Páginas

MÈKREDI 31

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«N’ap ede Bondye; nou menm nou se jaden Bondye, kay Bondye ap bati».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 3, 1-9
Frè m’ yo, mwen pa t’ kapab pale nou tankou moun lespri, men se tankou ak moun chè a mwen te pale ak nou; tankou ti bebe nan Jezikri, se lèt mwen te ba nou bwè, se pa manje, nou pa t’ ko kapab sipòte manje reyèlman vre; ata koulye a nou pa ko kapab, paske se moun chè a toujou nou ye. Sèke si gen jalouzi ak diskisyon nan pami nou, èske se pa moun chè a nou ye, epi èske se pa daprè moun pa tè a n’ap mache?
Sèke lè youn ap di: «Mwen menm se moun Pòl mwen ye», yon lòt menm: «Mwen se moun Apolon», èske se pa daprè konduit lèzòm n’ap aji? Ki sa Apolon ye konsa a? Ki sa Pòl menm ye? Se sèvitè sila a nou kwè nan li a, yo chak yo aji daprè sa Granmèt la ba yo. Mwen menm mwen te plante, Apolon te wouze, men se Bondye ki te fè plant la pouse. Konsa ni sa k’ plante a pa kichòy, ni sa k’ wouze a, men se sa k’ fè pouse a, se Bondye. Sila a ki plante a ak sila a ki wouze a se yon sèl yo ye: chak moun ap resevwa pwòp rekonpans li daprè travay li. Se asosye Bondye nou ye; nou menm menm nou se jaden Bondye, nou se kay Bondye ap bati.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 12-13. 14-15. 20. 21
R/ Se chans pou pèp Bondye chwazi kòm eritaj li a.
Se chans pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a.
Antan l’ nan syèl la Granmèt voye je l’, li wè tout pitit moun yo.R.
Antan l’ nan kote li abite a li voye je l’ sou tout moun ki abite tè a,
li menm ki fòme kè yo chak, ki ekzamine tout travay yo.R.
Nam nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye;
paske se nan li kè nou ap fete, se nan non l’ ki sen an n’ap espere.R.
LEVANJIL
«Nan lòt vil yo tou mwen gen pou m’ pote bòn nouvèl la, paske se pousa yo voye m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 38-44
Lè sa a:
Jezi leve sot nan kay reyinyon an, li antre nan lakay Simon; bèlmè Simon an te ret kouche ak yon gwo lafyèv, yo lapriyè l’ pou li. Li kanpe, li panche sou li, li kòmande lafyèv la, lafyèv la kite l’; menm lè a li leve, li t’ap sèvi yo.
Kòm solèy la t’ap kouche, tout moun ki te gen moun malad anba tout kalite maladi, yo mennen yo ba li. Li menm li poze men sou yo chak, li geri yo.
Demon yo t’ap sòti nan anpil moun, antan y’ap rele byen fò, y’ap di: «Ou se Pitit Bondye a»; li t’ap menase yo, li pa t’ abitye kite yo pale, paske yo te konnen li se Kris la.
Lè l’ fè jou, li sòti, l’al nan yon kote ki pa gen pèsonn; foul yo t’ap chèche l’, yo rive jous kote l’, yo te kenbe l’, pou l’ pa t’ pati kite yo.
Li menm li di yo: «Sèke lòt vil yo tou, mwen gen pou m’ anonse rèy Bondye a ba yo paske se pousa menm yo voye m’». Epi li t’ap preche nan kay reyinyon Lagalile yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi gen kè sansib anpil pou moun k’ap soufri. Li konn geri tout maladi yo. Menm tan tou, Jezi te gen misyon preche Bòn Nouvèl la nan plizyè vil. Li pa t’ chita yon sèl kote. 
Nan moso Levanjil daprè Lik ki sen n’ap li jodi a, nou wè te gen anpil moun Jezi te geri, men toujou te gen moun li pa t’ rive geri, tèlman te gen moun, epi tèlman te gen kote ki te bezwen tande Bòn Nouvèl la. 
Kisa nou panse de moun ki pa t’ ka geri nan men Jezi yo, lè l’ te kite vil la avan l’ te fin wè chak grenn moun?  Èske Jezi bliye yo?  Èske li pa renmen yo, ki fè li kite yo konsa?
Pou n’ reponn a sa, fò n’ gade jan bèlmè Pyè te aji lè Jezi te geri lafyèv li a. Li menm menm, li te ka dekouraje anpil lè l’ te tonbe malad, paske li te gen tan granmoun, epi se fi li te ye nan yon sosyete ki pa t’ twò respekte medanm yo, ki fè yo te ka meprize li deja. Lè l’ tonbe malad, li ka panse yo te pral kite li deyò nèt, pèsonn moun p’ap okipe li. Men lè Jezi te ba l’ posiblite pou li entegre tèt li ankò nan kominote a, madam nan te kanpe, epi li kòmanse sèvi lòt yo. Sa l’ te resevwa gratis, li te bay li gratis.
Se nan menm sans sa a tou, Jezi te geri yon gwoup moun, kounye a se yo menm menm ki pou fè sa yo kapab pou moun ki poko geri yo. Jezi te bay plizyè moun Pawòl Bòn Nouvèl la, kounye a se yo menm ki pou gaye nouvèl la.
Bondye chwazi nou pou n’ kolabore avè l’. Pou n’ fè sa, se pou nou gen menm santiman avèk Jezi, se pou nou aji menm jan l’ te konn aji.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou geri mwen nan tout maladi mwen. Mèsi tou paske ou fè m’ jwenn Bòn Nouvèl renmen ou a. Tanpri, fè kè m’ sansib ak moun k’ap soufri, pou m’ kapab kolabore avè w’ nan misyon ou a. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap idantifye yon bagay mwen rekonèt mwen te resevwa li gratis, epi m’ap sèvi avè li pou m’ rann moun yon sèvis.

MADI 30

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Moun k’ap aji avèk fòs natirèl sèlman, li pa wè bagay ki sòti nan lespri Bondye a; men moun lespri a jije tout bagay»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 2, l0b-16
Frè m’ yo:
Lespri a sonde tout bagay, ata gran sekrè Bondye yo. Kilès reyèlman vre nan pami lèzòm ki konnen afè moun nan, si se pa lespri moun nan, ki nan li a? Konsa tou bagay Bondye yo, pèsonn pa konnen yo, sof Lespri Bondye a. Kanta nou menm nou pa resevwa lespri tè sa a, men se Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou konnen kado yo Bondye ba nou an: se yo menm n’ap pale a, se pa ak pawòl sajès moun nou anseye, men se nan lansèyman Lespri a; afè lespri a, se nan sans lespri a menm n’ap chèche konprann yo.
Moun nan k’ap aji avèk sèl fòs chè a bay, li pa wè bagay ki sòti nan Lespri a; se afè moun fou yo ye pou li, li pa kapab konprann, paske se Lespri a ki pèmèt moun jije. Moun Lespri a menm, li jije tout bagay; men li menm, pèsonn pa kapab jije l’. Kilès reyèlman vre ki konnen sa k’ nan lide Granmèt la, pou l’ ba l’ konsèy? Kanta nou menm nou gen sa k’ nan lide Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 9. 10-11. 12-13ab. 13cd-14
R/ Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo.
Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare bèlte peyi kote ou wa a, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit lèzòm yo konnen mèvèy ou yo,
ak bèlte rèy ou a, ki ekstrawòdinè a. Rèy ou a, se pou tout tan,
kòmandman ou nan pou tout jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la fidèl nan tout paròl li yo, li sin nan tout travay li yo.
Granmèt la soutni tout moun k’ap tonbe yo, li drese tout sa k’ kraze yo.R.
LEVANJIL
«Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 31-37
Lè sa a:
Jezi desann Kafanawòm, yon vil Lagalile; antan l’ la, li t’ap bay moun yo lansèyman, jou saba a. Yo te sezi poutèt lansèyman l’ nan, paske li t’ap preche avèk otorite.
Nan kay reyinyon an te gen yon mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp, li rele byen fò, li di: «Kite nou, sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi, moun Nazarèt la. Èske ou vini pou ou pèdi nou? Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a».
Jezi menase l’, li di: «Pe bouch ou, sòti nan li». Demon an jete l’ nan mitan moun yo, li pati sot nan li, san l’ pa fè l’ okenn mal. Tout moun tranble, youn ap pale ak lòt, y’ap di: «Ki pawòl sa a, paske se nan pouvwa ak fòs li kòmande lespri ki pa pwòp yo, epi yo sòti?» Repitasyon l’ gaye nan tout kote nan peyi a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou wè kòman lansèyman an se te sant misyon Jezi a nan lavi piblik li. Men, predikasyon Jezi a te trè diferan avèk sa doktè lalwa yo te konn bay la, se sa ki fè moun yo te etone, yo te nan admirasyon. Li klè ke, malgre Jezi pa t’ janm etidye, li te twouble moun yo ak kalite lansèyman li a, paske «li t’ap preche avèk otorite». Fason li te pale a te montre otorite sila a ki te konnen li se «Sen Bondye a».
Otorite sa li te genyen nan fason li t’ap pale a, se sa ki te bay langaj li fòs. Li te itilize imaj ke tout moun te ka konprann san kase tèt; li te pran imaj sa yo nan lanati oubyen nan Labib. Nou pa ka doute ke Jezi se te yon bon obsèvatè, epi li te byen konnen tout sitiyasyon moun t’ap viv: menm jan nou wè li ap bay lansèyman an, se konsa tou nou wè l’ap fè byen nan antouraj Li (Li geri malad, li chase demon,…). Nan liv lavi a li te li chak jou anpil eksperyans ke li te konn itilize nan lansèyman li. Menm si se pa t’ yon gwo bagay, Pawòl Granmèt la te toujou mennen byen lwen, li te boulvèse, li te tou nèf, epi definitif.
Sa ki pi gran nan fason Jezi pale a, sèke li te rive makonnen otorite Bondye avèk senplisite moun. Otorite ak senpliste te posib pou Jezi, gras ak konesans li te genyen sou Papa epi gras ak relasyon obeyisans nan renmen ke li te genyen avèk li(Cf. Mt 11,25-27). Se kalite relasyon sa ke Jezi te genyen ak Papa li a ki pèmèt nou konprann amoni san parèy sa a ki genyen ant grandè ak senplisite. Otorite langaj Jezi a pa reponn ak kritè ke moun ta kapab etabli. Se pa yon kesyon enterè pèsonèl, oubyen yon kesyon pou montre se entèl ki chèf, se li ki kòmande. Non! Se pa nan lojik sa otorite Jezi a chita.
Se te yon otorite ki te manifeste nan grandè pawòl Jezi oubyen nan aksyon li, menm jan tou nan imilite li ak senplisite li. Pa gen lwanj pèsonèl ki t’ap soti nan bouch Jezi, ni awogans, ni gwo kout rèl…Bon kè, dousè, konpreyansyon, kè poze, trankilite, mizerikòd, verite, limyè, jistis...se lodè pafen sa yo ki te sòti nan lansèyman Jezi a.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ou menm ki nan dènye wotè a, ou desann byen ba pou ou sèvi nou, tanpri ede nou sèvi ak otorite nou genyen pou nou sèvi lòt yo, dekwa pou nou ka rive nan wotè ou ye a, ki se wotè renmen an.

PWOPOZISYON: Montre ou renmen yon frè oubyen yon sè, antan ou koube ou byen ba pou ou sèvi li, san ou pa chache konpliman pou tèt pa ou.

LENDI 29

Koulè Wouj
MATI JAN BATIS KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Di yo tout sa m’ pase ou lòd pou di. Pa pè devan fas yo»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 1, 17-19
Jou sa yo: pawòl Granmèt la rive kote m’, li di:
«Mare ren ou, leve, di yo tout sa mwen pase ou lòd pou ou di a. Pa pè devan fas yo, mwen p’ap kite ou tranble devan figi yo. Mwen mete ou jodi a tankou yon vil ki byen pwoteje, ak yon kolòn fè, ak yon miray asye, anwo tout tè a, devan wa Jida yo, chèf li yo, prèt yo ak pèp tè a. Y’ap batay kont ou, yo p’ap ranpòte viktwa sou ou, paske mwen avèk ou pou m’ delivre ou; deklarasyon Granmèt la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15ab-17
R/ Bouch mwen ap anonse jistis ou.
Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan.
Nan jistis ou a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay defans, pou ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen, se ou menm.Bondye mwen, wete m’ nan men pechè a.R.
Paske se ou menm ki pasyans mwen, Granmèt; Granmèt, esperans mwen depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’ nan vant depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’. Se pou ou, tout tan, m’ap fè lwanj.R.
Bouch mwen ap anonse jistis ou ak sekou w’ la, tout jounen. M’ap vin kot pouvwa Granmèt la: Granmèt, m’ap fè sonje jistis ou ki pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
«Mwen vle pou tout-suit ou ban m’ tèt Jan-Batis sou yon plat»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 17-29
Lè sa a:
Ewòd voye arete Jan, li mete l’ nan prizon akoz EWodyad, madanm Filip, frè l’ la, paske li te marye avèk li.
Jan t’ap di Ewòd: «Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la. Ewodyad menm t’ap fè konplo kont li, li te vle touye l’, li pa t’ kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te yon moun ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’ pou l’ fè anpil bagay, se avèk plezi li te konn koute l’.
Yon jou rive ki bay bon okazyon: Ewòd te fè yon resepsyon pou fèt li avèk chèf yo ak majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a.
Pitit fi Ewodyad la vin antre, li danse; sa fè Ewòd plezi, ansanm ak lòt envite yo; wa a di ti fi a: «Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou l’». Li fè l’ sèman: «Nenpòt kisa ou mande, m’ap ba ou l’, te mèt se mwatye peyi wa m’ nan».
Li menm, li sòti, li di manman l’: «Ki sa pou m’ mande? »
Li di: «Tèt Jan-Batis».
Li antre byen vit ankò kot wa a, li mande l’, li di: «Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’ tèt Jan-Batis sou yon plat».
Wa a pran chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li pa t’ vle kontrarye l’, li voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon plat. Yo koupe tèt li nan prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a li, ti fi a menm bay manman l’ li. Lè disip yo tande sa, yo rive, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jan t’ap di Ewòd: «Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la.»
Jodi a n’ap sonje Jan Batis ki te mouri mati, li menm ki t’ap prepare chemen pou Mesi a, Pitit Bondye a. Tout lavi Jan Batis te santre sou Jezi, atèl pwen ke san li menm, travay li t’ap fè a pa t’ap gen sans.
Depi nan vant manman li, li te de deja santi kijan Jezi pa t’ lwen li. Rankont Mari avèk kouzin li, Elizabèt, de fanm ki ta pral vin manman, se yon rankont ki ouvri yon dyalòg ant de (2) timoun: Sovè a te sanktifye Jan, e Jan tresayi ak kè kontan nan vant manman li.
Kòm sila a ki t’ap prepare wout pou Granmèt la, li te kenbe kè kontan sa a (sa vle di, li te «plen ak Bondye»), li te prepare chemen an, li te egalize wout yo, li te kase tèt bit yo, li te anonse Granmèt la te deja rive, e li te montre moun yo Mesi a ak dwèt li: «Men Mouton Bondye a» (Jan 1,36)
Nan dènye moman lavi li, yo te mete Jan nan prizon alòske li t’ap preche libète Mesi a ap pote pou tout moun ki te prizonye vis ak move abitid yo: «Jan te di Ewòd: “Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la”» (Mak 6,18). Lanmò Jan Batis se temwayaj mati li ki santre sou Jezi. Li te devan li nan lavi a epi li pran devan li nan lanmò a.
Sen Bèd di nou ke « li te prizonye fènwa yon ti chanm, li menm kit e vin rann limyè temwayaj e ki te merite pou Jezi ki se limyè a menm te rele li flanm ki byen cho limyè a. Sila ki te resevwa misyon pou batize redanmtè mond la, li batize nan pwòp san pa li.»
Nou espere komemorasyon Mati sen Jan Batis ap fè nou ranpli ak Bondye, dekwa pou nou ka temwaye lafwa nou nan Jezikri ak kouraj. Se pou lavi nou kòm kretyen toujou santre sou Jezikri, paske se li k’ap ba li sans.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te vle pou Jan Batis ki sen te fè chemen Pitit ou a pou nesans li ak pou lanmò li, tanpri, fè nou favè pou, menm jan li menm li mouri mati verite a ak jistis la, konsa tou nou menm, nou batay sere pou deklare nou kwè nan ansèyman ou nan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Menm si yo menase mwen, m’ap batay pou lajistis, m’ap pale verite.

DIMANCH 28

Koulè Vèt
VENNDEZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Rabese tèt ou, konsa w’ap jwenn favè devan Bondye”.
NAN LIV SIRASID 3, 19-21. 30-31
Pitit mwen, reyalize zafè ou antan ou fè kò ou tou piti, konsa y’a renmen ou plis pase moun ki chèche bèlte lézòm. Plis ou gran, rabese tèt ou nan tout bagay, konsa w’a jwenn favè devan Bondye, paske se pouvwa sèl Bondye a ki gran, se moun ki rabese tèt yo ki ba l’ konsiderasyon.
Pa gen remèd pou foul moun k’ap pran pòz yo siperyè a, pye bwa peche a pouse rasin nan yo, yo pa konprann sa. Kè moun ki gen sajès la, li reflechi nan sajès la; yon bon zòrèy ap anvi koute sajès la anpil.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 4-5ac. 6-7ab. 10-11
R/ Nan kè ou ou pare yon kay pou pòv la, Bondye.
Se pou moun ki kòrèk yo fè kè yo kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jui nan kè kontan.
Chante pou Bondye, di sòm pou non l’ ; Granmèt la se non l’.R.
Papa òfelen yo, ak jij vèv yo, Bondye nan lakay li ki sen an.
Bondye ki fè pòv yo abite nan yon kay, ki kondui prizonye yo nan richès.R.
Se yon lapli favè ou vide, Bondye ; eritaj ou a ki fèt la, ou te refè l’.
Vivan ou yo te abite ladan l’, ou te pare l’ pou pòv la nan bon kè ou, Bondye. R.
DEZYÈM LEKTI
“Nou te pwoche kot mòn Siyon an ak vil Bondye ki vivan an”.
NAN LÈT POU EBRE YO 12, 18-19. 22-24a
Frè m’ yo :
Nou pa t’ pwoche kot yon mòn yo kapab touche, ak dife k’ap flanbe, ak fènwa, ak dekou, ak tanpèt, ak son klewon, ak bwi pawòl ; moun yo ki te tande yo a, yo te mande padon, pou bagay sa a sispann pou yo.
Men nou te pwoche kot mòn Siyon an ak vil Bondye ki vivan an, Jerizalèm nan syèl la, ak pakèt milye mesaje yo k’ap fete yo, ak foul premye pitit yo ki gen non yo ekri nan syèl yo, ak Bondye ki jij tout moun yo, ak nanm moun ki kòrèk yo ki fin bon nèt yo, ak Jezi ki sèvi entèmedyè nouvo testaman an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Moun ki leve tèt li, y’a rabese l’, men moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’anlè.”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 1.7-14
Lè sa a:
Rive, Jezi te antre lakay youn nan chèf farizyen yo yon jou saba pou l’ manje pen, epi yo menm yo t’ap veye l.
Men li di yon parabòl pou moun yo te envite yo, paske li te wè kijan yo t’ap chèche premye plas yo, li di yo: “Lè yo envite ou nan yon nòs, pa enstale ou nan premye plas la, paske petèt mèt kay la envite yon moun ki gen plis konsiderasyon pase ou, epi lè sila a ki envite ni ou ni li a vini, li di ou:Ba l’ plas la ; lè sa a w’ap blije pran dènye plas la ak lawont.
Men, lè yo envite ou, ale, enstale ou nan dènye plas la; konsa, lè moun ki te envite w’ la ap rive, l’ap di ou: Zanmi, monte pi wo. Lè sa a atò sa ap yon lwanj pou ou devan tout envite yo. Paske tout moun k’ap leve tèt li, y’ap rabese l’; se moun k’ap rabese tèt li y’ap leve anlè.
Li t’ap di moun ki te envite l’ la tou : Lè ou fè yon dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi ou yo, frè w’ yo, ni fanmi w’ yo, ni vwazen yo ki rich yo, pou yo pa envite ou yo menm tou apre sa, pou ou gen rekonpans ou. Men, lè w’ap fè yon resepsyon, envite pòv yo, enfim yo, sa k’ap bwate yo, avèg yo.
Sa ap yon chans pou ou, paske yo menm yo pa gen dekwa renmèt ou, w’a gen rekonpans pou sa, lè moun kòrèk yo ap leve vivan an”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Lontan granmoun yo te konn rakonte yon ti istwa sou yon krapo. Krapo sa a te sèl kòk chante nan basen dlo kote li te rete a. Li te konn vante tèt li, li pi gwo pase tout bèt.
Lè sa a, te gen yon bèf ki t’ap gazonnen bò dlo kote krapo a te rete a. Yon kamarad di li: Gwo kou ou gwo, ou toujou pi piti pase bèf sa a! Krapo a pa vle bay legen. Li di: m’ pral fè ou wè mwen pi gwo pase bèf sa a. Li pran gonfle kò li jis li pa kapab ankò. Lè fini, li mande lòt la: kounye a, èske m’ pi gwo pase bèf la? Lòt la pran ri. Li di: ou lwen toujou! Krapo a fache, li gonfle kò li pi plis. Chak fwa li mande si l’ rive gwosè bèf la, chak fwa lòt la di: non, ou lwen toujou! Krapo a fè kolè, li gonfle ko l’ si tèlman li pete an mil moso. Se konsa li mouri. Se lògèy ki te touye l’.
Se konsa tout Pawòl Bondye a jodi a ap envite nou reflechi sou fason ke nou ye, sou fason nou konpòte nou nan gonfle kò, nan panse nou pi enpòtan pase lòt, nou vo plis pase yo; nou gonfle ak move lògèy. Se pou sa a Jezi ap ban nou pi bon ekzanp kijan pou nou konpòte nou. Lè sa a, yon gwo nèg te envite Jezi pou l’ vin manje lakay li. Lè Jezi antre nan sal la, li wè kijan lòt envite yo te pran pi bon plas yo. Se sa k’ fè Jezi ba yo yon ti leson, li di: lè yo envite nou nan yon nòs, pa pran pi bon plas, pou si yo te envite yon pi gwo nèg pase ou. Lè sa a, mèt nòs la va di ou: bay moun sa a plas sa. Epi ou pral wont, w’a oblije pran dènye plas la.
Men, lè yo envite ou, pito w’ pran dènye plas, konsa lè mèt nòs la vini, l’a di ou: zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Sa va yon lonè pou ou devan tout moun ki la yo.
Se konsa, moun ki leve tèt, yo fè l’ bese l’, men moun ki bese tèt, yo fè l’ leve l’. Lè fini, Jezi di moun ki te envite l’ la: lè w’ap fè yon fèt, pa envite moun parèy ou yo, yo menm, yo pral remet ou sa, y’ap envite ou tou. Men pito ou envite pòv yo, paske yo pa kapab rann ou menm sèvis sa a. Se Bondye li menm ki va remèt ou sa.
Sè m’ak frè m’ yo, nou te di se lògèy ki touye krapo a. kounye a nou tande Jezi di nou: moun ki leve tèt, y’ap fè l’ bese l’. Nan pwen pi gwo danje pou yon kretyen pase lògèy. Yon moun ki plen move lògèy, l’ap gonfle kò li kou krapo a. Li pa wè anyen pase pwòp tèt pa li. Kè li fèmen pou Bondye ak frè l’ yo. Ata lè li fè lacharite, se pwòp glwa li, pwòp avantaj li li chache. Li pran pòz endepandan li devan Bondye, epi li meprize frè ak sè li yo.
Bondye pa kab fè anyen pou li. Li tankou yon kanal ki bouche, tankou yon branch bwa ki koupe. Renmen Bondye pa kapab pase nan li, ki fè li pa kapab renmen frè li yo. Lavi a pa nan li.
Men, yon moun ki fè kò li piti, ki rekonèt feblès li, li konte sou Bondye, li louvri kè li pou Bondye kapab plen l’ ak renmen li a. Yon moun konsa, li renmen frè li yo tout bon. Nan sèvis, li sèvi frè li yo, li pa chache enterè ak avantaj pa li, men li renmen yo tou senp, san l’ pa atann anyen nan men yo, paske Bondye te renmen l’ anvan.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann mwen viv nan renmen ak senplisite pou mwen kapab sèvi ou pi byen nan frè ak sè mwen yo.

PWOPOZISYON : Se pou nou fè ko nou pitit, se pou n’ rekonèt san Bondye nou pa anyen. Men kijan nou kab fè sa a: kenben fè m’ nan lapriyè, paske moun k’ap rele Bondye p’ap janm tonbe nan move logèy.

SAMDI 27

Koulè Blan
MONIK KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Nou aprann nan men Bondye pou nou youn renmen lòt”
NAN PREMYE LÈT PÒL EKRI MOUN KORENT YO 1, 26-31
Gade nan kisa yo rele nou, Frè m ` yo; sèke pa gen anpil moun bon konprann daprè chè a, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni anpil moun ki sot nan gran ras. Men se sa k` fou sou tè a Bondye chwazi, pou`l fè moun bon konprann yo wont; se sa k`fèb sou tè a Bondye chwazi pou l` fè sa k`fò yo wont; se sa k` san  konsiderasyon ak sa yo meprize sou tè a Bondye chwazi, ak sa k`pa anyen, pou l`detwi sa k`kichòy yo, pou okenn chè pa fè grandizè devan fas li.
Se gras a li nou nan Jezikri, Jezikri sa a ki vin tounen bon konprann pou nou k`sot nan Bondye ak jistis, ak sa k`ap fè nou vin sen an, ak delivrans; konsa daprè sa k `ekri a: “Moun k`ap leve tèt li, se nan Granmèt la pou l`leve tèt li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 32
R/ Se chans pou pèp la Granmèt la chwazi kòm eritay li a.
Se chans pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l`
Pèp la li chwazi kòm eritay li a.
Nan syèl la Granmèt la gade li wè tout pitit moun yo. R.

Men je Granmèt la sou moun ki respekte l` yo, 
Sou moun ki espere sou kè sansib li,
Pou l`delivre nanm yo sot nan lanmò,
Pou l`ba yo  manje nan grangou. R.

Nam nou ap konte sou Granmèt la,
Paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye,
Paske se nan li kè nou kontan,
Se na non l` ki sen an nou espere. R.
LEVANJIL
« Pou tèt ou te fidèl nan  yon ti bagay, antre nan kè kontan mèt ou a »

MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN (Mt. 25, 14-30)

Lè sa a Jezi di patizan l`yo parabòl sa a:
Yon mesye t’ ap pati al nan vwayaj, li  rele sèvitè l` yo, li renmèt yo yo byen l` yo: li
Bay youn senk pyès lajan, youn lòt li menm  de, epi  yon lòt  menm yon sèl; chak moun daprè kapasite pa l`; aprè sa  li pati la menm. Sa k` te resevwa senk pyès lajan an, l` ale, li travay avèk yo, li rapòte senk lòt. Menm jan tou sa k` te resevwa de pyès lajan an, li rapòte de lòt. Men sa k` te resevwa  yon sèl la, l`al fouye tè a, li kache lajan mèt li a.

Aprè anpil tan, mèt pyès lajan sèvitè sa yo vini, li mande yo kont.
Sa k`te resevwa senk pyès  lajan an  li proche, li prezante sen lòt pyès lajan, li di: Mèt, se senk  pyès lajan ou te ban mwen, men senk lòt mwen rapòte, Mèt la di l`: Se byen, bon sèvitè ki  fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m`ap enstale  ou  sou anpil: antre na kè kontan mèt ou a

Sa k` te resevwa de pyès lajan an, li proche  tou, li di : Mèt  se de pyès lajan ou te renmèt  mwen, men de lòt mwen rapòte. Mèt li d l` : Se byen, bon sèvitè ki fidèl : poutèt  ou te fidèl sou yon ti kras, m`ap enstale ou sou anpil : antre nan kè kontan mèt ou.

Sa k`te resevwa yon sèl pyes lajan, li proche atò, li di : Mèt, mwen  konnen ou se yon moun ki  rèd : ou rekòlte kote w` pa simen, ou ranmanse kote ou pa  t` plante. Mwen te pè, m`ale, mwen kache pyès lajan ou an nan tè a, men li, pran afè w`.

Mèt li reponn, li di l` : Move sèvitè, ou parese, ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pa simen, mwen ramase kote mwen pa plante : ou te dwe renmèt lajan m` nan labank, lè m`vini mwen ta resevwa sa m`depoze a avèk  benefis. Pran pyès lajan an nan men l`, bay moun ki gen dis pyès lanjan an ; konsa tout moun ki genyen va genyen, y`ap ba li, l` ap gen plis ; moun kipa genyen an menm, sa l’ konpran li genyen an menm, y`ap wete l’  nan men l`. Epi sèvitè sa a ki pa vo ayen an, jete l`nan fènwa deyò yo: kote sa a ap gen rèl ak manje dan”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Gen yon bèl chante legliz ki di, “tout sa n’ genyen, tout sa n’ ye, se ou ki bannou yo”. Sa se mesaj premye lekti jodi a.  Si ou gen lespri oubyen bèlte, si ou gen kòb oubyen yon bèl kay, si ou gen sante ak moun ki renmen ou, se pa paske ou merite l’plis pase yon lòt moun ki pa genyen l’.  Se Bondye Granmèt la ki fè w’ kado sa. 

Menm si ou te fè anpil efò pou ou te jwenn sa ou genyen jodi a, fò ou konnen gen lòt moun ki travay plis pase ou, men yo pa t’ gen menm chans avè w ‘.  Pou tèt sa, nou pa gen dwa vante tèt nou.  Se remèsye pou n’ remèsye Bondye pou lavi a ak pou tout sa li konn ba nou.

Chante a kontinye : “Nou vin remèt yo nan men w’, Granmèt, pran yo pou fè sevis ou”... Epi sa se mesaj Levanjil jodi a pote pou nou an.  Se pa sèlman pou nou sonje remèsye Bondye pou sa li ba nou.  Se pou nou sevi ak sa nou gen nan men nou, ak nan tèt nou, pou nou fè travay Jezi.

Lè yo repete refren an nan chante a, dènye pati a chanje epi yo di: “…pran yo pou sevi frè n’ yo”.  Tout sa n’ genyen, tout sa n’ ye, se pa pou nou sa ye.  Se prete Granmèt la prete nou bagay sa yo pou nou fè yon misyon avè yo.  Epi misyon li mande nou fè a, se pou nou youn sèvi lòt. 

Jezi pa mande manje, li mande nou bay moun ki grangou yo manje. Jezi pa mande n’ limen balèn pou li, li mande n’ pote limyè ledikasyon pou timoun yo.  Si n’ fè lwanj pou li, se paske nou rekonesan, nou wè se lavi l’ ap bay pou nou tout, depi nou dakò kolabore ak misyon li a.
PRIYÈ:Mèsi, Jezi, pou tout sa ou te ban mwen !  Ou merite tout kalite konpliman, men se pa konpliman ou mande.  Sa ou mande m’ se pou m’ sèvi frè m ; ak sè m’ yo.  Sa fè kè m’ kontan ! 

PWOPOZISYON : Si ou rekonesan pou sa Granmèt la fè pou ou, separe sa li ba ou ak lòt moun ki poko jwenn.  

VANDREDI 26

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"N’ap preche Jezikri yo klouré sou koua, sé yon antrav pou lézòm, min pou sila yo Bondié rélé yo, sé sajès Bondié".
LÉKTU PRÉMIÉ LÈT APOT PÒL KI SIN, POU KORINTYIN YO 1, 17-25
Frè-m yo:
Jézu-Kri pa voyé-m batizé, min li voyé-m préché lévanjil la, san-m pa sèvi avèk sajès paròl la, pou koua Jézu-Kri-a pa pèdi valè-l. Sèké paròl lakoua-a, sé yon foli pou moun k-ap péri yo; min pou moun k-ap sové yo, sa vlé di pou nou minm, sé pouvoua Bondié.
Min sa labib la di: "M-ap détoui sajès moun ki gin sajès yo, m-ap réjté intélijans moun léspri yo". Koté moun sajès la? koté profésè-a? koté moun k-ap ranpòté laviktoua soutè sa-a? Èské Bondié pa fè sajès tè sa-a vi-n fou? Réyèlman vré, paské nan sajès Bondié-a, moun yo pa-t konnin Bondié gras a sajès pa yo-a, poutèt sa Bondié chouazi pou-l fè moun ki kouè yo vi-n sové gras a foli n-ap préché-a. Sèké Juif yo ap mandé sign, Grèk yo ap chèché sajès; nou minm minm n-ap préché Jézu-Kri yo klouré sou koua-a. Pou Juif yo sé yon antrav, pou nasion yo sé yon paròl moun fou, min pou sila yo yo rélé yo, ni Juif ni Grèk, sé Jézu-Kri, pouvoua Bondié ak sajès Bondié-a; paské sa-k fou pou Bondié, li gin plis sajès pasé lézòm, sa-k fèb la pou Bondié, li pi fò pasé lézòm.
SOM REPONS Ps 32, 1-2. 4-5. lOab é 11 (r.: 5b)
R. Kè sansib Granmèt la plin tè-a.
1 Fété nan Granmèt la, nou minm ki kòrèk yo; louanj la alé ak moun ki douat yo.
2 Fè louanj pou Granmèt la sou gita, sou instriman dis kòd la, chanté pou li.   R.
4 Sèké paròl Granmèt la douat, tout aksion-l yo nan fidélité.
5 Li rinmin jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plin tè-a.   ,R.
10 Granmèt la gayé plan nasion yo, li bloké kalkil pèp yo.
11 Min plan Granmèt la rété pou tout tan, kalkil kè-l pou jénérasion ak jénérasion.   R.
LEVANJIL
"Min mésié marié-a ap vini: soti al rankontré-l".
+ LÉKTU ÉVANJIL KI SIN-AN DAPRÉ MATIÉ 25, 1 -13
Lè sa-a: Jézu di disip li yo parabòl sa-a:
"Ringn sièl yo sanblé ak dis vièj ki pran lanp yo, yo soti al rankontré mésié marié-a ak madanm marié-a. Sink nan yo té sòt, épi sink té gin léspri. Sink sa ki sòt yo, lè yo fi-n pran lanp yo-a, yo pa pran luil avèk yo; sa-k gin léspri yo minm, yo pran luil nan véso yo avèk lanp yo. Antan y-ap tann mésié marié-a ki té an réta, yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan mitan nannuit, yo tandé yon rèl: 'Min mésié marié-a, soti al rankontré-l'. Lè sa-a atò tout vièj sa yo lévé, yo paré lanp yo. Sa-k té sòt yo di sa-k té gin sajès yo: 'Ban nou nan luil nou-an, paské lanp nou yo étinn'. Sa-k gin léspri yo di yo: 'Riské pap gin kont pou ni nou minm ni nou minm, pito nou alé nan boutik yo, n-a achté".
Pandan yo t-al achté, mésié marié-a rivé; sa-k té paré yo antré avèk li nan nòs yo, yo fèmin pòt la.
Alafin lòt vièj yo vi-n rivé, yo di: 'Granmèt, Granmèt, louvri pou nou'. Li minm minm li réponn, li di: 'An vérité mouin di nou, mouin pa konnin nou'.
Konsa, sé pou nou véyé, paské nou pa konnin ni jou-a ni lè-a".
REFLEKSYON: «An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou».
Jodi a, ki se vandredi nan venntwazyèm semèn òdinè, Granmèt la fè nou sonje nou dwe toujou vijilan e nou dwe prepare nou pou nou rankontre ak li. A minui, a nenpòt kilè, pòt kay nou ka frappe pou nou resevwa Granmèt la. Lanmò pa bay randevou.
Konsa «nou pa konnen ni jou a, ni lè a» (Mt 25,13).

Vijilans la pa vle di pou nou viv nan laperèz oubyen nan boulvèsman. Sa vle di, nou dwe viv lavi lafwa a ak responsablite tankou pitit Bondye, nou dwe espere sa k’ap vini an, antan n’ap viv nan lanmou youn ak lòt. Granmèt la toujou ap tann nou ba li yon repons lafwa ak lanmou, antan nou kenbe fèm, nan okipasyon ak pwoblèm n’ap fè fas chak jou.
E repons sa a, se nou menm sèl ki kapab bay li, ou menm ak mwen. Pèsonn pa kapab bay li nan plas nou.  Se la nou dekouvri sans repons negativ medam ki gen sajès yo bay sila yo ki te sòt yo, lè yo te mande yo pou yo ba yo nan luil yo a: «pito nou ale nan boutik yo, n’a achte» (Mt 25,9). Se konsa, nou chak nou gen yon repons pèsonèl bay Granmèt la, pèsonn pa ka fè sa nan plas nou.

An nou pa di n’ap tann demen pou nou limen lanp lanmou an pou Mesye Marye a (petèt demen p’ap janm rive). Konsa, nou dwe viv chak segond nan lavi nou ak pasyon yon kretyen dwe genyen pou Granmèt la. Nou dwe viv chak jou nan lavi nou kòmsi se te dènye jou nan ekzistans nou, kòmsi se te sèl jou nou te genyen pou viv. Apèl konvèsyon an pa mande pou nou pran tan. An nou frekante Granmèt la, konsa n’a zanmi ak li toutan.
LAPRIYÈ: Nan mizerikòd li a ki san limit la, se pou Bondye fè nou gras pou nou pa tande pawòl sa a lè nou rankontre ak li: «An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou» (Mt 25,12), sa vle di «ou pa gen okenn rapò ni relasyon ak mwen». Amèn

PWOPOZISYON: M’ap gade ki mezi luil mwen genyen nan lanp lavi mwen kòm kretyen.