Koulè Vèt
VENNTWAZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE
LEKTI
"Zorèy
moun soud yo louvri, lang moun baba yo louvri".
LEKTI
LIV PWOFÈT IZAYI 35, 4-7a
Di
moun ki fèb yo: "Kouraj, pa pè; men Bondye nou an ap pote vanjans, l’ap
renmèt yo sa yo te fè n’: Bondye li menm ap vini, l’ap sove nou".
Lè
sa a je avèg yo ap louvri, zòrèy moun soud yo ap louvri; lè sa a moun ki t’ap
bwate a ap vòltije tankou kabrit, lang moun ki baba yo ap lage; paske dlo
eklate nan savann nan, gran ravin dlo nan tè sèk la. Sa
k’ te sèk la ap vin tounen letan, sa k’ te swaf la ap vin tounen sous dlo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10 (r.: 2a)
R/ Fè lwanj Granmèt, nam
mwen.
Li menm ki kenbe verite
a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, ki bay moun ki grangou
yo manje, Granmèt la lage prizonye yo.R.
Granmèt la klere avèg
yo, Granmèt la drese sa k’ kraze yo, Granmèt la renmen sa k’ kòrèk yo, Granmèt
la pwoteje etranje yo.R.
Ofelen an ak vèv la,
li soutni yo, men chemen moun peche yo, li gaye yo.
Granmèt la ap kòmande
kòm wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM
LEKTI
"Èske
Bondye pa chwazi pòv yo pou eritye peyi wa a?"
LEKTI
LÈT APOT JAK KI SEN 2, 15
Frè
m’ yo, pa mele lafwa Granmèt nou an Jezikri ki nan bèlte a avèk konsiderasyon
moun. Paske, si nan reyinyon nou an gen yon moun ki antre avèk bag lò, rad
pwòp, epi tou gen yon pòv ki antre avèk rad sal, nou vire je kot sa k’ abiye ak
bèl rad la, epi nou di l’: "Ou menm, chita byen isit la"; kanta pou
pòv la menm, nou di l’: "Ou menm, chita laba a oubyen chita sou
macheskalye pye m’ yo"; èske nou pa jije nan kè nou, epi nou vin tounen
jij ki gen panse mechan?
Koute,
frè m’ yo mwen si tèlman renmen yo: Èske Bondye pa chwazi pòv yo sou tè sa a
pou yo rich nan lafwa a epi pou yo eritye peyi wa a, sa Bondye pwomèt moun ki
renmen l’ yo?
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Li
fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MAK 7, 31-37
Lè
sa a:
Jezi
sòti nan zòn Ti, li travèse Sidon, li rive jous nan lanmè Lagalile a, nan mitan
zòn Dekapòl la.
Yo
mennen yon moun soud ba li, moun nan te baba tou, yo t’ap lapriyè l’ pou l’
poze men sou li. Li pran l’ apa sot nan foul la, li mèt dwèt li nan zorèy li,
li krache, li touche lang li; li leve je nan syèl la, li pouse yon ti souf, li
di l’: "Efeta", sa vle di "Louvri". Menm lè a zorèy li
louvri, kòd lang li lage, li t’ap pale kòrèk.
Li
pase yo lòd pou yo pa di pèsonn sa. Men plis li t’ap pase lòd, se plis yo t’ap
preche sa.
Moun
yo te sezi anpil, yo t’ap di: "Li fè tout bagay byen: li fè moun soud yo
tande, li fè baba yo pale".
An
nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Premye Lekti a fè nou konprann ke tout moun se moun pou Bondye. Bondye pa dakò
enjistis. Bondye pa dakò inegalite.Konpasyon ak mizerikòd Bondye pa mezire pou
pèsonn. Se Bondye sèl ki ka konble dezi nou yo.
Nan
dezyèm Lekti a, Sen Jak mande pou nou viv daprè prensip nou antan ke moun k’ap
suiv Bondye sa a. Pafwa, menm anndan Legliz la, pandan n’ap preche pawòl Bondye
ki renmen tout moun menm jan, pandan n’ap fè lwanj pou Jezi ki te pote bay
malere yo Bòn Nouvèl la, la menm, nou konn ap meprize moun ki pa gen bèl rad
sou yo. Sa se ipokrizi.
Nan
Levanjil la, Jezi geri yon moun ki te soud ak baba. Se yon moun ki te izole, ki
pa t’ ka kominike. Kounye a li ka patisipe nan aktivite kominote a. Li ka tande
Bòn Nouvèl la, li ka eksprime jan Bondye bon.
Moun
yo te konn kite deyò a, moun yo pa t’okipe a, kounye a se li menm ki pi gwo
temwen Jezikri, poutèt jan Jezi te aji nan lavi li. Se sa siy Jezi bay la. Se
sa k’ te fè tout moun sezi, paske yo wè siy sa yo t’ap tann nan te gen tan rive
ak Jezi.
E
nou menm, kijan n’ap fè entegre moun ki pa gen vwa nan sosyete a? Depi se Jezi n’ap swiv, fò n’ dakò pou n’
akeyi tout moun nan kominote nou an, san nou pa gade si yo rich, si yo pòv.
Ki
siy, ki rezilta, n’ap bay onon Jezi?
Lè yo respekte dwa moun nan sosyete a, lè gason ak fanm gen yon relasyon egal
ego, lè sa a, nou kapab di nou te jwenn sa nou t’ap tann nan.
LAPRIYÈ:
Granmèt, pafwa m’ konn soud. Fè
m’ koute rèl moun k’ap soufri! Pafwa m’
konn baba tou. Fè m’ kapab anonse Bòn
Nouvèl ou a pou tout moun ki poko konnen li.Amèn.
PWOPOZISYON:
Lè m’ al Legliz jodi a, m’ap salye yon moun yo pa okipe. M’ap akeyi l’ onon
Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario