Koulè Vèt.
PREMYE
LEKTI
"Granmèt la voye l’ ale sot nan paradi plezi
a, pou l’ travay tè a".
LEKTI LIV LAJENÈZ 3,
9-24
Granmèt la rele Adan, li di l’: "Kote nou”?
Li di: "Mwen te tande vwa ou nan jaden an, mwen te
pè, paske mwen te nikò, mwen te kache kò m’".
Li di l’:"Kilès ki te montre ou ou te ni-kò, si se
pa paske ou te manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa t’ manje
ladan l’ nan”?
Adan di: "Se madanm nan ou te ban mwen kòm asosye a,
ki ban mwen nan pye bwa a, mwen manje.
Granmèt Bondye di madanm nan: "Pouki sa ou fè sa a”?
Li reponn: "Se sèpan an ki twonpe m’, mwen
manje".
Granmèt Bondye di sèpan an: "Poutèt ou fè sa,
madichon pou ou nan pami tout vivan ak bèt sou tè a: sou lestomak ou w’ap
mache, se tè w’ap manje tou le jou lavi ou. M’ap met rayisans ant ou menm ak
madanm nan, ant ras ou ak ras pa l’; li menm madanm nan l’ap kraze tèt ou, ou
menm w’ap mete pyèj pou li nan talon l’".
Madanm nan tou, li di l’: "M’ap fè ou soufri anpil
lè w’ap ansent; se nan doulè w’ap anfante pitit yo, w’ap anba pouvwa mari a, li
menm l’ap kòmande sou ou".
Kanta pou Adan menm li di: "Poutèt ou koute vwa
madanm ou, ou manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa manje ladan
l’ nan, tè a madichonnen nan travay ou; se nan redi w’ap manje ladan l’ tout
jou lavi ou. Se pikan ak chadwon l’ap jèmen pou ou, w’ap manje zèb tè a. Se nan
swe figi ou w’ap manje pen, joustan ou tounen nan tè a, kote yo te pran ou nan;
paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè w’ap tounen".
Adan rele non madanm li "Èv", paske se manman
tout vivan yo li te ye.
Granmèt Bondye fè rad ak po bèt pou Adan ak madanm li, li
abiye yo, li di: "Men Adan vin tounen tankou youn nan nou, antan l’ konnen
byen ak mal; koulye a pinga l’ lonje men l’ pou l’ pran nan pye bwa lavi a, pou
l’ manje, pou l’ viv tout tan.
Granmèt Bondye voye l’ale sot nan paradi plezi a, pou l’
travay tè a, kote yo te pran l’ nan. Li chase Adan, li plase Cheriben devan
paradi plezi a ak yon epe k’ap flanbe, k’ap vire nan tout sans, pou l’ veye sou
wout pye bwa lavi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89,
2. 3-4. 5-6. 12-13 (r.: 1)
R/ Granmèt, ou sèvi nou kachèt, sot nan jenerasyon
al nan jenerasyon.
Anvan mòn yo fèt oubyen tè a ak fas tè a gen
nesans,
depi tout tan epi jous
pou tout tan ou se Bondye.R.
Ou fè moun nan tounen
nan pousyè; ou di: "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je
ou se tankou jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Ou fè dòmi tonbe sou
yo, nan maten, y’ap tankou zèb k’ap pouse:
nan maten li fleri, li grandi, nan aswè, li
fennen, li seche.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou mete kè nou
nan chemen sajès la.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Pran pitye pou sèvitè
ou yo.R.
LEVANJIL
"Yo manje, yo gen vant plen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 8, 1-10
Jou sa yo ankò, kòm
foul la te anpil, epi yo pa t’ gen anyen pou yo te manje, Jezi rele disip li
yo, li di yo: "Mwen gen pitye sou foul la, paske men deja twa jou yo kanpe
avèk mwen, epi yo pa gen anyen pou yo manje; si m’ ranvwaye yo san manje lakay
yo, y’ap tonbe feblès sou wout la: kèk nan yo menm vin sot byen lwen".
Disip li yo reponn li: "Kote yon moun kapab bay moun
sa yo manje pou satisfè apeti yo isit la nan dezè a”?
Li poze yo kesyon: "Konbyen pen nou genyen”?
Yo di: "Sèt".
Li pase foul la lòd pou l’ kouche atè a li pran sèt pen
yo, li di Bondye mèsi, li bay disip li yo pou yo ofri yo, yo ofri foul la. Yo
te gen kèk ti pwason, li beni yo, li pase lòd pou yo ofri yo.
Moun yo manje, apeti yo satisfè; yo ranmase sa k’ te rete
nan moso yo, sèt panye. Epoutan moun ki te manje yo, yo te anviwon kat mil, epi
li ranvwaye yo.
Menm lè a li monte nan batiman an avèk disip li yo, li
rive nan rejyon Dalmanouta.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
▬ REFLEKSYON ▬
Nan premye lekti a nou wè jan Bondye te kreye lèzòm pou l’ te ka viv byen,
li te mete yo nan paradi, men dezobeyisans yo fè yo pèdi privilèj sa.
Pafwa, lè nou reflechi sou pasaj sa nou toujou
pre pou nou jije Adan ak Èv, poutan nou kontinye komèt menm peche ak yo, nou kontinye
repete menm istwa sa. Kot peche Adan ak
Èv la te ye? Nan desobeyi lòd Granmèt la, menm jan tou, chak jou nou vire
do bay Granmèt la, nou pa vle fè sa l’ di nou fè; sa vle di nou aji menm jan ak premye paran nou yo.
Se poutèt sa nan jounen jodi a, Bondye vle nou ekzamine atitid nou, si nou vle yon chanjman nan lavi nou.
Li toujou pre pou li refè lavi a avèk nou, malgre li fè n’ santi konsekans
peche nou.
Nou wè jan li fè yon vètman pou l’ kouvri Adan ak
Èv e malgre li di yo pou yo travay pou yo ka repwodwi, li kite yo viv sou tè a.
Se konsa Bondye nou an ye, se yon papa bon kè, li toujou la pou l’ resevwa nou
lè nou retounen nan pye l’.
Men atitid konpasyon ak mizerikòd Granmèt la, nou
wè l’ nan Levanjil la: Jezikri ap panse ak nesesite foul moun ki t’ap suiv li
a, li pa t’ vle voye yo lakay yo san manje, li konen yo te gen tan koute pawòl
li a, ki se pen espirityèl la; men tou li panse ak pen materyèl la, se poutèt
sa li mande disip yo pou yo te chèche dekwa pou bay foul la manje. Se menm jan
tou Granmèt la bay tèt li pwoblèm pou nou, li vle poun n’ viv ak diyite, pou
nou tout jwenn manje ak nouriti pou n’ viv.
An menm tan tou,
menm jan ak disip li yo li mande n’ pou nou kolabore pou n’ kapab ede
frè ak sè n’ yo jwenn dekwa pou yo viv. Li vle n’ ouvri je n’ pou nou wè bezwen
lòt yo, pa sèlman panse ak sitiyasyon pa nou, men tou panse ak lòt yo, konsa l’a
mitilpiye jenewozite ak bòn volonte n’.
LAPRIYÈ:
Granmèt, mèsi pou tout sa ou fè nan lavi m’; mèsi pou mizerikòd ak konpasyon
ou. Ede m’ obeyi lòd ou yo, montre m’ pataje sa m’ genyen ak moun ki nan bezwen.
Amèn
PROPOSISYON:M’ap pran yon ti tan jodi
a pou m’ pataje ak yon lòt moun ti mesaj sa. M’ap kòmanse nan fanmi m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario