Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Kayen leve kont frè l’ Abèl, li touye
l’".
LEKTI LIV LAJENÈZ 4, 1-15. 25
Adan vin gen relasyon avèk madanm li Èv, ki vin ansent,
epi ki fè Kayen, li di: "Mwen posede yon moun gras a Bondye". Aprè sa li fè frè l’ la
Abèl. Abèl menm te gadyen mouton, Kayen te kiltivatè.
Aprè anpil jou, rive Kayen t’al ofri nan fwi tè a kòm
kado pou Granmèt la. Abèl tou te ofri nan premye pitit mouton l’ yo, ak nan
grès yo. Granmèt la voye je sou Abèl ak sou kado l’ yo; men kanta Kayen menm ak
kado l’ yo, li pa gade yo. Kayen fache anpil, figi l’ vin fennen.
Granmèt la di l’: "Pouki sa ou fache a? epi pouki sa
figi ou fennen an ? Èske si ou aji byen, ou p’ap jwenn rekonpans; otreman si ou
aji mal, menm lè a peche a kanpe nan papòt la? Men se anba ou anvi l’ap ye, se
ou menm k’ap kraze l’".Kayen di Abèl frè l’ la: "An nou sòti
deyò". Lè yo rive nan jaden, Kayen leve kont frè l’ Abèl, li touye l’.
Granmèt la di Kayen: "Kot Abèl frè w’ la”?
Li reponn: "Mwen pa konnen; èske se gadyen
frè m’ nan mwen ye”?
Li di l’: "Ki sa
ou fè? Vwa san frè ou la ap rele kote m’ sot nan tè a. Koulye a madichon pou ou
sou tè a, ki louvri bouch li, ki resevwa san frè ou la sot nan men ou. Lè w’ap
travay li, tè a p’ap ba ou fwi l’ yo; se moun ki san kay ak san peyi w’ap ye
sou tè a".
Kayen di Granmèt la:
"Krim mwen an twò gran pou m’ jwenn padon. Men ou rejte m’ jodi a sot sou
fas tè a, mwen kache lwen fas ou, m’ap san kay ak san peyi sou tè a; konsa tout
moun ki jwenn mwen, l’ap touye m’".
Granmèt la di l’:
"Pa ditou, sa p’ap fèt konsa; men tout moun k’ap touye Kayen, y’ap pini l’
sèt fwa plis". Granmèt la mete yon siy sou Kayen, pou tout moun ki jwenn
li pa touye l’.
Adan vin gen relasyon
ankò avèk madanm li, li fè yon ti gason, li rele non l’ Sèt, li di:
"Bondye ban m’ yon lòt desandans nan plas Abèl, sa Kayen te touye a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49,
1 e 8. 16bc-17. 20-21 (r.:
14a)
R/ Ofri sakrifis lwanj bay
Bondye.
Bondye dye yo Granmèt la pale, li rele tè a depi kot
solèy leve jous kote l’ kouche.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou;
sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan.R.
Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete
testaman m’ nan nan bouch ou?
Epoutan ou rayi disiplin, ou voye pawòl mwne yo jete
dèyè do ou.R.
Lè ou chita, se kont frè ou w’ap pale, se kont pitit
manman ou w’ap di bagay pou ou avili l’.
Se bagay sa yo ou te fè, epi mwen te pe bouch.
Ou te konprann mwen te sanble avèk ou: m’ap fè ou
eksplikasyon, m’ap drese yo kont fas ou.R.
LEVANJIL
"Pouki sa ras sa a ap mande siy nan"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 8, 11-13
Lè sa a :
Farizyen yo sòti, yo kòmanse ap diskite avèk Jezi,
y’ap chèche pou l’ bay yon siy ki sot nan syèl la, pou yo tante l’. Li plenn nan lespri l’, li
di: "Pouki sa ras sa a ap chèche siy nan? Amèn mwen di nou, yo p’ap bay
ras sa a siy".
Li voye yo al fè wout yo, li monte ankò nan batiman an,
1’al fè wout li lòt bò lanmè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
▬ REFLEKSYON ▬
Jodi a, Levanjil la sanble pa aprann nou anpil bagay ni
sou Jezi ni sou nou menm. «Poukisa ras sa
a ap mande siy nan?» (Mk 8,12). Pou kòmante pasaj sa a, Sen Jan Pòl II te
di: «Jezi envite nou disène pawòl ak zèv ki bay temwayaj (yo se siy) sou vini
Wayòm Papa a».
Nou ta di ke Juif
yo ki t’ap poze Jezi kesyon, yo te manke kapasite oubyen volonte pou disène siy
sa a vrèman vre ki se tout aksyon, tout zèv ak pawòl Granmèt la.
Jodi a, gen moun ki kontinye ap mande Jezi siy: Se
pou Li fè prezans li yon bagay ki parèt aklè, se pou Li di nou klè sa nou dwe
fè. Pap la fè nou wè ke Jezi refize bay juif yo (kidonk, nou menm tou) siy,
paske li vle «chanje lojik mond lan k’ap chèche siy pou konfime dezi li gen pou
afime pwòp tèt li ak puisans lèzòm». Juif yo pa t’ vle nenpòt siy; yo te vle
yon siy ki te endike ke Jezi se te vrèman kalite Mesi yo t’ap tann nan. Yo pa
t’ap tann yon moun ki t’ap vini pou sove yo, men yon moun ki t’ap ba yo rezon
nan fason yo t’ap aji».
Finalman, lè juif nan tan Jezi yo (ak kretyen
jounen jodi a) mande siy – yon fason oubyen yon lòt- sa yo fè, ebyen se mande
yo mande Bondye pou Li aji menm jan avèk yo, nan fason pa yo, fason yo kwè ki
pi bon e ki, nan fason sa a, kore fason yo aji. E Bondye ki konnen e ki ka fè
plis (se pou sa nan «Papa Nou» an nou mande pou volonte li fèt), li gen chemen
pa li, menm si li parèt difisil pou nou konprann sa. Men li kite moun k’ap
chache li jwenn li e, si nou mande li disènman, Li va fè nou konprann sa ki
estil pa li e kijan nou ka dekouvri siy li yo nan tan n’ap viv la.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki pa janm bouke pale ak lèzòm,
se nan Jezi ki te tounen moun nou dekouvri kijan ou renmen nou epi ou vle sove
nou, tanpri ede m’ dekouvri nan ki siy w’ap kominike avèk mwen jodi a.
PWOPOZISYON: M’ap
eksplike kèk moun siyifikasyon siy ak senbòl yo nan Legliz Katolik la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario