Páginas

MADI 19

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pou l’ jete tout peche nou yo nan fon lanmè a»
LEKTI LIV PWOFÈT MICHE 7, 14-15. 18-20
Pèp ou a, bann mouton eritaj ou a, sila yo ki abite pou kont yo nan bwa a, nan mitan Kamèl la, se pou ou gadiyen yo ak bagèt ou a; se pou Bazan ak Galaad jwenn manje tankou jou lontan yo. Tankou jou ou te sòti nan peyi Lejip la, fè l’ wè mèvèy.
Bondye, kilès ki tankou ou, ki wete peche a, ou menm ki padonnen fot rès eritaj ou a? Li p’ap fè kòlè ankò, paske se kè sansib li vle. Se pou l’ tounen, pou l’ pran pitye pou nou, se pou l’ wete peche nou yo, pou l’ jete tout peche nou yo nan fon lanmè. W’ap bay Jakòb verite a, w’ap bay Abraam kè sansib la, sa ou te fè sèman bay zansèt nou yo, depi nan jou lontan yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 2-3. 5-6. 7-8
R/ Fè nou wè kè sansib ou, Granmèt.
Ou jwenn plezi ou, nan tè ou la, Granmèt, ou fè prizonye Jakòb yo tounen.
Ou padonnen peche pèp ou a, ou kouvri tout peche yo.
Ou refoule tout kòlè ou, ou tounen sot nan kòlè ou ki te rèd la.R.
Fè nou tounen, Bondye, delivrans nou, vire kòlè ou sot sou nou.
Èske se pou tout tan w’ap fache kont nou, oubyen w’ap lonje kòlè ou pou jenerasyon ak jenerasyon? R.
Èske ou p’ap tounen vin ba nou lavi, pou pèp ou a kontan nan ou?
Fè nou wè kè sansib ou, Granmèt, delivrans ou a, ba nou li.R.
LEVANJIL
«Li lonje men l’ sou disip yo, li di: Men manman m’ ak frè m’ yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 46-50
Lè sa a:
Jezi t’ap pale avèk foul yo, manman l’ ak frè l’ yo te kanpe deyò, yo t’ap chèche pale avèk li. Yon moun di l’: «Men manman ou ak frè ou yo kanpe deyò a, y’ap chèche ou».
Li menm menm li reponn, li di l’: «Kilès ki manman m’, kilès ki frè m’? »
Li lonje men sou disip li yo, li di: «Men manman m’ ak frè m’. Nenpòt ki moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou wè kòman Miche ap fè lwanj pou Granmèt la. Li rekonèt se sèl Bondye Granmèt la ki kapab voye byen lwen tout peche pitit li yo. Li di Bondye, kilès ki tankou ou, ki wete peche a, ki padone fot rès eritaj ou a? Nan pawòl sa yo nou dekouvri dimansyon infini lanmou ak mizerikòd Bondye gen pou limanite. Bondye gen pasyans, li fidèl pou tout tan. Se sèl li menm ki kenbe pawòl li te di Abraam ak zansèt nou yo, depi nan jou lontan.
Se sa k’ fè nan Sòm nan nou chante: fè nou wè kè sansib ou, Granmèt. Ou jwenn plezi ou, nan tè ou la, Granmèt. Se sèl Granmèt la ki ka padonen peche pèp li a. Li kouvri tout peche pèp la. Li refoule tout kòlè li. Se sèl nan Bondye Granmèt la nou jwenn lavi ak kè kontan pou tout tan.
Nan levanjil la nou wè kòman kèk moun ki te nan foul kote Jezi t’ap
pale a t’ap chèche detounen pawòl Mèt la.
Pandan li t’ap pale, yo vin di li men manman l’ ak frè l’ yo te kanpe deyò, yo t’ap chèche pale avèk li. Jezi ki konprann entansyon yo, reponn: «Kilès ki manman m’, kilès ki frè m’? »
Li lonje men sou disip li yo, li di: «Men manman m’ ak frè m’. Nenpòt ki moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’».
Nan repons Jezi a, li tou di yo se li menm Bondye voye a vin delivre yo a anba esklavaj peche, se li menm ki mesi a. Nan sans sa a, Jezi envite nou fè volonte Papa li. Se yon bòn nouvèl pou nou: si nou fè sa Bondye vle, ebyen nou se frè, sè ak manman Jezi.
Parante Jezi a depase tout lyen sangen, se yon parante espirityèl ki kapab fè moun tout ras, tout kilti ak tout jenerasyon jwenn plas yo kay Papa Bondye. Jezi, antan ke gran frè nou, li revele nou li se chemen an, verite a, ak lavi a. An nou swiv modèl obeyisans li ak senplisite li, pou nou ka fè Papa nou plezi. Konsa yon jou kote Gran Frè nou ye a, nou va la tou.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri montre m’ kòman pou m’ fè volonte Papa, pou m’ ka sanble ti frè ou tout bon vre, ou menm ki te fè volonte Papa jous nan dènye bout.

PWOPOZISYON: M’ap chèche fè volonte Bondye nan fason m’ap sèvi frè ak sè mwen ak yon kè mizerikòd.

LENDI 18

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap di ou, monchè, sa Granmèt la mande ou».
LEKTI LIV PWOFÈT MICHE 6, 1-4. 6-8
Koute sa Granmèt la di:
«Leve, fè pwosè devan mòn yo, se pou ti wotè yo tande vwa ou. Se pou mòn yo ak fondasyon solid tè a tande jijman Granmèt la; paske jijman Granmèt la ap kòmanse kont pèp li a avèk Izrayèl.
Pèp mwen, ki sa m’ te fè ou? oubyen ki tray mwen te fè ou pase? Reponn mwen. Èske se paske mwen te fè ou sòti nan peyi Lejip la, mwen te delivre ou sot nan kay esklavaj la, mwen te voye Moyiz avèk Aawon avèk Miryam devan fas ou a?»
Kisa ki kòrèk pou m’ ofri Granmèt la? M’ap plwaye jenou devan Bondye ki anwo nèt la? èske se pou m’ ofri l’ sakrifis antye avèk towo ki gen en nan (1 an)? Èske Granmèt la kapab pran plezi nan mil belye oubyen nan anpil milye bouk byen gra? Èske m’ap bay premye pitit mwen an pou krim mwen an, fwi vant mwen an pou peche nam mwen an?
M’ap di ou, mòn chè, ki sa ki bon, ki sa Granmèt la mande ou: Sètènman se fè sa ki dwat, renmen kè sansib, mache avèk atansyon ansanm ak Bondye ou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 5-6. 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
«Rasanble sen m’ yo pou mwen, yo menm ki te pase kontra m’ nan nan sakrifis la».
Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan.
Mwen p’ap pran towo sot lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Epoutan ou rayi disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch mwen.
Ou te konprann mwen te tankou ou.
Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye.R.
LEVANJIL
«Larenn nan sid la ap leve nan jijman avèk jenerasyon sa a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 38-42
Lè sa a:
Gen detwa nan pwofesè lalwa yo ak nan farizyen yo ki pale ak Jezi, yo di: «Mèt, nou vle wè yon siy ou fè». Li reponn, li di yo:
«Yon jenerasyon move, ki adiltè, ap mande siy; yo p’ap ba l’ siy sof siy pwofèt Jonas la. Reyèlman vre, menm jan Jonas te nan vant labalèn nan pandan twa jou ak twa nuit, se konsa Pitit moun nan ap nan kè tè a pandan twa jou ak twa nuit.
Moun Niniv yo ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’; paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la: men gen plis pase Jonas isit la.
Larenn nan sid la ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa a l’ap kondane l’; paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la: men gen plis pase Jonas isit la. Larenn nan sid la ap leve nan jijman an avèk jenerasyon sa a, l’ap kondane l’; paske li te vin sot nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon: men gen plis pase Salomon isit la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Granmèt la ap fè pwosè ak pèp li a etan l’ap raple pèp la se Li menm ki te fè li sòti nan esklavaj nan peyi Lejip. Men, pandan Granmèt la ap fè pwosè ak pèp Izrayèl la, nou rann nou kont kijan li te deja dispoze pou fè pèp la gras ak mizerikòd, paske pa gen okenn sakrifis ki te kapab repare tò pèp la te fè Bondye. Gras ak mizerikòd Granmèt la, pèp la te jwenn padon pou peche li, li te vin tounen zanmi Bondye ankò. Se nan sans sa a pwofèt Miche raple pèp la, li enpòtan pou li pratike jistis.
E se nan menm sans sa a nou konprann repons sòm nan bay premye lekti a, se: «Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a». Jezi t’ap preche, pwofesè lalwa ak farizyen yo t’ap mande l’ yon siy. Li fè yo konnen jan jenerasyon sila mechan sa, jan li adiltè, li pa vle fè sa ki dwat devan je Granmèt la menm jan ak pwofèt Jonas ki te fè twa jou nan vant pwason an, se konsa pitit Bondye a gen pou li fè twa jou nan vant tè a. Li anonse yo soufrans ak rezireksyon Pitit Moun nan. Se yon verite, se yon siy yo pa t’ ka konprann, paske se pa sa yo te anvi wè, se pa sa ki te nan imajinasyon yo.
Konsa tou, nan lavi nou chak, nou konn anvi wè gwo mirak alòske gen anpil lòt siy k’ap pase devan je nou, men nou pa wè yo. Poutan se siy ki trè enpòtan ki kapab ede nou rankontre ak Bondye. Pou fini, Jezi fè referans ak Salomon pou li te pale mesye yo de Sajès Bondye a. Li te vle montre mesye yo Sajès Bondye depase tout konpreyansyon ak entelijans lèzòm; se poutèt sa «sa ki sajès pou Bondye kapab sanble foli pou lèzòm». Jezi avèti yo si yo pa chanje kè yo, jenerasyon sa a ap peri, menm jan ak san-ven-mil moun Niniv yo ki te tande mesaj la men ki pa t’ ba li enpòtans.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te voye Jezikri, sèl Pitit ou a pou Li louvri wout delivrans la pou nou, ede nou pou nou ka konprann siyifikasyon siy ou yo; konsa chak jou pi plis n’a va prepare kè nou pou nou kapab resevwa byen ou pwomèt nou yo. Pa pouvwa Jezi.

PWOPOZISYON: Konbyen fwa mwen mande Bondye siy lè gen anpil siy ke mwen pa rive dekouvri? Gade a travè ki siy, ki langaj Bondye ap pale ak ou jodi a.

DIMANCH 17

Koulè Vèt
SÈZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Granmèt, pa pase lwen sèvitè w’ la”.
NAN LIV LAJENÈZ 18, l-10a
Jou sa yo:
Granmèt la parèt devan Abraam nan plenn Manbre a, Abraam te chita nan papòt joupa l’ vè midi. Li leve je l’, li wè twa mesye ki parèt devan l’, ki kanpe bò kote l’; kon l’ wè yo, li kouri al rankontre yo sot nan papòt joupa l’ la, li adore jous atè.
Li di: “Granmèt, si m’ jwenn favè nan je ou, pa pase lwen sèvitè w’ la; men m’ap pote yon ti dlo, n’a lave pye nou, n’a repoze anba pye bwa a. M’ap mete yon ti bouche pen, n’a soutni kè nou; aprè sa n’a kontinye wout nou; se pousa reyèlman vre nou fè yon ti detou lakay sèvitè nou an”. Yo di: “Fè jan ou di a”.
Abraam fè vit, l’al nan joupa a kot Sara, li di l’: “Fè vit, brase twa mezi farin, fè pen ki kuit anba sann”. Li kouri tou kot pak la, li pran yon ti bèf tou jèn, ki bon, li bay ti gason an; ti gason an fè vit, li kuit li. Abraam pran bè, ak lèt, ni ti bèf la yo te kuit la, li mete devan yo; li menm menm li kanpe bò kote yo anba pye bwa a.
Pandan y’ap manje, yo di l’: “Kot Sara, madanm ou an? Li reponn: “Men li nan joupa a”. Li di: “M’ap tounen, ane pwochen, nan menm epòk sa a, Sara, madanm ou, ap gen yon ti gason”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5
R/ Granmèt, kilès k’ap abite nan joupa w’ la?
Moun k’ap mache san fot, k’ap fè jistis; k’ap pale verite nan kè l’, ki pa fè rizèz ak lang li.R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa derespekte pwochen l’. Li konsidere mechan an kòm anyen devan je l’, men li fè lwanj pou sila yo ki respekte Granmèt la.R.
Moun ki pa prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado sou do inosan. Moun ki aji konsa, li p’ap souke ditou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Mèvèy sakre a ki te kache depi syèk tan yo koulye a menm yo devwale l’ bay sen yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 24-28
Frè m’ yo:
Koulye a mwen kontan nan soufrans m’ap sibi pou nou yo, m’ap konplete sa k’ manke nan soufrans Jezikri nan chè m’ pou kò l’, ki se legliz la; se sèvitè legliz sa a mwen ye daprè wòl Bondye ban mwen pou nou an, pou m’ reyalize pawòl Bondye a.
Mèvèy sakre a ki te kache depi syèk tan yo ak jenerasyon yo, koulye a menm yo devwale l’ bay sen yo. Bondye te vle fè sen yo konnen richès bèlte sekrè sa a nan nasyon yo; sekrè sa a se Jezikri, espwa bèlte a nan nou. Se li menm n’ap anonse nou, antan n’ap avèti tout moun, n’ap bay tout moun lansèyman ak tout kalite sajès, pou nou prezante tout moun kòrèk nan Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Mat resevwa l’ lakay li. Mari chwazi pi bon pòsyon an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 38-42
Lè sa a:
Jezi antre nan yon bouk; yon madanm yo rele Mat resevwa l’ lakay li. Li te gen yon sè yo rele Mari, ki te chita nan pye Granmèt la, li t’ap koute pawòl li. Mat menm t’ap trakase kò l’ avèk anpil sèvis; li kanpe, li di: “Granmèt, èske sa pa fè ou anyen, pou sè m’ nan kite m’ ap sèvi pou kont mwen? Di l’ pou l’ ede mwen”.
Granmèt la reponn, li di l’: “Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou twouble pou anpil bagay. Men se yon sèl ki nesesè: Mari chwazi pi bon pòsyon an, yo p’ap wete l’ nan men li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan sèzyèm dimanch Tan Òdinè Ane C, ke nou ta kapab rele “dimanch akèy” oubyen “dimanch ospitalite”, Pawòl Bondye a ap envite nou fè ekilib ant reyalite materyèl ak reyalite espirityèl, ekilib ant sa k’ap pase ak sa k’ap dire pou tout tan. Ekilib sa a, se tout moun k’ap viv sou tè ki dwe rive fè li pou yo pa pa pèdi limyè rezon an oubyen entelijans la, ki se yon limyè natirèl; sa ap pèmèt yo kenbe limyè lafwa tou, ki pi fò, ki pi puisan ke limyè rezon an e ki klere tout kwen kote reyon limyè rezon a pa kapab rive klere.
Nan premye moso Labib nou li jodi a, nou wè kijan Abraam te resevwa Granmèt la atravè twa mesaje, antan li te chita devan pòt ti joupa li. Kòm nèg ki te gen anpil lafwa nan Bondye ak respè pou Bondye, li te fè dilijans pou li te kapab bay yon bon akèy; yo di nou Abraam fè vit, l’al nan joupa a kot Sara, li di l’: “Fè vit, brase twa mezi farin, fè pen ki kuit anba sann”. Aprè sa, li bay lòd pou yo pran yon jèn ti bèf nan pak la pou touye pou vizitè yo. Bondye te vizite Abraam e li te pote yon pawòl espwa pou li:M’ap tounen, ane pwochen, nan menm epòk sa a, Sara, madanm ou, ap gen yon ti gason”. Nan moman sila a, se te pi gwo, pi bèl pwomès ke Bondye te kapab fè Abraam ak Madanm li, paske yo te fin vye granmoun e yo te dezespere, paske yo pa t’ gen espwa pitit ankò. Se yon fason pou Bondye di nou, nou pa gen dwa dekouraje, nou pa gen dwa dezespere, paske lè fènwa pwoblèm ak difikilte lavi a anvayi nou, nou mèt kwè  solèy lespwa ak delivrans lan deja parèt pou nou.
Deja, Sen Lik di nou nan Levanjil li a: Pa gen anyen Bondye pa ka fè! (Lik 1,37); sa nou vle a, nou mèt kwè Bondye ap fè li pou nou; men fòk nou se moun k’ap fè jefò pou mache dwat devan Bondye, fòk nou se moun k’ap fè jistis, k’ap pale verite nan kè l’, ki pa fè rizèz ak lang li.
Yon lòt bò, Levanjil la vin aprann nou fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa twò enpòtan: Mat ak Mari, yo toulede t’ap trakase tèt yo pou yo te kapab bay Granmèt la yon bon akèy.
Mari li menm, li te chita ansanm ak Jezi, li t’ap dyaloge ak li, malgre li te konnen li te enpòtan tou pou li te ofri li yon bagay pou li manje oubyen pou li bwè.  Kòm sè li a te la, li te kite li jere sa. Se te yon atitid ki te nòmal, puiske lè yon moun vini lakay ou, ou pa kapab ap ofri moun nan manje san ke ou pa pran yon ti tan pou ou pale ak li. Sa Mat pa t’ fè a, Mari te fè li; epitou sa Mari pa t’ fè a, Mat te fè li. Si toulede te jwe menm wòl akèy la t’ap manke sans.
Men, lè Mat te kòmanse ap bay tèt li pwoblèm poutèt Mari te kite li ap fè tout bagay, Jezi te repon e li te di: “Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou twouble pou anpil bagay. Men se yon sèl ki nesesè: Mari chwazi pi bon pòsyon an, yo p’ap wete l’ nan men li”.  Kidonk Jezi vle fè nou konprann, sa ki pi enpòtan nan lavi a, se lè ou rete nan prezans Bondye, se lè ou fè ekilib ant bagay k’ap pase ak bagay k’ap dire pou tout tan. Nan sans sa a, Sen Toma Daken, Patwon filozòf yo, te rive fè yon gwo analiz ak yon gwo konklizyon, kote li te deklare: “Lafwa ak larezon, se tankou de (2) zèl yon menm zwazo ki pèmèt moun nan leve nanm li bay Bondye”.
LAPRIYÈ: Granmèt se chak jou w’ap vizite nou. Anpil fwa ou vini atravè moun nou pa ta kwè. Tanpri menm jan ak Mari ak Mat, ede nou ouvri kè nou byen gran pou nou kapab akeyi ou epi akeyi kado ou pote pou nou yo, sitou nan sakreman yo.

PWOPOZISYON: Akeyi tout moun ki vizite w’ kòmsi ou t’ap akeyi yon wa, san ou pa gade pèsonn sou aparans.

SAMDI 16

Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, DE MON KAMÈL
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Yo met lide yo sou jaden yo, yo sezi kay yo».
LEKTI LIV PWOFÈT MICHE 2, 1-5
Madichon pou nou menm k’ap fè kalkil ki pa vo anyen, k’ap reyalize sa k’ mal sou kabann nou. Nan limyè granmaten yo fè l’, paske men yo kont Bondye. Yo met lide yo sou jaden yo, yo pran yo ak fòs, yo sezi kay yo; yo fè pwosè enjistis kont moun nan ak kay li, kont moun nan ak eritaj li.
Se pousa, men pawòl Granmèt la: «Men m’ap kalkile malè sou fanmi sa a, kote nou p’ap kapab wete nwa-kou nou; nou p’ap mache ap leve tèt nou, paske tan an ap move anpil. Jou sa a y’ap konpoze pwovèb sou nou, y’ap chante yon kantik avèk dousè, moun yo ap di: «Yo fini nèt ak pèp nou an; pòsyon pèp mwen an pase nan men lòt yo; kijan l’ fè kite m’, lè sila a k’ap separe rejyon nou yo tounen an?»
Se pousa p’ap gen moun k’ap lonje chenn apantè eritaj pou ou nan pèp Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 10 1-2. 3-4. 7-8. 14
R/ Pa bliye pòv yo, Granmèt.
Pouki sa, Granmèt, ou kanpe byen lwen, ou kache lè pou ou ta parèt la, nan tray la?
Pandan mechan an ap leve tèt li, l’ap pèsekite pòv la:
yo pri nan pyèj yo kalkile a.R.
Sèke moun peche a ap leve tèt li nan anvi nam li anvi a:
sa k’ renmen lajan an ap fè konpliman pou tèt li.
Moun peche a meprize Granmèt la nan awogans li a:
«Li p’ap mande kont, pa gen Bondye». R.
Bouch li plen ak madichon ak riz, ak manti:
anba lang li se tranzaksyon ak mechanste.
Li poste nan kachèt pyèj bò kay yo, an kachèt, li touye inosan an.R.
Ou wè: ou ekzamine tray ak doulè, pou ou pran yo nan men ou.
Pòv la lage sou kont ou, se ou menm ki sekou òfelen an.R.
LEVANJIL
«Li pase yo lòd pou yo pa fè konnen l’, pou sa k’ te ekri a kapab reyalize»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 14-21
Lè sa a:
Farizyen yo sòti, yo fè konplo kont Jezi, pou yo wè kijan y’ap pèdi l’. Jezi menm konnen sa, li rale kò l’ sot la; anpil foul suiv li, li geri yo tout. Li pase yo lòd pou yo pa fè konnen l’, pou sa pwofèt Izayi te di a te kapab reyalize:
«Men pitit mwen an, li menm mwen chwazi a, li menm mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi nam mwen. M’ap mete lespri m’ sou li, l’ap anonse jijman an bay nasyon yo. Li p’ap fè diskisyon, li p’ap rele fò, pèsònn p’ap tande vwa l’ sou plas la. Wozo ki fele a, li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap tenyen li, joustan jijman an sòti pou laviktwa a. Nasyon yo ap espere nan non li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Konplo se rezilta move lide. Gen yon pwovèb kreyòl ki di : «Konplo pi fò pase wanga».
Mo «konplo» nou jwenn nan levanjil Matye nou li jodi a, se pa yon mo ki etranj pou nou, paske nou konnen byen ki siyifikasyon li genyen, paske se yon bagay nou eksperimante nan lavi nou. Jounen jodi a nou konstate tout kote gen konplo. Konplo gwo peyi ap fè sou do ti peyi ; konplo mechan pou detwi lavi nan zak teworis ; konplo papa, manman, frè, sè, zanmi, kamarad ap fè youn sou do lòt. Sa vle di, nou envante tout pretèks, tout mansonj pou nou detwi repitasyon ak onè lòt la, e pafwa pou nou menm touye li. Bondye pa pran plezi nan bagay sa yo. Se sa ki fè lè nou gade istwa biblik la, sòti nan Abèl pou rive nan Jezi, tout moun ki sibi konplo, Bondye toujou pran defans yo, li ba yo jistis.
Farizyen yo t’ap fè konplo kont Jezi. Yo t’ap fè kè yo di. Men Jezi menm t’ap fè travay Papa li te konfye li. Nan mitan mechanste lèzòm Bondye ap fè nou konnen ke li renmen nou. E li mete moun sou wout nou pou defann kòz nou. Pwofèt Miche ap pale pou nou tout ki gen move lide nan tèt nou jodi a, pou nou chanje fizi nou zepòl. Pou nou pran Bondye kòm sèl avoka nou.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri vide plis renmen nan kè nou pou nou sispann fè konplo sou do lòt yo. Aprann nou renmen youn lòt menm jan ou renmen nou. Pa pouvwa Jezikri ki te vin montre nou kalite renmen sa a. Amèn.

PWOPOZISYON : Pa patisipe nan konplo ni bay manti sou moun. Dekouraje moun k’ap fè konplo. Denonse zaj enjistis nan anviwònman ou.

VANDREDI 15

Koulè Blan
BONAVANTI KI SEN,  Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Mwen tande lapriyè ou la, mwen wè dlo k’ap sot nan je ou»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 38, 1-6. 21-22. 7-8
Jou sa yo, Ezekyas malad jous li t’a pral mouri ; pwofèt Izayi, pitit Amòs, antre kote l’, li di l’ : «Men pawòl Granmèt la : «Met lòd lakay ou, paske w’ap mouri, ou p’ap viv». Ezekyas vire fas li bò miray la, li lapriyè Granmèt la, li di : «Tanpri, Granmèt : sonje, tanpri, kijan mwen te mache devan ou nan verite ak yon kè ki kòrèk nèt, kijan mwen te fè byen devan je ou». Ezekyas kriye anpil.
Pawòl Granmèt la rive kot Izayi, li di : «Al di Ezekyas : «Men pawòl Granmèt Bondye David, papa ou la : Mwen tande lapriyè ou la, mwen wè dlo k’ap sot nan je ou; gade, m’ap ajoute kenz ane nan lavi ou, m’ap delivre ou sot anba men wa Asiryen yo, epi vil sa a, m’ap pwoteje l’».
Izayi pase lòd pou yo pote yon ponyen fig frans, pou yo fè yon kataplas sou blès la, pou l’ geri. Ezekyas di: «Ki siy k’ap fè m’ konnen m’ap monte nan kay Granmèt la?» «Men siy ki soti nan Granmèt la, k’ap fè ou konnen Granmèt la ap reyalize pawòl sa a li te di a: «Men m’ap fè lonbraj liy yo tounen, kote l’ te desann nan òlòj Akaz la ki mache sou solèy la, l’ap tounen dis liy an aryè». Solèy la tounen dis liy nan mak yo kote li te desann nan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Iz. 38, 10. 11. 12abcd. 16.
R/ Ou menm, Granmèt, ou delivre nam mwen, pou l’ pa peri.
Mwen te di: «Nan mitan lavi m’ m’a pral nan pòt anba tè a; mwen mande rès ane m’ yo».R.
Mwen te di: «Mwen p’ap wè Granmèt Bondye sou tè vivan yo; mwen p’ap wè moun ankò ni sila a ki abite nan lapè a.R.
Lavi m’ koupe, li woule sot nan mwen tankou joupa gadyen yo; yo koupe lavi m’ tankou moun k’ap fè twal: pandan mwen t’ap file l’ toujou, li koupe m’.R.
Granmèt, si se konsa pou l’ jwenn lavi, si se nan fason sa yo pou lavi lespri m’ refèt ou a korije m’, ou a fè m’ viv».R.
LEVANJIL
«Pitit moun nan Granmèt ata saba a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap mache nan jaden ble yo yon jou saba; disip li yo te grangou, yo kòmanse pran zepi yo, y’ap manje.
Farizyen yo wè sa, yo di l’: «Gade disip ou yo ap fè sa yo pa gen dwa fè jou saba».
Li menm li di yo:
«Èske nou pa t’ li sa David te fè, lè l’ te grangou, li menm ni sila yo ki te avèk li a, kijan li te antre nan kay Bondye a, li te manje pen yo te depoze yo, sa li pa t’ gen dwa manje, ni sila yo ki te avèk li a, sof prèt yo sèlman an?
Oubyen èske nou pa t’ li nan lalwa a kijan jou saba a prèt yo nan kay sakre a yo pa suiv saba a san yo pa fè peche? Ebyen mwen di nou isit la gen pi gran pase kay sakre a.
Si nou te konnen sa sa vle di: «Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis», nou pa ta janm kondane inosan yo. Pitit moun nan se Granmèt ata saba a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jezi gen yon kè ki sansib, li pa kapab wè moun ap soufri ni nan kò, ni nan lespri: se sa k’ fè li te sòti jou repo a avèk disip li yo, epi pandan yo t’ap pase nan yon jaden ble, yo te santi grangou, mesye yo kòmanse keyi kèk zepi pou yo manje: nan tan sa a se yon bagay ki te nòmal pou Jezi, depi w’ap pase yon kote ki gen fwi, ou gen dwa pran pou manje lè grangou a rèd pou ou. Poutèt patizan Jezi yo te fè sa jou Saba a, farizyen yo te move tankou kong, sou pretèks ke patizan Jezi yo te komèt yon enfraksyon grav.
Men Jezi te vle montre yo, pa gen anyen ki gen plis enpòtans pase lavi ak diyite moun. Tout sa Bondye te kreye se pou te kapab sèvi moun. Lavi yon moun vo plis pase tout lwa, tout konstitisyon yon peyi. Yo pa dwe fòse moun fè yon bagay ki mete lavi li an danje.
Jezi revele nou, se li menm ki Mèt Saba a epi Saba se osèvis moun li fèt pou ye; se pa moun ki dwe osèvis saba a. Se yon envitasyon tou pou nou revize atik lalwa oubyen konstitisyon nou yo pou nou wè nan ki mezi yo valorize oubyen respekte diyite moun, pou nou wè si yo fè moun plis byen ke mal.
Nou dwe pran ekzanp sou Jezi, ki senp, ki dou, ki gen anpil pasyans, ki gen kè sansib pou tout moun. Jezi vin leve tèt nou e restore diyite nou. Menm jan ak Jezi an nou lite pou nou defann dwa ak diyite tout moun, sitou sila yo ki pi fèb nan sosyete a.

LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, se ou ki Mèt tout sa ki ekziste, tanpri ede nou konprann sans lavi a; pou nou pa janm bay anyen sou tè a plis valè pase lavi ak diyite moun. PWOPOZISYON: Mwen dwe respekte lavi mwen ak diyite mwen, pou mwen ka respekte lavi ak diyite lòt yo.

JEDI 14

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Leve, fè lwanj, nou menm ki te chita nan pousyè a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 26, 7-9. 12. 16-19
Tras wout moun ki kòrèk la, li dwat; ou menm ki dwat, ou egalize chemen moun ki kòrèk la pou l’ mache. Nan wout jijman ou yo, Granmèt, n’ap tann ou; non ou ak souvni ou se sa nam nou anvi.
Nam mwen anvi ou nan nuit, nan lespri m’, anndan fon kè m’ granmaten m’ap veye ou. Lè ou fè jijman ou yo sou tè a, moun yo ki abite fas tè a aprann jistis.
Granmèt, w’ap ba nou lapè; tout aksyon nou yo, se ou menm ki fè yo pou nou.
Granmèt, nan kè sere, y’ap chèche ou; nan tray, y’ap plenyen ak pawòl ou. Tankou fi a ki ansent, lè tan pou l’ fè pitit la ap pwoche, li gen doulè, l’ap rele nan soufrans li yo, konsa nou te ye devan fas ou, Granmèt. Nou te ansent, se kòmsi nou t’ap fè pitit, men se van nou te anfante. Nou pa t’ pote delivrans sou tè a, se pousa moun ki abite tè a yo pa t’ rive fèt.
Mò ou yo ap viv, moun mwen yo ki mouri yo, y’ap tounen vin vivan. Leve, fè lwanj, nou menm ki abite nan pousyè a, paske se lawouze limyè lawouze ou la ye; peyi jean yo, w’ap detwi l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 101, 13-14ab e 15. 16-18. 19-21
R/ Granmèt la ap ekzamine sou tè a antan l’ nan syèl la.
Ou menm, Granmèt, se tout tan ou dire, souvni ou pou jenerasyon ak jenerasyon.
W’ap leve pou ou pran pitye pou Siyon, paske li tan pou ou pran pitye pou li.
Sèke sèvitè ou yo renmen wòch li yo, yo pran lapenn pou pousyè l’ la.R.
Nasyon yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte ou la;
paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’. L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Sèke li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a antan l’ nan syèl la;
Pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
LEVANJIL
«Mwen tou dou, kè m’ tou pòv».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 28-30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl, li di:
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap pran fatig, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nam nou; jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou fè kò nou piti, nou parèt pi senp, san konplikasyon, Bondye pran plezi nan nou. Epi li devwale nou sekrè renmen li an, li devwale nou sekrè sajès li a.  Nan premye lekti a nou jwenn yon imaj pousyè. Imaj pousyè sa a fè referans ak salte. Se yon bagay nou konnen, lè gen pousyè yon kote, sa ka lakòz maladi. Pou ti moun yo menm se pi rèd. Granmoun yo konn di ti moun yo pa jwe nan tè a, paske li ka fè yo gripe. Sa vle di, moun pa fèt pou viv nan kote ki gen pousyè. Konsa li enpòtan pou nou kite Granmèt la netwaye nou, pou wete tout pousyè peche ki blanchi bèlte lagras li a nan nou.
Nan Levanjil jodi a, Jezi fè nou envitasyon pou nou vin jwenn li. Nou pa bezwen ezite vin jwenn li ak tout chay pwoblèm k’ap trakasye nou, pwoblèm grangou, lwaye kay, vyolans nan fanmi yo. Jezi pwomèt nou repo. LI di nou do li laj pou li pote tout chay nou yo. Si nou fè li konfyans, fènwa nou yo va tounen limyè, sous dlo lagras li va jayi nan sechrès lavi nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen santi difikilte lavi a peze lou sou do mwen, jodi a mwen vin remèt ou tout sa. Mèsi paske ou pran yo tout sou do ou, pa gen moun ki plis konprann mwen pase ou, pa gen moun ki solidè ak mwen menm jan ak ou.

PWOPOZISYON : Imite kè sansib Jezi pou nou ka sèvi lòt yo ak dousè.