Páginas

SAMDI 17

Koulè Blan
PREMYE LEKTI: EFEZYEN 6, 10-13. 18
Chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Granmèt la ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: SÒM 15, 1-2a e 5. 7-8. 11 (r.: cf. 5a)
R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’ Bondye, paske mwen espere nan ou.
Mwen di Granmèt la: «Se Granmèt mwen ou ye,
Granmèt, posyon eritaj mwen ak kalis mwen:
Se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans;
Menm nannuit ren m’ ban m’ leson.
Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan,
Paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ap danse;
Menm chè m’ poze nan esperans.
Paske ou p’ap lage nanm mwen nan lanfè a,
Ou p’ap kite sen ou nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo,
Kè kontan k’ap debòde avèk fas ou,
Plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Si ou vle vin kòrèk nèt, ale, vann sa ou genyen».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 19, 16-21
Lè sa a:
Gen yon moun ki pwoche, li di Jezi: «Bon Mèt, ki sa pou m’ fè ki bon pou m’ gen lavi tout tan an»?
Li di l’: «Pouki sa w’ap poze m’ kesyon sou sa k’ bon an? Se yon sèl ki bon, se Bondye. Men si ou vle antre nan lavi a, obsève kòmandman yo».
Li di l’: «Kilès»?
Jezi menm di l’: «pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo-temwayaj, respekte papa ou ak manman ou, renmen pwochen ou tankou ou menm».
Jenòm nan di l’: «Mwen te kenbe tout bagay sa yo depi m’ tou jèn; ki sa m’ manke ankò»?
Jezi di l’: «Si ou vle vin kòrèk nèt, ale, vann sa ou genyen, bay pòv yo, w’ap gen yon trezò nan syèl la; epi vini, suiv mwen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, ak kè kontan n’ap sonje Sen Antwán, Abe. Se yon nan nèg ki pi popilè ki te make istwa Legliz la depi nan premye syèk yo, nan fason li te defann epi viv valè ansèyman Jezikri a.  Li te fèt nan peyi Lejip, li te viv ant twazyèm ak katriyèm syèk. Se te youn nan premye mwán nan Krisyanism la, li te yon modèl pou anpil lòt moun ki te vle viv pou Bondye nan silans, meditasyon ak travay. Aprè li te fin separe byen li bay pòv yo, li mete kò li nan dezè pou li te mennen yon lavi lapriyè ak penitans.
Pawòl Bondye pou jodi a, se yon envitasyon pou nou swiv oubyen kontinye mache avèk Jezi: «Vini, suiv mwen» (Mat 19,21). Sa fè kè nou cho paske antan n’ap sonje kalite modèl lavi Sen Antwán, nou wè depi nan kòmansman istwa li, Legliz la te gen tan klè sou metòd manb li yo dwe swiv: lapriyè, lapriyè, lapriyè. Tan yo ak sikonstans yo kapab chanje, nesesite pastoral yo kapab chanje, e yo ke menm mete an diskisyon fondman kwayans kretyen yo; men sa ki p’ap janm chanje, se chemen pou nou swiv Jezi a: lapriyè, lapriyè, lapriyè. Se nan lapriyè nou swiv Jezi, e se nan lapriyè nou kapab rive konnen Bondye.
Metòd lapriyè a, se yon metòd pou tout moun itilize. Mwán èmit yo, tankou Sen Antwán, yo ba nou yon temwayaj radikal ki dwe yon limyè pou klere lavi lòt yo. Se pa yon atitid (konpòtman) ekzajere, men yon chwa radikal, fèm, ki fèt ak desizyon, menm sa fèt pou pout renmen ki pa chita sou manti.
« VANN SA OU GENYEN…». Pou nou fè wout lapriyè a, fòk nou debarese nou ak tout bagay ki peze, ki lou. Si yon moun chaje li ak anpil bagay, ebyen li p’ap pale ni avèk Bondye ni avèk pèsonn: se pwòp tèt li ki enterese li! Ann pran leson nan men Kris la: Pitit Moun nan, kòm li pa t’ posede anyen, li pa t’ gen yon kote ki konfòtab pou li fèt, ni pou repoze tèt li pandan ministè piblik li, nan nan moman li t’ap rann dènye bout souf li.
«BAY PÒV YO». Abe Sen Antwán pa t’ pran wout dezè a pou li te demake moun yo, men se pou li te kapab ofri tèt li bay Bondye, epi nan fason sa, pou li te kapab konsakre tèt li nan sèvis lèzòm. Vrèman, genyen anpil moun ki t’al kote li pou fè menm wout ak li oubyen pou resevwa ankourajman konsèy li yo. Pap Franswa di nou: «Lapriyè ki fè Bondye plezi, se lapriyè ki sòti nan rankont pèsonèl ak Bondye pou mennen nou konsakre tèt nou nan sèvis lòt yo. »
LAPRIYÈ: Bondye, Antwán te chèf mwán, li vin sen. Ou te ba l’ gras pou l’ sèvi ou nan dezè a, antan l’ap pale avèk ou yon fason ekstrawòdinè; l’ap plede kòz nou. Fè nou konsidere tèt nou pou anyen, pou nou renmen ou plis pase tout bagay. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Nan yon atitid silans, pale ak Bondye. Pran tan pou koute vwa li. Koute li nan pòv la, koute li nan granmou yo ak nan ti moun yo. Koute li nan evènman chak jou nan lavi a.

1 comentario:

  1. Ou se Byenveni nan VANTAGE MEDICAL CENTER, isit la ou pral jwenn satisfaksyon maksimòm ke ou bezwen ak satisfaksyon ou se priyorite la. Mwen menm mwen te vle sèvi ak opòtinite sa a prezante tèt mwen, non mwen se Dr COLLINS, mwen se doktè a Vis nan òganizasyon ki pi wo a .. Nou kontra sou transplantasyon ren espesyal ak tretman nan tout kalite maladi ak maladi. Mwen vle ou konnen ke ou se sou bò dwat la kote ou ka vann ren ou OK.

    Imèl: infovantagemedicalcentre@gmail.com

    ResponderEliminar