Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Yon frè ap fè pwosè kont yon lòt frè, epi bagay sa
a se kot moun ki pa gen lafwa yo!
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 6, 1-11
Frè m’ yo:
Gen moun nan
nou ki gen lodas, lè l’ gen kont pou l’ regle ak yon lòt, pou l’ al fè jijman
kot pechè yo, epi li pa al kot sen yo? Oubyen nou pa konnen se sen yo k’ap jije
kesyon tè a? Si se nou menm k’ap jjje tè a, èske nou pa merite jije bagay ki
gen mwens enpòtans? Èske nou pa konnen n’ap jije
mesaje yo? Nou pa bezwen mande pou bagay syèk tan sa a! Lè nou gen bagay syèk
tan sa a pou nou jije, se moun ki pa anyen nan legliz la, se yo menm nou pran
pou fè jijman an.
Mwen di sa pou
m’ fè nou wont: «Konsa pa gen pèsonn nan pami nou ki gen sajès, ki kapab fè
jijman ant frè l’?» Men yon frè fè pwosè kont yon lòt frè, epi bagay sa a kote
moun ki pa gen lafwa? Nou deja an fot nèt poutèt nou gen pwosè nan pami nou.
Pouki sa nou pa aksepte afwon pito? Pouki sa nou pa sibi yo pran sa k’ pou nou
pito? Men se nou menm k’ap fè afwon, k’ap pran afè moun, epi bagay sa a alega
frè yo.
Oubyen èske nou
pa konnen moun ki pa kòrèk yo p’ap posede rèy Bondye a? Pa twonpe tèt nou: ni
moun k’ap fè move plezi, ni moun k’ap sèvi zidòl, ni moun k’ap fè adiltè, ni
moun ki gen move konduit, ni moun k’ap fè move plezi avèk gason parèy yo, ni
moun k’ap vòlè, ni moun ki renmen lajan, ni moun k’ap bwè bwason, ni moun k’ap
bay madichon, ni moun k’ap pran byen lòt moun yo, yo p’ap posede rèy Bondye a.
Se sa nou te ye lontan; men nou lave, nou vin sen, men nou vin kòrèk o non
Granmèt nou Jezikri ak nan Lespri Bondye nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou
Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo
Se pou Izrayèl
kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè
lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la
jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se pou sen yo
fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj Bondye
yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Pandan tout lannuit la li t’ap lapriyè. Li chwazi douz
yo, li rele yo apot»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 12-19
Rive jou sa
yo, Jezi monte sou mòn nan pou l’ lapriyè, li pase tout lannuit la ap lapriyè
Bondye.
Lè jou rive,
li rele disip li yo, li chwazi douz nan pami yo, li rele non yo Apot: Simon, sa
l’ bay ti non Pyè a, avèk Andre, frè l’ la, Jak avèk Jan, Filip avèk Batelemi,
Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a, ak Simon, sa yo rele Fanatik la, epi Jid,
pitit Jak la, avèk Jida Iskaryòt la, sa k’ te trayi a.
Li desann
avèk yo, li kanpe nan plenn nan, ansanm ak foul disip li yo ak anpil foul pèp
ki sòti nan tout Lajide ak Jerizalèm ak rejyon lanmè a, ak Tir ak Sidon, yo te
vini pou yo koute l’, pou yo fè l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki te gen lespri papwòp k’ap maltrete yo, yo te geri. Tout foul la te
vle touche l’, paske te gen yon pouvwa ki te sòti nan li epi ki te geri yo
tout.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mesaj Pòl
pou moun Korent yo, se yon mesaj pou nou menm tou jounen jodi a: lè nou kritike
yon lòt, osinon fè yon lòt wè rezon, se renmen ki dwe enspire nou sa, sa vle di
se jistis, mizerikòd ak respè ki dwe detèmine konpòtman nou. Konsa n’a sanble
patizan Jezikri tout bon vre.
Levanjil la
ekzòte nou pou nou gen yon atitid «lapriyè». Paske se youn nan atitid Jezi te
genyen ; se nan kominikasyon ak Papa li li te jwenn fòs ansanm ak apot yo
pou yo retire move lespri sou moun yo.
Konsa, frè ak
sè m’ yo, nou pa dwe viv san nou pa retire yon ti moman apa pou n’ pale ak
Bondye nou an, paske se lapriyè a ki pou ba nou fòs pou nou kab lite kont tout
sa ki anpeche nou fè volonte Bondye. Se lapriyè k’ap ede nou rete soude ak
Bondye. Se gras a li nou ka rive gen bon konprann, pou nou travay pi byen pou
Wayòm syèl la, konsa n’a viv ak kè poze.
LAPRIYÈ: Avèk pouvwa ou Granmèt, tanpri al
touche tout moun ki malad lakay yo oubyen lopital, pou yo jwenn gerizon. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti tan pandan jounen sa a pou m’ pale ak Bondye Papa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario