Koulè Blan
NESANS MARI
KI SEN, KI VYÈJ
Fèt
PREMYE LEKTI
«Lè pou l’ anfante a rive»
LEKTI LIV PWOFÈT MICHE 5, 2-5a
Men pawòl
Granmèt la:
«Kanta ou
menm, Bètleyèm Efrata, ou tou piti nan lame Jida yo; se nan ou l’ap sòti pou
mwen, sa a k’ap chèf nan Izrayèl la. Ras papa li sòti
depi nan kòmansman, depi nan jou lontan nèt yo. Se pou sa l’ap lage yo jous nan
tan an pou sa a ki gen pou l’ anfante a ap fè pitit la, epi rès frè l’ yo ap
tounen vin jwenn Izrayèl.
L’ap kanpe, l’ap
gadiyen mouton yo avèk fòs Granmèt la, avèk glwa non Granmèt Bondye l’ la; y’ap
tounen, paske koulye a l’ap jwenn gran konsiderasyon jous nan bout tè a. Li
menm l’ap lapè a».
OUBYEN:
«Sa yo Bondye chwazi davans yo, li pare plas pou
yo davans tou».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 28-30
Frè m’ yo:
Nou konnen
pou moun ki renmen Bondye, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo
vi n’ sen, daprè desizyon li pran davans. Reyèlman, sa yo li konnen depi davans
pou moun pa l’ yo, depi davans tou li pare yo pou yo vin pran menm fòm ak pòtre
Pitit li a, pou li menm li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo. Sa yo li fin pare davans la, li rele yo tou; sa yo li rele a, li fè yo vin
sen tou; sa yo li fè vin sen an, li ba yo glwa a tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
12, 6ab.6cd (r.: Iz 61, 10)
R/ Se pa ti kras kontan mwen kontan nan Granmèt la.
Kanta mwen menm
se nan mizerikòd ou a mwen espere.
Kè m’ap danse
nan delivrans ou a.R.
M’ap chante pou
Granmèt la, li fè m’ jwenn byen yo,
M’ap jwe mizik
pou non Granmèt la ki anwo nèt la.R.
LEVANJIL
(Pou pi kout, yo kapab kòmanse apati: Kanta Jezikri menm…)
«Sa a ki pran nesans nan li a, se nan Espri a li
sòti»
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ MATYE KI SEN 1,
1-16. 18-23
Liv [ras]
[anfantman] Jezikri, pitit David, pitit Abraam.
Abraam
anfante Izaak, Izaak menm anfante Jakòb, Jakòb menm anfante Jida ak frè l’yo. Jida anfante Farès ak Zara sot nan Tamar, Farès anfante Eswòn, Eswòn
anfante Aram, Aram anfante Aminadad. Aminadad anfante Naasòn, Naasòn anfante
Salmòn, Salmòn anfante Boòz sot nan Raab, Boòz anfante Obèd sot nan Rit, Obèd
anfante Jese, Jese anfante wa David.
Wa David anfante
Salomon sot nan sa a ki te madanm Iri a, Salomon anfante Roboam, Roboam anfante
Abia, Abia anfante Asa, Asa anfante Jozafat.Jozafat anfante Joram, Joram
anfante Ozyas, Ozyas anfante Joatam, Joatam anfante Akaz, Akaz anfante Ezekyas,
Ezekyas anfante Manase. Manase anfante Amon, Amon anfante Jozyas, Jozyas
anfante Jekonyas ak frè l’ yo, lè ekzil Babilòn nan.
Aprè ekzil
Babilòn nan, Jekonyas anfante Salatyèl, Salatyèl anfante Zowobabèl, Zorobabèl
anfante Abiyoud, Abiyoud anfante Elyakim, Elyakim anfante Azòr, Azòr anfante
Sadòk, Sadòk anfante Akim, Akim anfante Eliyoud, Eliyoud anfante Eleaza, Eleaza
anfante Matan, Matan anfante Jakòb. Jakòb menm anfante Jozèf, ki te marye ak
Mari; se nan Mari sa a menm Jezi pran nesans, li menm yo rele Kris la.
Kanta Jezikri menm, men ki jan li te fèt: Mari,
manman l’ te marye ak Jozèf; anvan yo vin abite ansanm, rive li vin ansent gras
a Espri Sen an; Jozèf menm, mari l’ la, kòm se te yon moun kòrèk, li pa t’ vle
denonse l’, li deside ranvwaye l’ an sekrè.
Pandan li t’ap kalkile sou sa, anj Granmèt la parèt
nan rèv, li di l’: «Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou an: sèke
sa a ki pran nesans nan li a, se nan Espri Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti
gason, w’ap rele non l’ Jezi; paske se li menm k’ap sovè pèp li a sot nan peche
l’ yo». Tout sa rive, pou reyalize sa Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la:
«Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, sa
vle di «Bondye avèk nou».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Pye bwa lafanmi kote nou dekouvri rasin
oubyen orijin Jezi a, se yon istwa ki montre nou kijan zèv Bondye a makonnen ak
listwa limanite epi kijan Bondye aji nan sekrè ak nan silans chak jou. An menm
tan tou, nou konstate kijan Bondye respekte fòmalite akonplisman pwomès li yo. Menm Rit
ak Raab (cf. Mt 1,5) etranje ki te konvèti pou yo te mete lafwa yo nan yon sèl
Bondye (epi Raab se te yon fanm movèz vi!) te zansèt Granmèt la.
Lespri
Sen an ki te dwe akonpli zèv Enkanasyon an nan Mari a, li penetre nan istwa nou
depi byen lwen, depi byen bonè, e li trase wout ki mennen kot Mari, moun
Nazarèt la, e gras a madanm sa nou jwenn wout ki mennen kot Jezi a. «Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon
ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl» (Mt 1,23). Se dispozisyon Mari te genyen nan zantray li, kè li
ak volonte li ki te atire atansyon Bondye Papa a ki te chwazi li pou li te vin
Manman Bondye-avèk-lèzòm, Li menm ki te
pral pote limyè a ak gras ki sot anwo a pou tout moun te ka jwenn liberasyon.
Bèl zèv sa Bondye reyalize a envite nou kontanple, admire epi adore nan
lapriyè, grandè, bon kè ak senplisite Bondye ki aji, ki leve e ki rachte
limanite antan li enplike tèt li pèsonèlman.
Pi lwen,
nan Levanjil jodi a, nou wè kijan yo te anonse Mari li ta pral pote Sovè mond
lan. An nou panse ke fanm sa a, ki vyèj e ki manman Jezi, ta manman nou tou.
Chwa espesyal sa a ke Granmèt la fè lè li chwazi Mari a- «ki beni pase tout
fanm» (Lik 1,42)- se yon chwa ki fè nou tonbe admire tandrès Granmèt la montre
nou nan fason li fè bagay yo, paske li pa rete a distans pou li lonje yon gòl
ba nou pou li wete nou nan twou a; men li sove nou antan li trase yon lyen trè
pèsonèl avèk limanite epi avèk istwa nou. Kilès ki te ka imajine yon Bondye si
tèlman gran ki gen parante ak nou lè l’ antre byen fon nan sa nou ye?
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri, bay sèvitè ou yo sekou gras syèl la, pou sa yo ki jwenn kòmansman sove
a lè Mari ki sen e ki Vyèj te vin manman an, yo rive jwenn plis lapè nan fèt
Nesans li a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Pran yon moman nan
jounen an pou kontanple Manman Mari nan fason li kolabore pou Sovè te ka rive
jwenn nou. Fè yon dizèn chaplè pou venere li epi di li mèsi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario