Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"M’ap efase moun nan mwen te kreye a sot sou
fas tè a".
LEKTI LIV LAJENÈZ 6, 5-8; 7. 1-5. 10
Lè Bondye wè kijan mechanste moun yo te anpil sou tè a,
kijan tout panse kè yo te dirije nan mal tout tan, li regrèt li te fè moun nan
sou tè a. Li santi kè l’ fè l’ mal ak doulè sou pa andan, li di: "M’ap
efase moun nan mwen te kreye a sot sou fas tè a, depi moun jous sou bèt, depi
sa k’ap glise atè jous sou zwazo syèl yo; sèke mwen regrèt mwen te fè
yo".Men Noe te jwenn gras devan Granmèt la.
Granmèt la di l’: "Antre nan ach la, ni ou
menm ni tout kay ou a ; paske se ou menm mwen wè ki kòrèk devan m’ nan ras sa
a. Nan tout bèt ki pwòp yo, pran sèt ak sèt, mal ak femèl ; nan bèt yo ki pa
pwòp yo menm se de ak de, mal ak femèl. Nan zwazo syèl yo tout se sèt ak sèt,
mal ak femèl, pou ras la kapab sove sou fas tout tè a. Sèke nan kèk tan ankò,
aprè sèt jou, m’ap fè lapli tonbe sou tè a pandan karant jou ak karant nuit,
m’ap efase tout vivan mwen te fè, sot sou fas tè a.
Noe fè tout sa Granmèt la te mande l’. Lè sèt jou
yo fi n’ pase, dlo delij yo kouvri anlè tè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 28,
la e 2. 3ac-4. 3b e 9b-10 (r.: llb)
R/ Granmèt la ap beni pèp li
a nan lapè.
Pote bay Granmèt la, pitit Bondye yo,
Pote bay Granmèt la glwa non l’,
Adore Granmèt la nan glwa ki sen an.R.
Vwa Granmèt la sou dlo yo,
Granmèt la sou dlo yo ki anpil yo.
Vwa Granmèt la nan pouvwa,
vwa Granmèt la nan grandè.R.
Bondye grandè a fè tande vwa l’;
nan tanp li
a tout moun rele viv.
Granmèt la abite anlè delij la,
Granmèt la ap chita kòm wa pou tout tan.R.
LEVANJIL
"Fè atansyon leven Farizyen yo ak pa Ewòd la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 8, 14- 21
Lè sa a:
Disip yo te bliye pran pen, yo pa t’ gen pen avèk yo nan
batiman an, sof yon sèl. Jezi pase yo lòd, li di: "Fè atansyon leven
Farizyen yo, ak leven Ewòd la".
Yo t’ap kalkile youn ak lòt, yo t’ap di: "Se paske
nou pa gen pen yo".
Li menm li konn sa, Jezi di yo: "Pouki sa n’ap
kalkile di se paske nou pa gen pen an? Èske nou pa konnen, èske nou pa
konprann? Èske kè nou bouche toujou? Èske nou gen je epi nou pa wè? Èske nou
gen zòrèy epi nou pa tande? Èske nou pa sonje? Lè mwen te kase senk pen yo pou
senk mil la, konbyen panye plen moso nou te ranmase"?
Yo di l’: "Douz".
"Lè se te sèt pen yo pou kat mil la, konbyen panye
moso nou te ranmase"?
Yo di l’: "Sèt".
Li t’ap di yo: "Kòman fè nou pa ko konprann
toujou"?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
▬ REFLEKSYON ▬
Jodi a, yon lòt fwa ankò, nou wè kijan Jezi Granmèt la
fèm. Li aji yon fason ki etone nou, paske li pa fè menm jan ak tout moun, li
original.
Li sot akonpli kèk
mirak e li sou wout pou li ale nan yon lòt sektè, yon lòt zòn, kote sous lagras
Bondye a dwe rive. Se nan kontèks mirak sa a ke yon nouvo gwoup moun t’ap tann
li e li di yo: «Fè atansyon leven
Farizyen yo, ak leven Ewòd la»(Mk 8,15), paske farizyen yo ak moun Ewòd yo,
pa vle yo konnen gras Bondye a e yo pase tan yo ap simen zizani nan mond lan.
Lafwa pa depann de zèv,
paske «yon lafwa ke nou menm nou ka detèmine
se pa yon lafwa» (Benwa XVI). Okontrè, se sèv yo ki depann de lafwa a. Yon
lafwa ki vrè, se yon lafwa an aksyon, dinamik; se pa yon lafwa kondisyone e ki
sipèfisyèl, yon lafwa sou po ki chita sou aparans…Lafwa nou dwe yon lafwa
reyèl. Fòk nou gade avèk je Bondye, se pa avèk nou kòm pechè: «Kòman fè nou pa ko konprann toujou»? (Mk
8, 17).
Wayòm Bondye a gaye toupatou nan mond la tankou lè yo
mete yon dòz leven nan yon pat: li devlope san pèsonn pa konnen kòman. Se konsa
vrè lafwa a dwe ye, li dwe grandi nan renmen Bondye. Se poutèt sa anyen ni
pèsonn pa ka detounen nou nan vrè rankont avèk Granmèt la ak mesaj li a ki gen
pouvwa pou sove nou an. Granmèt la pa pèdi okazyon pou li anseye nou li e
se sa li kontinye ap fè jodi a, nan tan n’ap viv la:
«Nou dwe libere nou
ak fo lide ki vle fè n’ kwè ke lafwa pa gen anyen ankò pou di moun k’ap viv nan
epòk nou an» (Benwa XVI).
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen kwè, men tanpri, vin pote m’ sekou:
ogmante lafwa mwen.
PWOPOZISYON: Kisa mwen kwè lafwa ka
rezoud pou mwen nan tan m’ap viv la? M’ap reflechi sou kalite lafwa mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario