Páginas

LENDI 2

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk".
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 9, 4b-10
M’ap lapriyè ou, Granmèt, Bondye ki gran, ki terib, ki kenbe kontra a ak kè sansib la pou moun ki renmen w’ yo epi ki kenbe kòmandman w’ yo.
Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk, nou aji san nou pa respekte ou, nou vire do nou, nou devye sot nan kòmandman w’ yo ak jijman w’ yo; nou pa t’ obeyi sèvitè ou pwofèt yo, ki te pale o non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp peyi a.
Se pou ou, Granmèt, jistis la: nou menm menm se pou nou lawont nan figi a, jan sa ye Jodi a pou moun Jida ak pou moun ki abite Jerizalèm yo ak pou tout Izrayèl la, ni pou moun ki tou pre yo, ni pou moun ki lwen yo sou tout tè a, kote ou te voye yo an egzil poutèt peche yo te fè kont ou menm menm.
Granmèt, pou nou menm se lawont nan figi a, pou wa nou yo, pou chèf nou yo ak zansèt nou yo, ki te fè peche yo. Kanta pou ou menm menm, Granmèt Bondye nou, se kè sansib ak padon, paske nou vire do ba ou, nou pa t’ koute vwa Granmèt Bondye nou an, pou nou te mache nan lalwa l’ la, sa l’ te ba nou pa lentèmedyè sèvitè l’ yo pwofèt yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 78, 8. 9. 11 e 13
R/ Granmèt, se pa daprè peche nou yo pou w’ aji avèk nou.
Pa sonje peche zansèt nou yo, fè vit pou kè sansib ou pran devan nou, paske nou vin pòv anpil.R.
Pote nou sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen peche nou yo, poutèt non ou.R.
Se pou l’ antre devan fas ou, rèl prizonye yo; daprè grandè bra ou kite rès pitit lanmò yo.R.
Nou menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè lwanj ou tout tan; pou jenerasyon ak jenerasyon, n’ap anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Padonnen, y’ap padonnen nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 36-38
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib. Pa jije, yo p’ap jije nou; pa kondane, yo p’ap kondane nou; padonnen, y’ap padonnen nou.
Bay, y’ap ba nou: se yon mezi ki bon, ki byen foule, ki byen souke, k’ap debòde, y’ap mete nan pli rad nou. Nan menm mezi n’ap mezire a, se ladan l’ y’ap mezire pou nou tou, se ladan l’ y’ap renmèt nou".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Sansiblite ak mizerikòd, se de kalite pawòl Bondye a envite nou kiltive jodi a. Padon ak kè sansib se de gran atitid Granmèt la toujou manifeste souvan an favè nou.
Nan premye lekti a, yo montre nou kòman Bondye genyen konpasyon pou pèp li a. Pèp la dezobeyi, li fè sa ki lèd, men Bondye toujou montre li kijan li renmen li, li pran pasyans ak li. Bondye pa gade sou jan nou kondui tèt nou anpil fwa menm jan ak pèp Izrayèl la, pou li montre nou kè sansib li, pou li toujou delivre nou nan sitiyasyon malouk nou ye. Menm lè nou fin pèdi nan sa ki pa bon, kè sansib li fè li rachte nou. Konsa, zafè kè sansib la se yon bagay ki dwe toujou prezan nan lavi nou, se yon bagay ki konsène nou. Nan tout sa ki sou latè, se nou menm lèzòm ki genyen kapasite sa a. Lè nou gade zanimo yo, se gwo manje piti, epi tou lè pye bwa yo ap grandi se devan devan nèt, men nou menm lèzòm sa pa dwe konsa, paske nou dwe toujou manifeste kè sansib youn pou lòt. Se sa li ta dwe ye, paske nan reyalite lavi a, chak jou, nou obsève bò lakay nou, nan peyi nou, nan nouvèl n’ap tande, nou ka rann nou kont genyen tandans pou pi gwo kraze pi piti. Si Bondye te antre nan lojik sa a pa t’ap genyen anpil nan nou ki t’ap la ankò. Konsa li enpòtan, pou nou gade ekzanp Granmèt la ban nou pou nou fè menm jan an.
Nan Levanjil jodi a, Jezi envite nou selebre sakreman rekonsilyasyon avèk frè ak sè nou yo, li envite nou pou nou gen kè sansib, pou nou youn padone lòt, pou nou pa jije, pou nou pataje sa nou ye ak sa nou genyen. Se yon gwo ekzòtasyon pou nou jodi a, nou menm ki gen tandans pou nou kondane epi panse ak pwòp tèt pan ou sèlman. Nou panse mesaj la klè, sèlman li rete pou nou aplike li nan lavi nou. Si nou te konn fè sa li mande yo, n’ap kontinye ; si nou pa t’ konn fè yo nou ka kòmanse depi jodi a, paske nou konnen ak Bondye li pa janm twò ta.
LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki se kè sansib ak padon, ede nou gen lodas pou nou viv nan rekonsilyasyon ak padon ak frè ak sè nou yo, pou lavi ka kontinye fleri. Amèn

PWOPOZISYON : Padone yon moun ki te ofanse mwen. Souri ak li, ba li yon gwo akolad ki sensè.

DIMANCH 1

Koulè Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH KARÈM, ANE B
PREMYE LEKTI
"Sakrifis Zansèt nou Abraam"
LEKTI LIV LAJENEZ 22, 1-2. 9a. 10-13. 15-18
Jou sa yo:
Bondye eseye Abraam, li di l’: "Abraam, Abraam".
Li reponn: "Men mwen".
Li di l’: "Pran pitit ou a, sèl pitit ou a, sila a ou renmen an, Izaak, epi al nan tè vizyon an, lè w’ a rive la, w’a ofri l’ kòm sakrifis antye sou youn nan mòn yo, sa m’a montre w’ la".
Yo rive kote Bondye te montre l’ la, li bati lotèl la kote sa a, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izaak, pitit li a, li mete l’ sou lotèl la, anlè ranje bwa yo, li lonje men l’, li redi kouto a pou l’ touye pitit li a.
Mesaje Granmèt la rele byen fò antan l’ nan syèl la, li di: "Abraam, Abraam".
Li reponn: "Men mwen".
Li di l’: "Pa lonje men ou sou pitit la, pa fè l’ anyen: koulye a mwen konnen ou respekte Bondye, ou pa menaje sèl pitit ou a poutèt mwen". Abraam leve je l’, li wè yon bouk dèyè do l’, ki te pri nan lyann yo ak kòn li, li pran l’, li ofri l’ kòm sakrifis antye nan plas pitit li a.
Mesaje Granmèt la rele Abraam yon dezyèm fwa antan l’ nan syèl la, li di: "Mwen fè sèman sou pwòp tèt mwen deklarasyon Granmèt la; poutèt ou fè bagay sa a, ou pa menaje pitit ou a sèl pitit ou a poutèt mwen, m’ap beni ou, m’ap fè ras ou vin anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a; ras ou ap posede pòt lènmi l’ yo, nan ras ou tout nasyon tè a ap jwenn benediksyon, paske ou te obeyi vwa m’".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 10 e 15. 16-17. 18-19 (r.: Ps 114)
R/ M’ap mache devan Granmèt la, nan tè vivan yo.
Mwen gen konfyans, menm lè m’ di: "Mwen rabese anpil".
Li gen valè devan je Granmèt la lanmè sen l’ yo.R.
Granmèt, mwen se sèvitè ou, mwen se sèvitè ou ak pitit sèvant ou.
Ou kase chenn mwen yo:
M’ap sakrifye sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp li a.
Nan lakou lakay Granmèt la, nan mitan ou, Jerizalèm.R.
DEZYÈM LEKTI
"Bondye pa menaje pwòp Pitit li a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 8, 31b-34
Frè m’ yo:
Si Bondye pou nou, kilès k’ap kont nou? Li menm ki pa menm menaje pwòp Pitit li a, men li renmèt li pou nou tout, kijan pou l’ pa ta ba nou tout bagay ansanm avèk li? Kilès k’ap akize sila yo Bondye chwazi yo? Se Bondye ki rann nou jistis, kilès k’ap kondane? Èske se Jezikri, li menm ki mouri, pi plis menm ki leve vivan, ki ret adwat Bondye, k’ap plede pou nou an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Sila a se Pitit mwen an mwen renmen anpil la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 9,2-10
Lè sa a:
Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, li mennen yo sou yon mòn ki wo, pou kont yo sèl. Li chanje aparans devan yo. Rad li vin blan tankou lanèj, pa gen okenn savon ki kapab blanchi rad konsa sou tè a. Eli ak Moyiz parèt devan yo, yo t’ap pale ak Jezi.
Pyè pran lapawòl; li di Jezi: "Rabi, li bon pou nou ret isit la; an nou fè twa joupa, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli". Li pa t’ konnen sa pou l’ te di. Pandan li t’ap di sa, gen yon nyaj ki rive, li kouvri yo; yo vin pè, antan y’ap antre nan nyaj la. Yon vwa rive sot nan nyaj la, li di: "Sila a, se Pitit mwen an sa m’ renmen anpil la; koute l’". Menm lè a, yo gade toutotou, yo pa wè pèsòn ankò, sof Jezi pou kont li.
Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, li pase yo lòd, pou yo pa di pèsòn bagay sa yo te wè yo, sof lè Pitit moun nan ap leve sot nan pami mò yo. Yo te kenbe pawòl sa a kote yo, yo t’ap chèche sa sa vle di: "lè l’ap leve sot nan pami mò yo".
REFLEKSYON: Jodi a, nou kontanple sèn kote «Pyè, Jak ak Jan an ekstaz devan bèlte Redanmtè a» (Jan Pòl II): «Li chanje aparans devan yo. Rad li vin blan tankou lanèj…» (Mak 9,2-3). Pou sa ki konsène nou, nou kapab dekouvri yon mesaj nan asirans Sen Pòl bay disip li, Timote: «Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.» (2 Tim 1, 10). Se sa menm n’ap kontanple avèk etònman ak admirasyon, tankwa twa apot Jezi te chwazi yo, nan pasaj Levanjil dezyèm dimanch Karèm: Transfigirasyon.
Atan n’ap viv tan Karèm nan, sa fè nou byen pou nou akeyi bèl reyon solèy ak limyè ki reflete nan vizaj ak nan rad Jezi. Yo fòme yon bèl imaj limanite ke Bondye rachte a, puiske salte peche a pa la ankò, nan plas li nou wè bèlte Bondye ki nan chè nou. Kè kontan Pyè santi a, se li menm nou santi lè nou kite lagras Bondye a anvayi nou.
Lespri Sen an transfigire sans apot yo e se konsa yo kapab wè bèlte Bondye nan Jezikri kòm moun
Je yo transfigire pou yo yo ka wè pi byen sa k’ap reyonnen, zòrèy yo transfigire pou yo ka tande pi byen vwa Papa ki pran plezi nan Pitit la. Se sèlman si nou kite Granmèt la touche nou n’ap kapab rive wè epi tande sa ki pi bèl e ki ka fè kè nou kontan nan Bondye ak nan sila yo li fè antre nan sentete li a gras ak Sila a ki te leve byen vivan pami mò yo.
Jan Pòl II te ekri: «Karakteristik espirityalite kretyèn nan, se devwa disip la genyen pou li chèche sanble ak Mèt li tèt koupe», se konsa antan li rete kole sou li, l’a kapab genyen menm santiman ak li.
An nou remèt nan men Lavyèj Mari objektif nou genyen pou nou rive nan vrè trans-figirasyon nou nan Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki fè wè bèlte ou nan Pitit ou a, tanpri ede nou travay tout bon vre pou nou ka sanble ak li nan panse li ak nan aksyon li. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Pran yon ti moman pou lapriyè pandan jounen an. Kontanple Jezi ki transfigire epi kite li transfigire lavi mwen.

SAMDI 28

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Pou w’ kapab vin tounen pèp sen Granmèt Bondye w’ la".
NAN LIV DETEWONÒM 26, 16-19
Moyiz pale ak pèp la, li di:
"Jodi a Granmèt Bondye w’ la pase w’ lòd, pou w’ reyalize kòmandman sa yo ak desizyon yo, pou w’ obsève yo, pou w’ reyalize yo ak tout kè ou, ak tout nanm ou.
Jodi a menm, ou chwazi Granmèt la, pou l’ vin tounen Bondye ou, pou w’ mache nan chemen l’ yo, pou w’obsève kòdmanman l’ yo, lòd li yo ak desizyon l’ yo, pou w’ obeyi lòd li.
Granmèt la chwazi w’ jodi a, pou w’ vin tounen pèp li yon fason espesyal, jan l’ te di w’ la, pou w’ obsève tout lòd li yo; pou l’ fè w’ pi wo pase tout nasyon yo li te kreye yo nan lwanj; nan non l’ ak nan bèlte l’, pou w’ vin tounen pèp ki sen pou Granmèt Bondye w’ la, jan l’ te pale a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 118, 1-2. 4-5. 7-8
R/ Se chans pou moun yo k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Se chans pou moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la. Se chans pou moun yo ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ak tout kè yo.R.
Ou pase lòd pou yo obsève kòmandman w’ yo.Mwen swete pou chemen m’ yo dirije pou m’ kenbe desizyon w’ yo.R.
M’ap fè lwanj ou nan kè ki dwat, paske mwen aprann jijman w’ yo ki kòrèk yo.M’ap kenbe desizyon w’ yo, pa lage m’ pou tout tan.R.
LEVANJIL
"Se pou nou kòrèk nèt tankou Papa nou nan syèl la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 43-48
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Nou te tande yo te di: 'Se pou w’ renmen pwochen ou, pou w’ rayi lènmi ou'.
Mwen menm mwen di nou: 'Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa fè sa? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis? èske payen yo pa fè sa?
Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan pasaj nou sot li yo, Jezi mande nou pou nou renmen tout moun paske li menm ki Bondye li fè solèy li leve sou tout moun, bon tankou mechan. Li envite nou jodi a pou nou fè menm bagay avè l’, men nan fason pa nou. Solèy pa nou pou tout moun dwe yon bèl souri, konpasyon pou moun ki nan mizè yo, lanmou nan tout sa n’ap fè.
Papa nou ki nan syèl la fè lapli tonbe sou mechan yo ak moun ki pa mechan yo. E nou menm frè m’ ak sè m’ yo, kisa nou fè pou nou fè lapli sa tonbe sou moun k’ap viv nan antouraj nou. Sèl fason pou n’ fè lapli pa nou tonbe sou moun sa yo, se lè nou bay tan nou, lanmou nou a sila yo ki nan bezwen. Nou konnen tou lapriyè ouvri tout pòt, landan nou ka jwenn anpil fòs; se pou sa nou dwe priye pou tout moun, moun ki renmen nou yo ak moun ki pa renmen nou yo, moun ki malad yo, moun ki blese yo, moun ki imilye yo ak sa ki pa gen pèsòn ki pou ede yo nan traka lavi sa.
Jezi mande nou pou nou chwazi chemen lanmou, chemen renmen pou tout moun, menm sa k’ap pèsekite nou yo. Se pou nou swiv Jezi, fè tout sa li mande nou pou nou fè, paske renmen se swiv li, se pran wout la avèk li, se fè nou pòv ansanm avèk li, se pèdi tout bagay pou wayòm li an. Si nou fè tout sa yo nou gen yon gwo rekonpans nan men papa nou ki nan syèl la, rekonpans pou vinn vrè pitit fi ak pitit gason li. Rekonpans lanmou an, se viv bèl lavi sa a ki p’ap janm fini an, ansanm ak zanj yo. M’ap di nou sèl fason pou nou jwenn gwo kado sa se rete viv nan lanmou.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri vide Lespri w’ la nan kè nou pou nou konstwi yon fanmi, yon kominote, yon Legliz kote renmen se yon reyalite.

PWOPOZISYON : Lanmou se sèl chemen k’ap mennen nou kote Bondye Papa a. Renmen tout moun, ni sa k’ fè w’ byen, ni sa k’ fè w’ mal.

VANDREDI 27

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, èske se pa pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’ viv"?
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 21-28
Men sa Granmèt Bondye a di:
"Si moun ki pa kòrèk la fè penitans sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe tout kòmandman m’ yo, li fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri. Tout sa l’ te fè pa kòrèk yo, yo p’ap sonje yo; se nan jistis li a reyalize a l’ap viv. Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, deklarasyon Granmèt Bondye a, èske se pa pou l’ chanje sot nan chemen l’ yo, pou l’ viv?
Sèlman si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk daprè tout kalite peche moun ki pa kòrèk la konn fè yo, èske l’ap viv? Tout jistis li yo li te reyalize yo, yo p’ap sonje yo; se nan revòlt li fè a, ak nan peche li fè a, se nan yo l’ap mouri.
Epi n’ap di: "Chemen Granmèt la pa dwat". Koute non, kay Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito chemen pa nou yo ki move?
Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk, li mouri nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk li fè yo l’ap mouri. Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa kòrèk la, li reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; sèke antan l’ ekzamine, li vire do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 4c-6. 7-8 (r.: 3)
R/Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan bafon yo m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la.
Plis pase yon santinèl k’ap espere devan-jou, se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’. Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
"Al kòmanse rekonsilye ak frè ou la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 5, 20-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Si jistis nou pa depase pa pwofesè yo ak farizyen yo, nou p’ap antre nan rèy syèl yo.
Nou te tande yo te di ansyen yo: «Pa touye»; paske moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di frè l’: «Tèt vid», li merite tribinal. Moun ki di: «Moun fou», li merite boukan dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado ou la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè ou la anvan; aprè sa w’a vini, w’a ofri kado ou la.
Mete ou dakò avèk lènmi ou nan byen vit, pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi ou nan pa renmèt ou nan men jij la, pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. An verite mwen di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Granmèt la k’ap pale de sa k’ap pase nan kè nou an, li ankouraje nou konvèti. Kòmandman an di «Pa touye» (Mt 5, 21); men Jezi ap fè nou sonje gen plizyè fason nou ka touye lòt yo. Nou ka detwi lavi lòt yo lè nou pa kontwole kòlè nou kont yo oubyen si nou joure yo (cf. Mt 5, 22).
Granmèt la rele nou pou nou tounen moun serye, moun ki konsekan: «kite kado ou la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè ou la anvan» (Mt 5,24). Lafwa nou selebre nan litiji a, li dwe reflete nan lavi n’ap viv chak jou e li dwe afekte fason n’ap viv. Se pou sa Jezi mande nou rekonsilye ak lènmi nou yo. Premye pa nou fè sou chemen rekonsilyasyon an, se lè nou priye pou lènmi nou yo, tankou Jezi te mande sa. E si sa ta parèt difisil pou nou, li ta bon pou nou panse ak imaj Jezi ki mouri sou lakwa a pou tout moun ki rayi nou yo. Si nou te santi lòt yo te vrèman blese nou, an nou priye Granmèt la pou li geri maleng nou an epi pou nou jwenn gras pou nou padone.
Tankou Pap Benwa XVI te ekri: « Nou pa kapab kominike ak Granmèt la, si nou pa kominike antre nou. Si nou vle parèt devan li, nou dwe bouje tou pou youn ka al rankontre lòt. Se pou sa nou dwe aprann gwo leson padon an: nou pa dwe kite santiman vanjans wonje nanm nou, men se pou nou ouvri kè nou ak jenewozite pou koute lòt la, ouvri kè nou pou konprann lòt yo nan feblès epi akeyi ekskiz yo ak yon kè mizerikòd.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ konprann limit mwen ak feblès mwen pou mwen ka aprann padone tout bon vre.

PWOPOZISYON: Si ou gen yon lènmi, chèche rekonsilye ak li, pou w’ manifeste mizerikòd Bondye.

JEDI 26

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen pa gen dòt sekou pase ou menm, Granmèt".
NAN LIV ESTÈ 14, 1. 3-5. 12-14
Jou sa yo:
Larèn Estè te kache kò l’ nan Granmèt la, li te pè danje ki t’ap menase a. Li lapriyè Granmèt Bondye Izrayèl la, li di: "Granmèt mwen, ou menm ki sèl wa nou, ede m’, mwen menm ki pou kont mwen an, andeyò ou menm mwen pa gen pèsòn pou pote m’ sekou. Danje m’ nan nan men m’. Mwen te tande nan bouch papa m’ se ou menm, Granmèt, ki te pran Izrayèl sot nan tout nasyon yo, ak zansèt nou yo sot nan tout sa k’ te pi gran pase yo, pou w’ te posede yo kòm eritaj tout tan an; ou aji avèk yo jan w’ te pale a.
Granmèt, sonje, fè nou wè ou nan tan tray nou an, ban m’ konfyans, Granmèt, wa dye yo ak tout pouvwa. Mete pawòl ki byen fèt nan bouch mwen devan lyon an, chanje kè l’ pou l’ vin rayi lènmi nou an, pou se li menm ki peri ansanm ak tout lòt yo ki konplis li a.
Kanta nou menm, delivre nou ak men ou, ede m’, mwen menm ki pa gen dòt sekou sof ou menm, Granmèt, ki gen tout syans".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 137, l-2a. 2bc-3. 7c-8
R/ Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou koute m’, Granmèt.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou koute pawòl bouch mwen. Devan fas mesaje yo m’ap chante pou ou. M’ap adore nan kay sakre w’ la ki sen an.R.
M’ap fè lwanj pou non ou poutèt kè sansib ou ak verite ou. Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou koute m’ ; ou mete anpil fòs nan nanm mwen.R.
Men dwat ou ap sove m’.Granmèt la ap reyalize travay la pou mwen ; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan : travay men w’ yo, pa lage yo.R.
LEVANJIL
"Tout moun ki mande, l’ap jwenn".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 7-12
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Sèke tout moun ki mande, l’ap resevwa, moun ki chèche, l’ap jwenn; moun ki frape, y’ap louvri ba li.
Oubyen kilès nan pami nou, si pitit li mande l’ yon pen, pou l’ lonje yon wòch ba li? Oubyen si l’ mande yon pwason, èske se yon koulèv l’ap lonje ba li? Konsa si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, èske Papa nou ki nan syèl la p’ap fè pi plis toujou, pou l’ bay moun k’ap mande l’ yo sa ki bon.
Konsa, tout sa nou vle pou moun yo fè pou nou, se pou nou fè l’ pou yo tou: sa a se lalwa a ak Pwofèt yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Lè sitiyasyon an te parèt konplike pou pèp Izrayèl la, yo pa t’ konn si pou yo te monte oubyen si pou yo te desann akòz gwo menas lanmò, Rèn Estè pa t’ jwenn lòt solisyon, li te konfye l’ nan Bondye. Li te lapriyè pou Bondye delivre yo.
Jezi envite n’ale nan menm sans sa a lè l’ di nou : « Mande, y’a ba nou ; chèche, n’a jwenn ; frape, y’a louvri ba nou ». Se yon envitasyon pou n’ fè Bondye konfyans, pou n’ lapriyè san rete, pou n’ gen anpil pèseverans lè n’ap lapriyè.
Men gen yon gwo pyèj Jezi vle n’evite lè n’ap lapriyè. Anpil fwa lè n’ap lapriyè se kòmande n’ta vle kòmande Bondye pou l’ fè volonte nou, alòske gwo eksperyans espirityèl sa a, se yon rankont, yon dyalòg ant Papa Bondye ak nou menm pitit li. Lè nou priye, se pwoche nou vle pwoche   bò kote Bondye pi plis chak jou. Nou dwe mete nou disponib pou nou koute Bondye, pou nou chèche konnen ak fè volonte li ; pou nou obeyi l’ nan tout sikonstans. Se yon envitasyon pou nou pirifye entansyon nou tou pou tout aksyon nou yo rive òdone selon volonte l’. Se pou sa Jezi ale pi lwen pou li di nou Bondye se yon Papa ki gen lanmou ak mizerikòd.Tout sa li ba nou, se paske li konnen l’ap bon pou nou. Si li pa ba nou yon bagay nou pa bezwen ap kraze tèt nou kòmsi se yondesepsyon. Bondye p’ap janm ba nou sa ki p’ap bon pou nou oubyen sa ki ka nui nou, se pou sa l’ fè konparezon ant Bondye Papa n’ ki nan syèl la ak nou menm lèzòm ki mechan alòske nou pajanm bay pitit nou move bagay nou konnen ki ka mete lavil andanje. Sa vle di, tout sa Bondye ap ba nou se sa l’ konnen nou gen bezwen pou lavi ka boujonnen nan nou.
Nan fenisman Levanjil la Jezi mande n’ pou n’ mete tout gras nou resevwa yo nan sèvis lòt yo se pou sa li di nou tout sa nou vle pou moun yo fè pou nou, se pou nou fè l’ pou yo tou : sa a se lalwa a ak Pwofèt yo.Nou dwe imite bonte Bondye papa nou ki nan syèl la pou nou fè sa ki byen pou pwochen nou tout tan e tout kote.
LAPRIYÈ : Jezi, tanpri ede nou rete kole sou Papa a pou nou ka jwenn fòs nan li pou kontinye travay pou lavi boujonnen.

