske ou marye? Pa chèche separe. Èske ou pa
marye? Pa chèche marye»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 7, 25-31
Frè m’ yo:
Osijè vyèj
yo, mwen pa gen kòmandman Granmèt la; men se yon konsèy m’ap bay tankou yon
moun Granmèt la fè favè, pou yo kapab fè m’ konfyans. Mwen konsidere se yon bon
bagay poutèt nesesite ki la koulye a, wi, se yon bon bagay pou moun nan ret jan
li ye a. Èske ou marye ak yon madanm? pa chèche separe. Èske ou pa marye ak yon
madanm? pa chèche marye. Si ou marye, ou
pa fè peche; si yon vyèj marye, li pa fè peche. Sèlman n’ap gen tray nan chè sa
a; mwen menm mwen vle evite nou sa.
Konsa, mwen di
nou, frè m’ yo: «Tan an kout; moun ki marye, se pou yo viv kòmsi yo pa marye;
moun k’ap kriye, kòmsi yo p’ap kriye; moun ki gen kè kontan, kòmsi yo pa gen kè
kontan; moun k’ap achte, kòmsi yo pa posede; moun k’ap sèvi avèk tè sa a, kòmsi
yo p’ap sèvi avèk li; sèke, figi tè sa a, l’ap pase».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 44, 11-12. 14-15. 16-17
R/ Koute, mafi, gade, panche zòrèy ou.
Koute, mafi,
gade, panche zòrèy ou, bliye pèp ou a ak lakay papa ou;
Wa a anvi
bèlte ou. Paske se Granmèt ou li ye, se pou
ou adore l’.R.
Pitit fi wa a
bèl anpil sou pa anndan, li abiye ak rad ki fèt ak fil lò.
Nan rad ki fèt
ak anpil kalite bèl twal, yo mennen l’ kot wa a;
Vyèj yo aprè l’,
zanmi l’ yo, y’ap mennen yo ba ou.R.
Yo mennen yo nan
kè kontan ak fèt, yo kondui yo nan lakay wa a.
Nan plas zansèt
ou yo w’ap gen pitit;
W’ap enstale
yo kòm chèf sou tout tè a.R.
LEVANJIL
«Se chans pou pòv yo. Madichon pou
nou menm rich yo! »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6,
20-27
Se chans pou
nou menm ki pòv, paske rèy Bondye a pou nou.
Se chans pou
nou menm ki grangou koulye a, paske n’ap jwenn kont manje.
Se chans pou
nou menm k’ap kriye koulye a, paske n’ap ri.
Se chans pou
nou menm lè moun yo ap rayi nou, lè y’ap rejte nou, lè y’ap fè nou afwon, lè
y’ap jete non nou tankou bagay ki mal, poutèt Pitit moun nan: fè kè nou kontan
jou sa a, danse; paske men rekonpans nou anpil nan syèl la; se konsa reyèlman
vre zansèt yo te aji ak pwofèt yo.
Men madichon
pou nou, rich yo, paske n’ap jwenn konsolasyon nou!
Madichon pou
nou, nou menm ki gen vant plen, paske n’ap grangou!
Madichon pou
nou, nou menm k’ap ri koulye a, paske n’ap plenn, n’ap kriye!
Madichon lè moun
yo ap fè konpliman pou nou! Se konsa reyèlman vre zansèt yo te trete pwofèt
manti yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Konsèy Apot Pòl ba nou
jodi a, se pou l’ fè nou sonje ke nou pa dwe konsantre nou nan viv pou fè tèt
pa nou plezi sèlman. Se pou sa li vle fè nou konprann nan kèlkeswa sitiyasyon
nou ta ye ak fason n’ap viv, kit nou marye, kit nou pa marye, se pou nou santi nou lib pou sèvis Granmèt la. Li pa vle
di nou fè tèt nou plezi pa bon non, paske gen bagay sou latè ak nan sosyete a
ki bon tou, men se pou nou aprann mezire yo.
Kidonk, nou menm kòm
kretyen ak kretyèn, lespri nou dwe toujou sou travay pou Wayòm Bondye a ak tout
libète nou nan tout sa n’ap fè. Anyen
pa dwe anpeche nou fè volonte Granmèt la.
Levanjil
la ede nou dekouvri gen anpil kè kontan pou nou lè nou pa rete twò konsantre
lespri nou sou bagay sou latè ak nan viv pou pwòp tèt pa nou sèlman. Jezikri
pote lespwa pou nou, li di nou menm si n’ap soufri jodi a poutèt travay Bondye
a, demen n’ap viv byen alèz, paske wayòm syèl la se pou nou. Tout moun gen plas
yo kay Papa, men chak moun dwe fè sa ki nesesè pou yo rive chita nan plas yo.
Tout moun rich ak pòv dwe resevwa menm trètman, paske yo gen menm diyite. Se
pou moun rich yo kontante ak sa yo genyen, yo pa dwe prije sila a ki pòv la.
Men yo dwe bay pòv la yon ti chans pou l’ viv yon lavi miyò.
Konsa,
an nou travay pou yon sosyete ki pi jis, kote youn renmen epi sèvi lòt, selon
jan Bondye mande.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, mwen vle sèvi ou ak tout kè
mwen, antan m’ap pran konsyans de eta mwen. Tanpri, ede mwen amelyore tèt mwen
chak jou.
PWOPOZISYON : M’ap trete pwochen m’ak dousè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario