Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Wete
vye leven an; paske yo sakrifye Pak nou
an, Jezikri”.
NAN PREMYE
LET PÒL EKRI MOUN KORENT YO 5, 1-8
Frè m’ yo :
Tout kote yo tande pale sou kesyon move plezi nan pami nou, yon kalite
move plezi yo pa jwenn ata nan pami nasyon yo; atèl pwen yon moun ki an nafè ak
madanm papa 1’. Epi n’ap gonfle kè nou! Pouki nou pa pran dèy pito, pou nou
wete sila a ki fè bagay sa a sot nan mitan nou. Mwen menm ki pa la ak kòm, men
ki prezan ak lespri m’, mwen deja fin jije sila a ki aji konsa a, kòmsi mwen te
prezan. O non Granmèt nou Jezikri, rasanble ansanm avèk lespri m’avèk pouvwa
Granmèt nou Jezi, pou nou renmèt kalite moun sa a nan men Satan pou chè a
detwi, dewa pou lespri a kapab sove nan jou Granmèt nou Jezikri.
Grandizè nou an pa bon. Èske nou
pa konnen yon ti kras leven gate tout pat la? Wete vye leven an, pou gen yon nouvo pat, paske nou se pen
san leven; reyèlman vre yo sakrifye Pak nou
an Jezikri. Konsa se pou nou fete, men se pa avèk vye leven, ni avèk
leven mechanste ak movèz fwa, men nan pen san leven senserite ak verite.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 5, 5-6. 7. 12 (r.: 9a)
R/ Granmèt, kondui m’ nan jistis ou a.
Sèke ou pa yon
Bondye ki renmen fot; mechan an pa abite kote ou,
Moun ki pa kòrèk yo pa rete devan je ou.R.
Ou rayi tout
moun ki fè enjistis, w’ap pèdi tout moun k’ap fè manti;
Granmèt la pa
vle wè moun san ak riz.R.
Tout moun ki
espere nan ou, se pou ou kontan, se pou yo
fete pou tout tan.
W’ap kouvri
yo ak lonbraj ou, y’ap jwenn bèlte yo nan ou
sila yo ki renmen non ou nan.R.
LEVANJIL
"Yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou
saba a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 6-11
Rive yon jou
Saba, li te antre nan yon kay reyinyon, li t’ap bay lansèyman. Te gen yon moun la, men dwat li te sèk.
Pwofesè yo ak
farizyen yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a, pou yo te jwenn dekwa
akize l’.
Li menm menm
li te konnen panse yo, li di moun nan ki te gen men l’ sèk la: "Leve,
kanpe nan mitan". Li leve, li kanpe.
Jezi di yo:
"M’ap poze nou kesyon: èske jou saba yo gen dwa fè dibyen, oubyen dimal;
sove yon lavi, oubyen pèdi l’?"
Li gade tout
moun alantou, li di moun nan: "Lonje men ou". Li lonje l’, men l’ vin enganm.
Yo menm yo te
plen raj, yo fè konplo antre yo pou yo wè sa pou yo fè ak Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
"Leve, kanpe nan mitan (…). Lonje
men ou"
Jodi
a, Jezi ba nou ekzanp libète a. Nan tan sa a nou si tèlman pale de sa. Men pou
fè diferans ant libète n’ap anonse epi nou viv la, libète Jezi ap pale nou an
se yon bagay ki makonnen ak zèv Papa li. Se Jezi menm ki di nou: «Pitit Bondye
a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tout sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou» (Jan 5, 19).
Tout sa Papa fè, se lanmou ki pouse li fè li.
Lanmou an pa fòse w’, men li pouse w’ aji, li
mete w’ an mouvman, li fè w’ gen bon kè.
Lòd sa a Jezi
pase nèg la: «Leve, kanpe nan
mitan», se yon pawòl ki gen fòs pou rekreye sila ki renmen an, e ki aji selon
pawòl la. Plis toujou, li di li: «lonje men ou» (Lik 6,10). Se konsa Jezi fè
yon mirak nan lavi moun sa ki ten men li sèk la, li fè li reprann fòs, li fè li
konnen yon lavi tou nèf. «Sove»
vle di wete yon moun nan lanmò, se sa mo geri a vle di tou. Antan Jezi geri nèg
la, li sove li, se yon siy lanmou Bondye pou sila li kreye a. Nan Jezi Bondye
fè nou konnen nouvo lwa a se lwa lanmou an, e li manifeste nan aksyon, nan
fason nou aji pou ede frè ak sè nou.
Konsa, sa ki pi
enpòtan jodi a, se lè nou fè libète a makonnen ak lanmou an, nan fason Jezi.
Sen Ogisten ede nou sonje vrè sans mo libète a lè li di nou: «Renmen epi fè sa
ou vle». Pa gen vrè libète san lanmou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, fè
gwo flanm lanmou limen nan kè nou pou renmen e sèvi pwochen nou, konsa n’ap sòti
nan prizon move santiman nou yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Si m’ renmen tout bon vre jan Bondye mande sa, m’ap lib tout bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario