Páginas

MЀKREDI 20-2-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Li gade, li wè fas tè a te seche".
NAN LIV LAJENÈZ 8, 6-13. 20-22
Lè karant jou fin pase, Noe louvri fenèt ach la, sa l’ te fè a, li lage gragra a; ki sòti, men ki pa tounen, joustan dlo yo te fin seche sou tè a.
Li voye toutrèl la apre l’ pou l’ wè si dlo yo te deja sispann sou fas tè a. Kòm li pa jwenn kote pou l’ poze pye l’, li tounen kote l’ nan ach la, sèke dlo yo te sou tout tè a. Li lonje men l’, li fè l’ antre nan ach la. Li tann ankò sèt lòt jou, li lage toutrèl la sot nan ach la. Toutrèl la vin tounen nan aswè, li pote yon ramo pye oliv ak fèy li tou vèt nan bèk li. Konsa Noe aprann dlo yo te sispann sou tè a. Li tann kan menm sèt lòt jou, li voye toutrèl la, ki pa tounen ankò kote l’.
Konsa nan ane sisan-en, premye mwa a, premye jou mwa a, dlo yo te bese sot sou tè a, Noe louvri kouvèti ach la, li gade, li wè fas tè a te seche.
Noe bati yon lotèl pou Granmèt la; li pran nan tout bèt ak zwazo ki pwòp yo, li ofri yon sakrifis sou lotèl la. Granmèt la pran sant lodè a ki bon, li di: "Mwen p’ap janm madichonnen tè a poutèt lèzòm ankò, paske entelijans ak panse kè moun nan panche nan mal depi l’ tou piti; Mwen p’ap frape tout vivan yo ankò, jan m’ te fè a. Pandan tout jou tè a, semans ak rekòlt, fredi ak chalè, tan cho ak tan frèt nannuit ak lajounen p’ap sispann".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 12-13. 14-15. 18-19 (r.: 17a)
R/ M’ap ofri sakrifis lwanj ba ou, Granmèt.
Ki sa pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
Sa m’ te pwomèt Granmèt la, m’ap renmèt yo devan tout pèp li a.
Li gen valè devan je Granmèt la, lanmò sen l’ yo.R.
M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp li a;
nan kay Granmèt la, nan mitan ou, Jerizalèm.R.
LEVANJIL
"Avèg la geri atèl pwen li te wè bagay byen klè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 22-26
Lè sa a:
Jezi rive Betsayid avèk disip li yo: yo mennen yon avèg ba li, yo t’ap lapriyè l’ pou l’ touche l’. Li pran men avèg la, li fè l’ sòti andeyò bouk la; li krache nan je l’, li poze men l’ sou li, li mande l’ si l’ te wè kichòy. Li kòmanse wè, li di: "Moun wè moun yo tankou se pye bwa k’ap mache".
Aprè sa li poze men l’ sou je l’ ankò; li kòmanse wè, li vin geri, atèl pwen li te wè tout bagay byen klè.
Li voye l’ lakay li, li di l’: "Ale lakay ou, epi si ou antre nan bouk la, piga ou di pèsòn sa".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Premye Lekti a di nou Noe tann 40 jou pase (aprè Delij la = gwo inondasyon an), li ouvè fenèt ach la li lage yon gragra ki sòti ki pa tounen. Chif  karant la senbolik. Kèk moun ki reflechi sou chif sa a nan Ansyen Testaman konsidere l’ tankou yon tan preparasyon. Nan sans sa, anpil moun panse karantan se laj pou moun aprann byen rezone, byen reflechi, byen panse (laj matirite).
Pwofèt Eli te pase karant jou ap mache avan li te rive sou mòn Orèb la. (1R19, 8), Moyiz te gade Mouton tonton l’ Jetwo pandan karant ane (Ez.23-24). E se karant ane tou Pèp Izrayèl la te pase nan esklavaj epi li te bezwen menm kantite tan sa pou l’ travèse dezè a pou l’ te rive nan tè Bondye te pwomèt la (Jij13, 1).
Nan Nouvo Testaman an, tan sa parèt kòm yon tan eprèv, puiske Jezi pral pase karant jou ak karant nwit nan dezè a ap lapriyè avan satan te vin tante l’ (Mt4, 2). Jezi pase Karant jou sou tè a avan li monte nan syèl la aprè li leve byen vivan sòti pami mò yo (Travay 1,3).
 Nou kapab konsidere tou, peryòd 40 lane a, se yon tan ki separe yon jenerasyon ak yon lòt, youn ale, lòt la pran larelèv. Men sa ki pi enpòtan nou kapab konsidere, nan tan n’ap viv la, Bondye kapab toujou kontinye fè menm mèvèy li te konn fè pou pèp li a. 
Menm si gen anpil menas pou lavi nou (pa ekzanp : katastwòf natirèl ak changman klima) nou pa dwe pèdi lafwa nan Bondye ki te kreye nou, ki renmen nou e ki vle sove nou. L’ap sove nou anba tout antrav, tout mal fizik, moral ak espirityèl k’ap boulvèse lavi nou. Se sa nou dekouvri nan Levanjil jodi a.
Levanjelis Mak rakonte istwa delivrans yon avèg : «Avèg la geri atèl pwen li te wè bagay byen klè».
Mirak Jezi fè jodi a montre nou kòman lafwa a se yon pwosesis. Li geri avèg la an 2 etap. Lafwa se pa yon bagay ki rive tankou yon kout zèklè, men anpil fwa nou dwe swiv yon pwosesis ki k’ap fè nou vin pi pre limyè a pou nou kapab wè byen klè.
Premye pa nou fè nan lafwa (sa vle di, lè nou kòmanse wè reyalite atravè limyè Bondye), sa se deja yon rezon pou kè nou kontan, tankou Sen Ogisten di nou sa: «Frè m’ yo, depi je nou geri, kisa ki gen plis valè ke nou ta kapab genyen? Se chans pou moun ki wè limyè sa, limyè ki klere sòti nan syèl la. Moun ki pa ka wè limyè sa, ala pòv yo pòv!»
Jezi rive Betsayid avèk disip li yo: yo mennen yon avèg ba li, yo t’ap lapriyè l’ pou l’ touche l’. Sòti Jezi sòti avèk li an deyò bouk la, sa gen yon siyifikasyon espesyal. Èske sa ta vle di, nou dwe sòti nan nou menm, nan anviwònman kote nou ye chak jou ki ranpli ak bwi, pou nou kapab tande pawòl Bondye, k’ap fè nou dekouvri vrè limyè a?
«Lè Jezi te rive an deyò bouk la, li krache nan je avèg la, li poze men l’ sou li, li mande l’ si l’ te wè kichòy» (Lik 8,23).
Jès sa a fè nou sonje Batèm nan: nan batèm nan, se pa krache Jezi krache nou ankò, men se tranpe li tranpe tout sa nou ye nan dlo delivrans la, e li mande nou pandan tout lavi nou kisa nou wè ak limyè lafwa a.
«Aprè sa li poze men l’ sou je l’ ankò; li kòmanse wè, li vin geri, atèl pwen li te wè tout bagay byen klè» (Lik 8,25.
Dezyèm etap sa a fè nou sonje Sakreman Konfimasyon an, kote nou resevwa Lespri Sen an ki fè nou vin granmoun nan lafwa e ki fè nou kapab wè klè. Si nou sèlman resevwa Batèm nan epi nou bliye Konfimasyon an, n’ap kapab wè men nou p’ap fin wè tout bagay byen klè».
Aprè premye entevansyon Jezi a, avèg la pa wè klè, li di Jezi: «Mwen wè moun yo tankou se pye bwa k’ap mache». Se te yon gerizon fizik; men dezyèm nan se espirityèl sa pèmèt li wè byen reyalite a. Nou menm tou, je nou kapab kale men nou pa wè, paske peche bouche je nou. 
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt devan difikilte ak pwoblèm lavi a, nou sanble souvan ak nèg sa a ki te avèg la. Tanpri, ede nou wè klè. Fè nou kapab wè vizaj ou nan vizaj frè ak sè nou yo. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap fè atansyon pou mwen pa tounen yon obstak pou lòt yo k’ap chèche wè vizaj Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario