Koulè
Vèt.
SIZYÈM DIMANCH
ÒDINÈ, ANE C.
PREMYE LEKTI
"Ala malè pou moun ki met konfyans
nan moun; ala kontantman pou moun ki met
konfyans nan Granmèt la".
LEKTI LIV PWOFÈT
JEREMI 17, 5-8
Men pawòl
Granmèt la:
"Ala malè
pou moun ki mèt konfyans nan moun, ki fè yon chè sèvi kòm bra l’, epi ki fè kè l’
rekile lwen Granmèt la. L’ap tankou yon bayawonn nan dezè, li p’ap wè klè byen an
ap rive; men l’ap abite nan kote ki sèk nan dezè, nan yon tè sale, kote moun pa
abite.
Ala kontantman
pou moun ki met konfyans nan Granmèt la, ki met esperans li nan Granmèt la, l’ap
tankou yon pye bwa yo transplante sou bò dlo yo, ki plonje rasin li yo nan frechè,
li p’ap pè lè chalè a ap rive: fèy li ap ret vèt, nan tan sechrès la li p’ap
nan tèt chaje, li p’ap janm manke donnen fui".
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 é 6 (r.: Ps 39,
5c)
R/ Ala kontantman pou moun ki mèt Granmèt
la kòm esperans li.
Ala kontantman
pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa krenn Bondye yo,
ki pa kanpe nan
chemen pechè yo,
ki pa chita nan
gwoup moun k’ap pase lalwa a nan jwèt yo;
men se nan lalwa
Granmèt la volonte l’ ye,
se nan lalwa l’
la l’ap medite lajounen kon lannuit.R.
L’ap tankou yon
pye bwa ki plante sou bò kouran dlo,
k’ap donnen fui
l’ nan tan li;
li p’ap pèdi
fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou
moun ki pa krenn Bondye yo, se pa konsa,
men y’ap tankou
pousyè van ap voye jete.
Sèke Granmèt la
konnen chemen moun kòrèk yo,
men wout moun
ki pa kòrèk yo ap peri.R.
DEZYÈM LEKTI
"Si Jezikri pa resisite, lafwa nou
pa vo anyen".
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 15, 12,16-20
Frè m’ yo:
Si y’ap preche
Jezikri resisite sot nan pami mò yo, kòman fè gen moun ki di nan pami nou, pa gen
kesyon rezireksyon mò yo?
Vrèman, si pa gen
rezireksyon mò yo, Jezikri pa resisite non plis tou. Si Jezikri pa resisite,
lafwa nou pa vo anyen; nou nan peche nou toujou. Konsa moun k’ap dòmi nan Jezikri
yo, yo peri. Si se pou lavi sa a sèlman n’ap espere nan Jezikri, nou pi mezerab
pase tout moun.
Koulye a Jezikri
resisite sot nan pami mò yo, premye fui nan pami sa k’ t’ap dòmi yo.
Pawòl Granmèt la.
LÉVANJIL
"Ala kontantman pou pòv yo. Ala
malè pou nou, rich yo" !
MEN BON NOUVEL
JEZIKRI A DAPRE SEN LIK 6, 17. 20-26
Lè sa a:
Jezi desann
avèk douz yo, li rete yon kote ki gen anpil pye bwa, ansanm ak foul disip li
yo, ak anpil pakèt foul moun ki sot nan tout Jide, Jerizalèm, nan rejyon bò
lanmè a, Tir ak Sidon.
Li leve je sou
disip li yo, li t’ap di: "Ala kontantman pou pòv yo, paske peyi-wa Bondye a,
li pou nou.
Ala kontantman
pou nou menm ki grangou koulye a, paske n’ap konble.
Ala kontantman
pou nou menm k’ap kriye, paske n’ap ri.
Ala kontantman
pou nou, lè moun yo ap rayi nou, lè y’ap eskominye nou, lè y’ap joure nou, lè y’ap
rejte non nou tankou bagay ki move, akoz Pitit moun nan. Fè kè nou kontan jou
sa a, danse: sèke men rekonpans nou anpil nan syèl la; se konsa papa yo te aji
ak pwofèt yo.
Sèlman ala malè
pou nou, nou menm ki rich yo, paske nou gen konsolasyon nou!
Ala malè pou
nou, nou menm ki konble, paske n’ap grangou!
Ala malè pou
nou, nou menm k’ap ri koulye a, paske n’ap gen lapenn, n’ap kriye!
Ala malè pou
nou, lè moun yo ap fè konpliman pou nou ! Se konsa papa yo te aji avèk fo-pwofèt
yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye.
▬ REFLEKSYON ▬
Te gen yon nèg rich ki t’ap viv nan yon bèl kay, li te antoure ak anpil
pye bwa, anpil frechè. Men li te gen yon gran vid nan lavi li. Li pa t’ gen
lafwa e li t’ap viv pou kont li ak anpil richès (sa vle di, anpil byen
materyèl).
Te gen yon
nèg ki ki te rele Jan, se te gadò bèf nèg pou nèg ki te pi rich nan zòn nan.
Jan t’ap viv ak fanmi li nan yon kay ki trè senp, li te yon kwayan, li te konn
lapriyè ansanm ak fanmi li e yo te konn ale legliz ansanm.
Yon maten,
nèg rich la t’ap kontanple tè li yo e li di: Tout sa yo se pou mwen.
Nan menm
moman sa a, gadò bèf la rive epi li di nèg rich la: yèswa mwen te fè yon rèv e
Granmèt la di mwen nèg ki pi rich nan zòn nan pral mouri nan mitan nuit la.
Mwen oblije di w’ sa, mwen espere ou p’ap fache pou sa.
Pa fatige w’,
mwen pa kwè nan rèv, retounen nan travay ou, epi bliye koze sa a.
Nèg rich
la te kòmanse panike epi li al wè doktè pou evalye sante li. Medsen an te di li
li anfòm epi li te rete anpil lòt ane pou viv.
Nèg rich
la santi yon ti soulajman men li santi li yon ti jan panike toujou akoz li te
gen dout. Li envite doktè a vin soupe lakay li epi li mande li rete ak li jiska
mitan nuit la.
Lè mitan
nuit la fin pase, li voye doktè a ale epi li di tèt li: nèg sòt sa yo rele Jan
an fè m’ pase yon move jounen, li menm ak rèv madichon li yo.
Li te fèk
kouche lè sonèt kay la sonnen. Li te minui trant (12:30). Lè li desann eskalye
a, li rankontre pitit fi Jan an nan pòt la.
Avèk dlo
nan je li, li di mesye a: manman m’ voye m’ vin di ou papa m’ mouri nan mitan
nuit la.
Mesye a
sezi, li rete san pale e tousuit li konprann nèg ki te pi rich nan zòn nan se
pa t’ li menm men se te gadò bèf la.
Kilès ki pi
rich e ki gen plis kè kontan nan mitan nou?
Bondye pa wè bagay yo menm jan ak nou.
Bondye pa jije moun menm jan ak nou.
Epitou, menm Jezi ki di nou jodi a se chans pou nou an, se li menm tou ki
di nou «malè pou nou…»
Levanjil la n’ap pwoklame a se yon bon nouvèl, se ‘‘fòs delivrans pou
moun ki kwè nan li’’, se sous benediksyon ak kè kontan. Se
levanjil ki pote chans la.
Kisa kè kontan an ye pou ou menm
oubyen pou mwen menm?
Mwen ta
gen kè kontan si mwen te gen bon jan lasante menm kansè sa a ap touye mwen.
Mwen ta
gen kè kontan si m’ te gen anpil lajan mena k salè mizè sa a…
Mwen ta gen kè kontan si fanm sa a
te renmen mwen men mwen pèdi rèv sa a.
Mwen ta
gen kè kontan si pitit mwen sa yo te kite fimen dwòg e bwè alkòl…
Mwen ta
gen kè kontan si mwen te gen yon bon travay…
Pou nou
menm, kè kontan an se zafè chans, lajan, siksè, lasante…
La
felicidad siempre la tiene otro, no yo, está en la televisión, no en mi casa,
está fuera de mi, nunca dentro de mi.
Kè kontan
an, lòt la toujou genyen li, mwen menm mwen pa genyen l’, li nan televizyon an,
li pa lakay mwen, li toujou deyò mwen, li pa janm anndan mwen.
Jezi
envite nou gade lavi a, viv li ak je Bondye. Pou Bondye, kè kontan an se yon
afè chwa (sa depan de sa ou chwazi).
Byen
chwazi se chwazi Jezi.
Byen
chwazi se chwazi lespri Jezi.
Byen
chwazi se chwazi kè kontan Jezi oubyen tristès Jezi.
Jezi, depi
nan mizè krèch Bètleyèm nan pou rive nan pobrete lakwa a, li se Mesi a, Bon
gadò pòv yo, sila yo ki gen dlo nan je yo ak sila yo k’ap sibi pèsekisyon.
Jezi se
sèl chwa nou, se sèl kè kontan nou.
Rich yo gen lajan, yo gen moun k’ap
ba yo sekirite, pa manke aliman sou tab yo, yo gen foto yo nan laprès, elatriye.
Yo gen tout bagay. Kisa pou yo fè
Bondye?
Yo deja
genyen kè kontan yo isit la kounye a. Yo deja genyen towo ki fèt ak lò a,
«bondye yo».
Nou se yon
pèp ki senp men ki gen kè kontan paske nou byen chwazi.
Nou vini
pou nou kite Bondye beni nou e chanje kè nou, pou nou apiye nou sou richès Jezi
a.
Aprè de
mil an (2000 an), li toujou fasil pou nou konprann diskou Jezi a.
Lanvi sa a
nou genyen pou nou pran tout bagay pou nou sèl la, se li menm ki cheni anndan
nou k’ap kale pitit e ki ka fè nou pèdi.
Lòm nan pa
kontan li ak sa li genyen, epi li pa dakò soufri, li vle posede tout bagay. Men se Bondye sèl ki kapab ranpli lòm nan.
Posede tout, genyen tout. Se pousa kè kontan an se yon kesyon chwa:
chwazi Bondye se chwazi tout, tout kè kontan isit la ak laba a.
LAPRIYE: Bondye, tanpri ede nou chwazi
w’ chak nou nan lavi nou. Konsa nou p’ap manke anyen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Kisa kè kontan an ye pou ou menm oubyen pou mwen menm?
No hay comentarios:
Publicar un comentario