PWOPOZISYON : Mwen ap pataje nan mezi posiblite m’ak yon moun ki nan bezwen.

MÈKREDI 25

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Moun Niniv yo chanje konduit sot nan move chemen yo".
NAN LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-10
Rive pawòl Granmèt la di Jonas: "Leve, al Niniv, gran vil la, preche prèch la mwen te pale w’ la ladan l’".
Jonas leve, 1’al Niniv daprè pawòl Granmèt la. Niniv se yon gran vil ki te mande twa jou pou travèse l’. Jonas kòmanse antre nan lavil la, li mache pandan yon jounen; li rele byen fò, li di: "Aprè karant jou, Niniv ap detwi".
Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo preche yon jèn, yo abiye ak sak sot depi pi gran an jous pi piti a. Pawòl la rive kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li wete rad li, li abiye ak yon sak, li chita nan sann. Li fè deklarasyon, li pale nan Niniv, nan bouch wa a ak chèf li yo, li di:
"Ni moun ni bèt, ni bèf, ni mouton p’ap goute anyen, p’ap manje zèb, p’ap bwè dlo; y’ap kouvri ak sak, ni moun ni bèt, y’ap rele kot Granmèt la avèk fòs, se pou chak moun kite move chemen l’ ak peche l’, ki nan men l’. Kilès ki konnen si Bondye p’ap chanje, si l’ p’ap padonnen, si l’ p’ap tounen sot nan chalè kòlè l’ la, pou nou pa peri"?
Bondye wè aksyon yo, kijan yo chanje sot nan move chemen yo, Bondye pran pitye osijè malè li te di li t’ap fè a, li pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 50, 3-4. 12-13. 18-19.
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè jan w’ sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen w’ nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’ li p’ap fè ou plezi. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye, ou p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
''Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt siy pase siy Jonas la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 29-32
Lè sa a:
Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi kòmanse di: " Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Sèke menm jan Jonas te sèvi moun Niniv yo kòm siy nan, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a.
Larèn peyi ki nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li vin sot nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epoutan gen plis pase Salomon isit la.
Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’, paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan Levanjil jodi a, Jezi envite moun ki t'ap koute l' yo konvèti epi fè jèn. Li ba yo ekzanp vil payèn Niniv la, ki te konvèti aprè ke te yo te fin koute mesaj pwofèt Jonas la.
Istwa Jonas la rakonte n' kijan Bondye te voye l' al preche, lakay lènmi an, payen nan vil Niniv yo. Jonas, nan egoyis li, te refize ale e li te pran lòt direksyon. Bondye, nan kè sansib li pou moun Niniv yo, te chwazi fè li ale avèk èd yon gwo pwason, pou li preche moun yo vrè chemen lavi a.
Jodi a se pa Jonas, men se Legliz la Bondye mande pou fè travay li a. Tèks jodi a yo fè nou konprann ke Legliz la toujou an misyon. Bondye bay li misyon pou li ale kote sila yo ki poko konvèti yo. Nan tèks la nou ka wè kijan langaj pwofèt la vyolan, nan sans ke li mande nou pou nou konvèti, fè penitans, wayòm Bondye a tou pre... genyen ijans!... nan yon mwa se kapab twò ta! E nou wè tou san ke pèp Niniv la pa t’ pran tan yo te konvèti e yo te kòmanse fè jèn. Chak moun te repanti, yo te chanje move konduit yo te genyen. Mwen rete kwè ke Bondye vle fè nou menm envitasyon sa a jounen jodi a tou. Li vle ke nou chak chanje atitid, chanje mantalite, chanje vizyon nou de lavi a.
Sa pèp Niniv la, malgre predikasyon anpil pwofèt ak gran prèt, pa te janm fè – konvèti tout bon – tout moun ansanm rive fe l’ pandan yon jou gras a mesaj yon sèl grenn pwofèt ki pase nan tout vil la.
Sa a se mesaj ke Bondye vle ban nou jodi a, li posib pou nou chanje malgre kondisyon lavi nou, yon sèl jou pa twò piti si nou vle kite mesaj li a travèse tout kè nou.
Lè Bondye te wè kijan moun yo te aji, le te renonse ak chatiman ke li te sere pou yo a. Bondye pa pran plezi nan fè pitit li yo soufri. Li toujou swete ke nou viv nan renmen ak lapè.
Tout tèks nou li Jodi a, yo vle fè nou wè yon sèl bagay: Moun Niniv yo pral kapab viv byen; konvèsyon yo a pral fè yo viv nan kè kontan ak lajwa, se yon vi ki pa gen parèy. Menm jan ak moun Niniv yo, Bondye envite nou chanje aksyon mal nou yo an byen pou nou ka rive viv an pè.
LAPRIYÈ : Granmèt, pandan tan karèm sa a, ban ou fòs pou lite kont tout fòs lanmò. Ede nou reziste ak tantasyon mond lan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Lapriyè pou lite kont satan. Ede yon moun ki bezwen konkou.

MADI 24

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Pawòl mwen fè tout sa m’ vle".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 55, 10-11
Men pawòl Granmèt la :
"Menm jan lapli ak lanèj desann sot nan syèl, epi li pa tounen la, san l’ pa wouze tè a, san l’ pa enbibe l’, pou l’ jèmen, pou l’ bay semans pou moun k’ap simen an ak pen pou moun ki bezwen manje a, se konsa tou pawòl ki sòti nan bouch mwen an, li pa tounen vin jwenn mwen vid, men l’ap fè tout sa m’ vle, l’ap reyisi misyon l’ nan, sa m’ voye l’ fè a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 33, 4-5. 6-7. 16-17. 18-19
R/ Nan tout tray yo Bondye sove moun kòrèk yo.
Fè lwanj Granmèt la ansanm avèk mwen, an nou fè wè jan non l’ gran nou tout ansanm, Mwen chèche Granmèt la, li koute m’, anba tout sa k’ fè m’ pè li deliver m’.R.
Gade kote l’, pou nou klere, fas nou p’ap wont. Pòv la rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li yo li sove l’.R.
Je Granmèt la sou moun kòrèk yo, zòrèy li nan rèl yo. Figi Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi souvni yo sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la koute, anba tout tray yo li delivre yo. Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze, sa k’ gen lespri yo kraze yo, l’ap sove yo.R.
LEVANJIL
"Se konsa pou nou lapriyè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè n’ap lapriyè, pa pale tankou payen yo; yo konprann reyèlman vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa sanble ak yo; sèke Papa nou konnen sa nou bezwen, anvan menm nou mande l’.
Se konsa pou nou lapriyè:
'Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak tout sa ki mal. Amèn'.
Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa nou p’ap padonnen nou peche nou yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan tèks Levanjil nou li jodi a, li klè se pa pale anpil ki mete nou an kontak sensè ak Bondye. Nou pa kapab ni tou nou pa dwe mezire lapriyè ak kantite mo n’ap di. Kidonk, nou kapab lapriyè an silans pandan n’ap kontanple Bondye nou an, nou ka lapriyè nan anpil lòt fason. Kisa lapriyè ye menm ? Lapriyè se rete nan pye Bondye, rantre nan yon relasyon entim ak li. Aprè sa, sa nou di ak sa nou fè tounen bagay segondè. Nou te ka di modèl sa oubyen fason lapriyè sa a koresponn byen ak lapriyè Jezi ban nou nan Levanjil jodi a. Lapriyè Jezi kite pou nou an gen sèt demand ladan li. Nan tout demand sa yo gen koze padon an ki trè prezan. Padon Bondye bay la pwopòsyonèl ak padon pa nou. « Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou ; men si nou pa padonnen lézòm, Papa nou p’ap padonnen nou peche nou yo". Poukisa Bondye mete kondisyon sa a ? Se paske li konnen lè nou youn rayi lòt, lè nou pa padone frè nou yo ak sè nou yo, se chemen rankin, rayisman, lanmò ak tout lòt move bagay nou konen yo nou pran. Tout bagay sa yo retire nou nan kè kontan, nan lapè ak tout bon bagay nou ta dwe genyen kòm moun. Bondye vle libere kè nou menm moun ak tout bagay ki mare nou, se poutèt sa li rekòmande nou pi bon remèd la, ki se padon.
LAPRIYÈ : Jezi gran frè mwen, tanpri pitye pou mwen. Aprann mwen padone menm jan ak ou.

PWOPOZISYON : Reflechi sou enpòtans padon.