Páginas

MÈKREDI 29

Koulè Blan
MAT KI SEN (Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Si nou youn renmen lòt, Bondye fè youn ak nou”.
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-16
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.  Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou youn renmen lòt. Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n’a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. Nou konnen nou fè youn ak Bondye, Bondye fè youn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. Nou menm, n’ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè youn ak yo, yo fè youn ak Bondye. Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè youn ak Bondye, Bondye fè youn ak yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33 2-3. 4-5. 6-7
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm. Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la tande l’ anba tout tray li sove l’.R.
LEVANJIL
Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 11, 19-27
Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t’ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m’ lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: Frè w’ la va leve vivan ankò. Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l’ leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri. Èske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou ini sou latè a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Youn nan pi bèl diskou nou resevwa nan Levanjil Sen Jan an, se kote l’ pale n’ de pi bèl prèv renmen sa a nou genyen konsènan Bondye se kado l’ fè de pwòp pitit li pou vin sove lèzòm. Pi bèl prèv renmen nOU kapab bay Bondye tou, se renmen pwochen nou. Puiske Bondye renmen nou, li padone nou nan Jezi ki vin montre nou vrè vizaj Bondye. Disip li yo te temwen renmen sa a nan akèy Jezi te fè yo, nan sèvi Jezi t’ap sèvi moun yo avèk anpil respè, avèk anpil espri sakrifis. Disip Jezi yo se temwen renmen san bout sa a Jezi te manifeste pou moun, pou tout moun, espesyalman sa ki nan sosyete l’ t’ap viv la, ke yo pa t’ konsidere kòm moun, sa yo t’ap toupizi onon lalwa Bondye a. Jezi te vin pote limyè pou yo konprann Bondye se kè sansib san bout la, li toujou padone, li pa chache wè sa n’ fè ki mal yo, men sitou li ede n’ dekouvri danje ki genyen lè n’ aji mal yo. Nou menm tou, nou dwe tounen vrè disip Jezi nan sosyete n’ap viv la, nou dwe tounen vrè temwen renmen Bondye a pou tout moun alawonnbadè. N’ap dekouvri Bondye nan lavi nou lè n’ renmen youn ak lòt: sa a se temwanyaj n’ap gen pou n’ bay nan lemond antye epi aprann moun yo viv nan renmen youn ak lòt.
Nan pòsyon Levanjil Jan nou li jodi a, nou dekouvri nan istwa lanmò Laza a, frè Mat ak Mari a, kote Jezi pral deklare li se leve vivan (rezireksyon), moun ki kwè nan li ap viv menm lè yo ta mouri. Nan memwa Legliz la ap fè de Sent Mat jounen jodi a li vle montre lafwa fanm sa a nan JeziKri Pitit Bondye Vivan an. Mat se youn nan pitit Izrayèl, ki t’ap tann reyalizasyon pwomès Bondye a. Se sa li menm menm afime menm nan moman difisil fanmi li ap travèse. Li di Jezi: “Si ou te la frè m’ nan pa t’ap mouri. Li afime lafwa l’ nan prezans Jezi, sila ki abitye leve moun mouri, sila a ki pote pawòl lavi a tout kote l’ pase. Nou pa gen anpil detay sou lanmò Laza a, men Mat afime lafwa l’ nan leve byen vivan an nan dènye jou a. Jan Jezi te di yon lè, èske zanmi lamarye a ka tris pandan mesye marye a ak li! Jezi ki se Lavi a menm pral montre nan resisite Laza a sa k’ap ret tann tout moun k’ap sèvi Bondye, k’ap mache daprè sa li mande yo. Se pou nou mize lavi n’ plis sou pawòl Bondye a, se pou n’ pwoklame lafwa nou nan Jezikri, Pitit Bondye a ak tout fòs nou, tout kote n’ pase. Se pou nou viv lafwa nou nan Sila a ki te mouri a, men ki te leve byen vivan an epi k’ap viv nan mitan nou, nan chak batize, ki se pwòp manb kò pa li a. Menm jan ak Mat annou pa janm sispann deklare lafwa n’ nan Sila a Bondye mete apa a pou li a, nan sila a ki wete n’ sot nan peche a ak tout fòs renmen ki nan kè l’ la epi ki klere chemen n’ yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt nou, tanpri ede n’ chak jou nan lavi nou; fè pwisans ou eklate nan lavi nou kòm kretyen batize.Ede nou fè eksperyans rezireksyon.

PWOPOZISYON: Nan kominote n’ap viv la, nan yon gwoup 2 oubyen 3 moun ann chwazi yon moman pou n’ vizite yon moun malad epi pou n’ mande Bondye nan lapriyè ak malad la, vin manifeste pwisans leve byen vivan l’ lan pou gerizon kòporèl ak espirityèl malad la.

MADI 28

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la t’ap pale ak Moyiz fas a fas”
NAN LIV EGZÒD 33, 7-11; 34, 5b-9. 28
Jou sa yo:
Moyiz pran joupa a, li drese l’ an deyò kote joupa yo te poze a, byen lwen; li rele non l’ “joupa contra a”. Tout pèp la, ki te gen kichòy pou regle, yo te konn soti al nan joupa contra a an deyò kote joupa yo te poze yo.
Lè Moyiz te konn sòti pou l’al nan joupa a, tout pèp la te konn leve, chak moun te konn kanpe nan papòt joupa l’, yo te konn fikse je dèyè Moyiz, joustan li antre nan joupa a. Lè l’ antre nan joupa contra a, kolòn nyaj la te konn desann, li te konn kanpe nan papòt la; Granmèt la te konn pale avèk Moyiz, pandan tout moun ap gade kijan kolòn nyaj la te konn kanpe nan papòt joupa a. Tout moun te konn ret kanpe, yo te konn adore devan joupa yo. Granmèt la menm te konn ap pale avèk Moyiz fas a fas, tankou yon moun konn pale avèk zanmi l’. Lè li menm li te konn tounen nan kote joupa yo te poze a, Jozye sèvitè l’ la, pitit Noun nan, yon ti gason, pa t’ konn sòti nan joupa a.
Moyiz rele non Granmèt la. Lè l’ pase devan l’, li di: “Mèt Granmèt Bondye, ki sansib, ki bon, ki gen pasyans, ki gen anpil kè sansib, ki fidèl, ki kenbe kè sansib li pou mil ak mil jenerasyon, ki wete mechanste ak fot ak peche, pèsonn pa inosan devan ou, ou menm ki renmèt mechanste papa yo sou pitit ak pitit pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon”. Moyiz fè vit, li ajenou, li met kò l’ plat atè, li adore, li di: “Si m’ jwenn favè devan fas ou, Granmèt, tanpri mache avèk nou (sèke pèp la gen kou rèd), wete fot nou yo ak peche nou yo, pran posesyon sou nou”.
Li rete la avèk Granmèt la pandan karant jou ak karant nuit; li pa manje pen, li pa bwè dlo, li ekri dis pawòl kontra yo sou galèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 6-7. 8-9. 10-11. 12-13
R/ Granmèt la sansib, li pran pitye.
Granmèt la fè jistis ak jijman pou tout moun k’ap sibi jouman. Li fè Moyiz konnen chemen l’ yo, li fè pitit Izrayèl yo konnen mèvèy li yo.R.
Granmèt la sansib, li pran pitye, li pran pasyans, kè l’ sansib anpil. Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li fache.R.
Se pa daprè peche nou yo li aji avèk nou, se pa daprè fot nou yo li rekonpanse nou. Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li vide sou moun ki respekte l’ yo.R.
Otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li voye peche nou yo lwen nou.Tankou papa sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou moun ki respekte l’ yo.R.
LEVANJIL
“Menm jan yo ranmase chendan yo, yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN13, 36- 43
Lè sa a:
Lè Jezi fin ranvwaye foul yo, li rive nan kay la; disip li yo pwoche kote l’, yo di: “Eksplike nou parabòl chendan yo nan jaden an”. Li reponn, li di yo:
“Moun k’ap simen bon semans la, se Pitit moun nan. Jaden an, se tè a; bon semans la menm, se pitit rèy nan; chendan an, se pitit dyab yo; lènmi an menm ki simen yo a, se dyab la; rekòlt la, se finisman syèk tan yo; moun k’ap rekòlte yo menm, se Mesaje yo.
Men jan yo ranmase chendan, yo boule l’ nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Pitit moun nan ap voye Mesaje l’ yo, y’ap ranmase tout moun k’ap fè lòt yo tonbe yo, y’ap wete yo sot nan rèy nan, ni sila yo k’ap fè peche, y’ap voye yo nan boukan dife a: se la k’ap gen dlo nan je ak manje dan. Lè sa a atò moun ki kòrèk yo ap klere tankou solèy nan rèy Papa yo a. Moun ki gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Litiji pawòl Bondye pou jodi a ap envite nou fè yon rankont pèsonèl ak Bondye nou an.Nan premye lekti a, nou wè kòman Moyiz te pale fas a fas avèk Granmèt. E se te tankou de zanmi. Se menm jan, lè nou ap mache dwat devan Granmèt la, nou respekte non li, nou kapab pale avèk li tankou zanmi nou. Nou wè depi lontan gen moun ki te respekte Bondye, gen moun ki te konn adore li, moun ki te rekonèt devan grandè li yo pa anyen. Nou menm jounen jodi a, se menm jan, nou dwe pran tan pou nou adore Granmèt nou an, pou nou viv nan kominyon avèk li, puiske li merite sa.
Zanj nan syèl yo pa janm sispann adore li, nou menm ki sou tè a, nou dwe fè menm bagay la tou antan n’ap rekonèt prezans Granmèt la nan mitan nou, antan n’ap louvri zorèy pou nou koute li epi dispoze nou pou nou fè sa li mande nou fè. Li menm sèl ki merite lwanj ak konpliman. Nou dwe rekonèt, tankou Moyiz, nou se pechè, se lagras ak renmen Bondye a ki fè n’ap viv, se pa paske nou merite sa. Men si nous al, nou lèd ak peche a, Granmèt la renmen nou ak yon lanmou sa parèy, yon renmen san limit, li gen ke sansib, li pran pitye pou tout moun ki rekonèt fot yo e ki mande l’ padon.
Nan moso Levanjil jodi a, Jezi ap fè nou konnen, si nou pa mache daprè volonte li, nou fè sa nou vle, sa nou pi pito, n’ap kraze brize san nou pa rann kont de ekzistans li ; alò, menm jan yo ranmase chendan yo, yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo. Nou pral boule nan dife ki p’ap janm fini an.
Ènmi an avèk enterè li yo reprezante tout sa ki anpeche nou renmen Bondye, renmen pwochen nou. E se bagay sa yo ki fè nou vin egoyis pou nou wè sèl byen pa nou, san nou pa wè pwochen nou yo. Olye nou renmen yo e chache byen pou yo, nou pito chèche detwi yo, fè yo enjistis, pwofite de sitiyasyon yo ki pa twò bon pou nou regle pwòp zafè nou. Nou chache fè richès sou do yo. Tèks jounen jodi a ap fè nou konnen se pa byen pou nou aji konsa paske Granmèt la ki se jij nou ap pran defans moun sa yo. E tout moun k’ap fè mal ap genyen rekonpans yo nan dènye tan yo. Lè tout moun ki mache dwat devan Granmèt la ap rejwi nan rèy syèl la, lè sa tout sa yo ki pa t’mache kòrèk yo pral kriye, yo pral plenn.
LAPRIYÈ : Granmèt tanpri souple ede nou pou nou toujou mache nan chemen ou trase pou nou an. Ede nou pou lè nou tande pawòl ou a nou mete li an pratik.

PWOPOZISYON : Ede yon moun ki nan nesesite jodi a nan ba li yon bon konsèy k’ap ede li wè klè.

LENDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Pèp sa a fè anpil peche, yo fè dye avèk lò".
LEKTI LIV EGZÒD 32, 15-24. 30-34
Jou sa yo:
Moyiz tounen sot sou mòn nan, li te pote de galèt temwayaj yo nan men l’, yo te ekri toulede kote, se Bondye menm ki te fè yo; se ekriti Bondye tou ki te grave sou galèt yo. Lè Jozye tande bwi pèp la k’ap rele byen fò a, li di Moyiz: "Se bwi batay nou tande nan kote yo poze joupa yo". Li reponn: "Se pa bwi moun k’ap eksite nan batay sa, se pa bwi moun k’ap pouse lòt yo pou yo sove kò yo non plis tou, men se bwi vwa kantik mwen tande a".
Pandan yo t’ap pwoche nan kote joupa yo te poze a, li wè ti towo a avèk dans yo; li fè anpil kòlè, li jete galèt yo ki te nan men l’ nan, li kraze yo nan pye mòn nan. Li sezi ti towo a yo te fè a, li boule l’, li kraze l’ fè l’ tounen pousyè; li vide l’ nan dlo a, li bay pitit Izrayèl yo bwè l’.
Li di Aawon: «Ki sa pèp sa a te fè ou, pou ou fè l’ pote gwosè peche sa a?» Aawon reponn li: «Piga mèt mwen fache; ou konnen pèp sa a, kijan li gen panchan pou l’ fè sa k’ mal. Yo di m’: «Fè dye pou nou, pou yo mache devan nou; paske Moyiz sa a, ki te fè nou sòti nan peyi Lejip la, nou pa konnen sa k’ rive l’». Mwen di yo, «Kilès nan nou ki gen lò?» Yo pran, yo ban mwen; mwen mete l’ nan dife, epi se towo sa a ki sòti».
Nan landmen, Moyiz pale ak pèp la: "Nou fè gwo peche; m’ap monte kot Bondye, pou m’ wè si m’a resi kalme l’ ak lapriyè pou peche nou an". Li tounen kot Granmèt la, li di: "Tanpri, pèp sa a fè gwo peche, yo fè dye an lò: oubyen padonnen yo mal sa a, oubyen, si ou pa fè sa, efase m’ sot nan liv ou te ekri a".
Granmèt la reponn: "Moun ki fè peche kont mwen an, se li menm m’ap efase sot nan liv mwen an. Ou menm ale, kondui pèp sa a kote mwen te di ou la: Mesaje m’ nan ap mache devan ou; mwen menm menm, nan jou vanjans la, m’ap vizite peche yo a tou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 105, 19-20. 21-22. 23 (r.: la)
R/ Fè lwanj Granmèt la poutèt li bon.
Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre; yo chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a, li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz sila a li te chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou l’ vire kòlè l’, pou l’ pa fè yo yo peri.R.
LEVANJIL
"Grenn senve a vin tounen yon pye bwa, atèl pwen zwazo syèl yo abite nan branch li yo".
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ MATYE 13, 31-35
Lè sa a:
Jezi prezante yon lòt parabòl bay foul yo, li di: "Rèy syèl la sanble ak yon grenn senve, yon moun pran l’, li simen l’ nan jaden l’. Se pi piti nan tout semans yo; men lè l’ grandi, li vin pi gran pase tout pye bwa jaden, li vin tounen yon pye bwa, atèl pwen zwazo syèl la yo rive, yo abite nan branch li yo".
Li di yo yon lòt parabòl: "Rèy syèl la sanble ak yon leven, yon madanm pran l’, li kache l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat la leve".
Tout bagay sa yo Jezi pale yo an parabòl ak foul yo, li pa pale avèk yo san parabòl; pou sa pwofèt la te di a te kapab rive vre: "M’ap louvri bouch mwen nan parabòl, m’ap delkare bagay ki te kache depi kòmansman tè a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lafwa pèp Bondye a si tèlman febli atèlpwen ke l’oblije Arawon fè zidòl ba li pou l’ adore. Konpòtman pèp Izrayèl la te manifeste a, se kòm si tout gwo mirak Bondye te fè pou li yo pa t’ sifi pou yo te kwè ke Bondye p’ap janm abandone yo, ke Bondye t’ap kontinye fè wout ansanm avèk yo jous yo rive kote li te vle yo rive a.
Moyiz apenn vire, pèp la tonbe nan adore zidòl, yo fè towo ak lò, yo adore l’, yo sakrifye zèv pwòp men yo.Yo komèt adiltè sou Bondye. Alò, Bondye di Moyiz, se chak moun ki responsab pwòp zak li, kidonk «moun ki fè peche kont mwen an, se li menm m’ap efase sot nan liv mwen an». Jounen jodi a, san dout, nou menm ki se yon pèp ki nan pelerinaj, nou menm k’ap mache dèyè drapo Kris la, gen moun nan pami nou ki pa sensè ak Bondye, ki gen moun k’ap fè adiltè sou Bondye.
Kilè yon moun fè adiltè sou Bondye menm?
Se lè moun nan bliye kontra renmen Bondye te pase ak li a, se lè li gen yon bagay li mete pi wo pase Bondye; se lè li gen yon bagay li bay plis valè, plis enpòtans pase Bondye.
Jezi vle nou wè klè, li vel louvri je entelijans nou sou reyalite syèl la, antan li pran ekzanp ki byen senp nan reyalite tè a: se pou sa li itilize parabòl pou nou ka konprann li pi byen. Jodi a, nan levanjil la, Jezi di nou rèy syèl la sanble ak yon leven, yon madanm pran l’, li kache l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat la leve".
Kisa nou konprann nan sa? Leven an se pa yon gwo bagay, poutan li fè yon gran efè sou farin nan. Nou menm ki se patizan Jezikri, nou gen vokasyon pou nou tounen leven nan mond n’ap viv la, pou nou kapab transfòme li. Si nou kite pawòl Bondye a penetre nou pou li kapab transfòme nou, se konsa nou menm tou lavi nou ak temwayaj n’ap bay chak jou va tounen leven pou transfòme reyalite mond nou an.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt paske ou renmen mwen, ou pran pasyans avèk mwen. Aprann mwen renmen frè ak sè m’ yo, pou m’ ka pran pasyans ak yo tou.
Amen.

PWOPOZISYON: Avèk Jezi mwen p’ap pèdi batay. M’ap kenbe tout konfyans mwen nan li.

DIMANCH 26

Koulè Vèt
DISETYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE-B
PREMYE LEKTI
"Y’ap manje, ap gen rès".
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 4, 42-44
Jou sa yo:
Gen yon mesye ki vin sot Baal-Salisa, li pote kado bay moun Bondye a, Elize, pen ki fèt ak premye ble yo, ven pen lòj, ak ble nouvo nan sak li. Li menm li di: "Bay pèp la, pou l’ manje". Sèvitè l’ la reponn li: "Konbyen sa a ye, pou m’ sèvi san moun?"
Li di yon lòt fwa ankò: "Bay pèp la, pou l’ manje; sèke men sa Granmèt la di: 'Y’ap manje, ap gen rès' ". Konsa li sèvi yo; yo manje, epi gen rès daprè pawòl Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11. 15-16. 17-18 (r.: cf. 16)
R/ Ou louvri men ou, Granmèt, ou ba nou manje vant plen.
Tout sa ou fè yo, Granmèt, y’ap fè lwanj ou; sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Je yo tout ap espere sou ou, ou menm ou ba yo manje lè tan an rive.
Ou louvri men ou, ou plen tout vivan ak byen.R.
Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo, li sin nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’ yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
DEZYÈM LEKTI
"Yon sèl kò, yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 1-6
Frè m’ yo:
Mwen lapriyè nou, mwen menm prizonye nan Granmèt la, pou nou mache daprè direksyon yo rele nou an; antan nou tou piti, tou dou, nan kè n’, se pou nou pran pasyans pou nou youn sipòte lòt nan renmen an; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la nan chenn lapè a:
Tankou yo refè nou nan yon sèl espwa, se yon sèl kò ak yon sèl Lespri ki genyen; yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm; yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki nan tout bagay epi ki nan nou tout.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Li separe bay moun ki te sou tab yo, toutotan yo te vle".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 1-15
Lè sa a:
Jezi al lòt bò lanmè Lagalile a, se lanmè Tiberyad la. Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo. Konsa Jezi monte sou mòn nan, li chita la avèk disip li yo. Pak la, jou fèt Juif yo, te tou pre.
Lè Jezi leve je l’, li wè te gen yon gran foul ki t’ap vin jwenn li, li di Filip: "Ki kote n’ap achte pen, pou moun sa yo manje?" Li te di sa pou l’ eseye l’; li menm menm, li te konnen ki sa l’ t’a pral fè.
Filip reponn li: "Desan goud pen p’ap kont yo, pou chak moun jwenn yon ti moso".
Youn nan disip li yo, Andre, frè Simon Pyè a, di l’: "Gen yon ti gason isit la, ki gen senk pen lòj ak de pwason; sèlman, ki sa bagay sa yo ye pou tout pakèt moun sa yo?"
Jezi di: "Fè moun yo kouche". Te gen anpil zèb kote sa a. Mesye yo kouche, yo te senk mil.
Jezi pran pen yo, li di Bondye mèsi, li separe bay moun ki te kouche yo, li fè menm jan pou pwason yo, otan yo te vle. Lè yo fin manje vant plen, li di disip li yo: "Ranmase moso ki ret an plis yo, pou yo pa pèdi". Yo ranmase yo, yo plen douz panye ak moso senk pen lòj yo, ki te ret an plis lè moun yo te fin manje a.
Moun yo menm, lè yo wè siy Jezi te fè, yo t’ap di: "Sila a se pwofèt la tout bon vre, ki te gen pou l’ vin sou tè a".
Jezi menm, kòm li te konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan, li menm pou kont li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou kapab kontanple kòman kè nou kapab aprann renmen Bondye ak lòt yo an menm tan.
Jeneralman, lanmou an manifeste nan kè nou ofi-e-a mezi ke lòt yo atire nou, nan jan yo senpatik ak nou ak nan jan yo manifeste bonte yo anvè nou. Se ekzanp sa nou genyen avèk «nèg ki gen senk pen lòj ak de pwason an» (Jn 6,9). Li bay Jezi tout sa li genyen, pen yo ak pwason yo, paske li kite Jezi atire li. Èske mwen menm mwen kite Granmèt la atire mwen?
Answit, lè yon moun santi yo renmen li, li menm tou li tonbe damou. Levanjil la di «Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo» (Jn 6,2). Jezi t’ap koute yo, li te prete yo anpil atansyon, paske Li te konnen bezwen yo.
Jezi gen yon gwo atirans pou mwen e Li vle mwen reyalize mwen kòm moun e kòm pitit Bondye. Li renmen mwen jan mwen ye a, avèk mizè mwen, paske mwen mande li gen pitye pou mwen e, avèk konkou li, m’ap kontinye fè sa mwen kapab.
«Jezi menm, kòm li te konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan, li menm pou kont li» (Jn 6, 15).
Yon moun kapab reyalize lanmou an tout bon vre lè li pran plezi nan bay tèt li pou sèvis lòt yo, lè li chèche byen lòt yo, san li pa espere okenn rekonpans, menm si sa mande li anpil sakrifis.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki fè nou patisipe nan kokenn mirak Lekaristi a, tanpri fè nou santi prezans ou, vin viv ak nou, rete nan nou, pou nou kapab wè ou, pou nou kapab touche ou, santi ou, pou nou toujou gen anvi rete bò kote ou, pou ou kapab dirije lavi nou ak travay nou.

PWOPOZISYON: Aprann renmen lòt yo nan fason m’ap pataje sa m’ genyen avèk yo.

SAMDI 25

Koulè Wouj
JAK KI SEN, Apot (Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Wa Ewòd fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe”.
NAN TRAVAY APOT YO 4,33; 5,12.27-33; 12,2
Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv kijan Bondye te leve Jezi fè l’ soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l’ an kantite sou yo tout. Apòt yo t’ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi gran prèt la pran poze yo keksyon. Li di yo: Èske nou pa t’ defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n’ fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n’ obeyi Bondye pase pou n’ obeyi moun. Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n’ te kloure l’ sou kwa a. Bondye fè l’ monte chita sou bò dwat li, li mete l’ Chèf sou nou, li fè l’ delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l’ tounen vin jwenn Bondye, pou l’ resevwa padon pou peche l’ yo. Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l’ yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te an kòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan Legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 7-8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou ; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Pou yo rekonèt chemen w’ yo sou tè a, sove ou sove a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou, Bondye nou an; se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
Tout tan n’ap pote lanmò Jezi nan kò nou
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 4, 7-15
Frè m’ yo:
Nou gen trezò a nan veso pòslèn, pou glwa a soti nan pouvwa Bondye, men pa nan nou. Nan tout okazyon se tray n’ap pase, men nou pa kraze; nou pa konn kote pou nou vire kò nou, men nou pa dezespere; n’ap sibi pèsekisyon men nou pa abandone pou kont nou; yo jete nou atè, men nou pa peri; tout tan se soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a parèt nan kò nou. Tout tan reyèlman, nou menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pa t’ lanmò poutèt Jezi, pou lavi Jezi a parèt nan chè nou k’ap mouri a. Konsa lanmò a ap travay nan nou bò isit epi lavi a nan nou menm lòt bò.Men nou gen espri lafwa a, jan sa ekri a: “Mwen kwè, se pousa mwen pale”; nou menm tou nou kwè se poutèt sa n’ap pale, antan nou konnen sa a ki leve Jezi a, l’ap leve nou avèk Jezi, l’ap mete n’ avèk nou. Tout sa poutèt nou menm lòt bò a, pou gras la vin an kantite pou anpil moun, pou l’ fè yo fè anpil konpliman pou glwa Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“N’ap bwè kalis mwen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 20-28
Lè sa a:
Manman pitit Zebede yo pwoche ak pitit li yo kot Jezi, li adore l’, li mande l’ kichòy. Jezi di l’: “Kisa ou vle?”
Li menm li di: “Di pou de pitit mwen sa yo chita, youn adwat ou, lòt la agòch ou, nan rèy ou an”.
Jezi reponn, li di: “Nou pa konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè a?”
Yo di: “Nou kapab”.
Li di yo: “Kalis mwen an, n’ap bwè l’; men chita adwat mwen oubyen agòch mwen an, se pa mwen menm ki kapab ba nou sa, men se pou moun yo Papa m’ pare l’ la”.
Lè dis lòt yo tande sa, yo fè kòlè kont de frè yo. Jezi menm rele yo kote l’, li di: “Nou konnen chèf nasyon yo kòmande sou yo, gran yo fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami nou, men nenpòt ki moun ki vle vin pi gran nan pami nou, se pou l’ vin sèvitè nou; epi moun ki vle vin premye nan pami nou, se pou l’ esklav nou. Konsa Pitit moun nan pa t’ vini pou l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi epi pou l’ renmèt lavi l’ kòm redanmsyon pou tout pakèt moun yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kèk jou aprè Rezireksyon Jezi, swa senkant jou aprè, Apot yo te ranpli ak pouvwa Lespri Sen an. Se te Lapannkòt. Lespri a te vin kraze tout move fòs laperèz ki te anvayi yo, e ki te fè yo fèmen pòt kay yo byen di pou sa ki te pase Jezi sou kwa a pa t’ rive yo tou. Men lè yo te plen ak fòs Lespri Sen an, yo pa t’ gen laperèz ankò e yo te kapab ale nan misyon tout kote, pou yo temwaye gwo mèvèy laviktwa lavi te ranpòte sou lanmò a. Yo pa t’ kapab rete bouch be pou yo pa pale sa yo te wè ak sa yo te tande. Yo te vin tankou moun nou abitye rele alèlè yo! Nou konnen nan langaj lakay nou, langaj Pèp Ayisyen, lè yo di yon moun alèlè kisa sa vle di: ebyen se yon moun ki pa kapab fin wè oubyen tande yon bagay epi pou li rete san li pa pale sa li wè a oubyen sa li tande a. Lespri Sen te fè mesye yo alèlè, e li fè yo pale ak gwo vwa ak otorite menm devan lènmi yo a ki te mete entèdiksyon pou yo pa t’ nonmen non nèg ki te rele Jezi a. Kontèks Apot yo t’ap viv nan premye syèk la, se pa t’ yon kontèks ki te fasil ditou, paske tout kretyen te riske pèdi lavi yo. Puiske Apot yo t’ap pale de wayòm, de gouvènman Bondye ki pa lwen, wa Ewòd ki te jalou anpil pou pouvwa li t’ap menase yo, li te vle fè yo pe bouch yo. Li te fè yo parèt devan gwo konsèy jij yo pou yo te kapab kondane yo; men mesye yo te santi yo te gen plis fòs ak detèminasyon toujou e yo te kontinye gaye bòn nouvèl ak yon ton ki wo, yon ton ki brav. Devan menas prizon ak lanmò, mesye yo te chwazi fè yon chwa e yo te chwazi obeyi Bondye olye ke yo te obeyi Ewòd. Mesaj yo t’ap livre a te byen defini: “Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n’ te kloure l’ sou kwa a. Bondye fè l’ monte chita sou bò dwat li, li mete l’ Chèf sou nou, li fè l’ delivre nou”. Pawòl sa yo te mal tonbe nan zòrèy wa Ewòd, paske li te santi se te yon menas pou pouvwa li a. Men mesye yo pa t’ dekouraje paske yo te kwè nan pawòl sa yo: “…tout tan se soufrans lanmò Jezi n’ap pote nan kò nou, pou lavi Jezi a parèt nan kò nou...nou menm ki vivan yo, yo renmèt nou bay pa t’ lanmò poutèt Jezi, pou lavi Jezi a parèt nan chè nou k’ap mouri a… “Mwen kwè, se pousa mwen pale”;… sa a ki leve Jezi a, l’ap leve nou avèk Jezi”. Se nan kontèks sa Ewòd te fè matirize Apot Jak, frè Jan, ke Legliz la ap fete jodi a. Se premye Apot ki te mouri mati anba kout kouto. Li te touye Jak paske se li menm ki te pi cho nan predikasyon Levanjil la, nan anons wayòm Bondye a ki gen pou tabli definitivman nan dezyèm vini Jezi gen pou li fè a.  Legliz la ap rann Jak yon gwo omaj jodi a, pou semans Levanjil la ki kontinye ap pote fwi. Jak se yon bèl ekzanp lafwa ak fidelide nan sèvis Bondye ke nou dwe suiv. Kòm batize nou dwe travay menm jan ak li, san gade dèyè; konsa yon jou n’a fete nan syèl la, ansanm ak li, ansanm ak tout zanj yo ki pa janm sispann chante lwanj ak konpliman pou Bondye. Amèn
LAPRIYÈ: Granmèt, anpil fwa mwen konn pe bouch mwen lè mwen dwe denonse sa ki mal k’ap pase nan fanmi mwen, nan antouraj mwen osinon nan sosyete a. Se yon atitid ki fè mwen bliye misyon mwen genyen kòm pwofèt ak wa ke mwen te resevwa depi jou batèm mwen. Tanpri jodi a, ban mwen fòs Lespri ou a pou mwen kapab temwaye mèvèy ou yo.

PWOPOZISYON: Sèvi Jezi temwen menm si yo pa koute ou, menm si yo menase ou. Rekonpans ou ap gran nan syèl la. Pa pè pale, pa pè aji chak fwa ou dwe fè sa.

VANDREDI 24

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yo bay lalwa a pa lantremiz Moyiz”.
NAN LIV EGZÒD 20, 1-17
Jou sa yo: Granmèt la pale tout pawòl sa yo:
“Mwen se Granmèt Bondye w’ la, ki te fè ou soti nan peyi Lejip la, nan kay esklavaj la.
Ou p’ap gen dye etranje devan m’. Ou p’ap fè pòtre zidòl, ni okenn pòtre bagay ki nan syèl la anwo a osinon ki sou tè a anba a, ni bagay ki nan dlo yo anba tè a. Ou p’ap adore yo, ou p’ap fè sèvis pou yo. Se mwen menm Granmèt Bondye w’ la, ki fò, ki jalou, ki vin ekzaminen fot papa yo nan pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon nan moun yo ki rayi m’ yo, epi ki fè kè m sansib pou mil jenerasyon pou moun ki renmen m’ yo, ki kenbe lòd mwen yo.
Ou p’ap sèvi ak non Granmèt Bondye w’ la pou granmesi; sèke Granmèt pa kite moun sa a san pinisyon, sa k’ sèvi ak non Granmèt Bondye l’ la pou granmesi a.
Sonje pou ou fè wè jan jou saba a sen. Pandan sis jou w’ap travay, w’ap fè tout travay ou; setyèm jou a menm se saba Granmèt Bondye w’ la; ou p’ap fè okenn travay nan li, ni ou menm ni pitit gason ou, ni pitit fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèt chaj ou, ni etranje ki anndan lavil ou yo. Pandan sis jou Granmèt la te fè syèl la ak tè a ak lanmè a ak tout sa k’ nan yo, epi li repoze nan setyèm jou a: se pousa Granmèt la beni jou sa a, li fè l’ sen.
Respekte papa ou ak manman ou, pou ou viv lontan sou tè a, sa Granmèt Bondye w’ la ap ba ou a.
Ou p’ap touye.
Ou p’ap fè adiltè.
Ou p’ap vòlè.
Ou p’ap pale kont pwochen ou pou fè depozisyon ki pa laverite.
Ou p’ap anvi kay pwochen ou; ou p’ap met lide ou sou madanm li, ni sèvitè l’, ni sèvant li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou li”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 11
R/ Granmèt, ou gen pawòl lavi tout tan an.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vrè, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase siwo myèl ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
“Moun ki koute pawòl la, ki konprann li, li donnen fwi”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 18-23
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Nou menm, koute parabòl moun k’ap simen an. Tout moun ki koute pawòl rèy nan, epi ki pa mete l’ nan kè l’ pou l’ konprann li, move a rive, li pran sa yo te simen nan kè l’ la. Sila a se sa k’ simen sou bò chemen an.
Sa k’ simen sou teren wòch la menm, se sa k’ tande pawòl la, menm lè a li resevwa l’ avèk kè kontan; sèlman li pa gen rasin, se pou yon tan li sou sa: lè vin gen tray ak pèsekisyon poutèt pawòl la, menm lè a li bite.
Sila a menm ki simen nan pikan yo, se sa k’ tande pawòl la, sèlman tèt chaje syèk tan sa a avèk atirans richès yo toufe pawòl la, li rete san fwi.
Sila a ki simen nan bon tè a, se sa k’ tande pawòl la, ki mete l’ nan kè l’ pou l’ chèche konprann li: li donnen fwi, li fè yon pòsyon san fwa plis, yon lòt swasant, yon lòt menm trant”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Meditasyon n’ pou jodi a ap ede nou pou n’ renmen Bondye ak tout sa nou ye. Paske pa gen lòt Bondye pou n’ renmen ak tout kè nou, Bondye nou genyen an se Bondye ki fidèl e ki gade pwomès li, malgre dezobeyisans nou, malgre nou chire kè li, nou vire do ba li, li menm li toujou sonje pwomès li te pase avèk pèp li a se kontra renmen an: nou menm, si Bondye renmen nou konsa, kisa pou nou fè? Se pou nou renmen li tou, li fin kreye nou, epi li sove nou; tout sa se pou montre nou prèv jan l’ renmen nou, li pa ta renmen nou youn pèdi, se menm jan ak yon fiyanse ki pase yon kontra nan maryaj: se moun sa a li chwazi, li pa ta renmen okenn lòt moun pran l’ nan men l’. Se poutèt sa youn toujou ap fè jalou pou lòt, se konsa Bondye li menm konsidere nou.
Zanmi mwen, an nou rete fidèl nan remen sa a. Jodi a nou menm ki te vire do bay Granmèt la, kase tèt tounen vin jwenn li. Anpil fwa Jezi pale avèk nou an parabòl kote li konpare pawòl la avèk yon seri de bagay vizib pou n’ kab konprann pi byen, tankou li pran tè a, li pran grenn paske li konnen nou konn fè jaden, nou konn plante, mayi, pwa, pitimi; nou simen tout bagay sa yo; fòk nou deplwaye entèlijans nou pou n’ konprann: se vre tout sa Jezi eksplike nan Levanjil Matye a rive vre.
Anpil fwa nou tande pawòl la, men nou pa konprann li; malveyan an menm vini li wete l’ nan kè nou, epi nou bliye nèt: sa a se grenn ki te tonbe bò chemen an; sa ki te tonbe sou wòch la menm, se moun ki tande pawòl la, men sa pa di l’ anyen, li kontan resevwa l’, pita mande l’ sa l’ te tande nan pawòl la, anyen pa rete. Se yon grenn ki pa pouse rasin, konsa lè tout pwoblèm lavi a, pèsekisyon, tribilasyon, kòmanse, li tonbe paske li pa t’ byen kore, rasin nan sèch; grenn ki tonbe nan pikan an, se lè nou tande pawòl la, men nou pè pwoblèm, kou nou nan traka, nou toufe pawòl la, lè sa a li pa pakab pote fwi. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki koute pawòl la, epi ki chèche konprann li, epi mete l’ an pratik, jistan li donnen anpil. Se menm jan an Bondye respekte libète tout moun avèk pasyans: nou menm tou pran ekzanp sou li, se pa nou ki pou deside sa ki bon ak sa ki mal, kite Bondye li menm dirije lavi nou pou nou kab donnen anpil.
LAPRIYÈ: Bonye Granmèt, tanpri fè mwen tounen yon bon tè pou semanas pawòl ou a chak jou nan lavi mwen, pou mwen kapab pote fwi renmen, jistis, kè kontan ak lapè pou tout moun k’ap viv bò kote mwen. Amèn.

PWOPOZISYON: Simen pawòl Bondye a tout kote, menm si ou pa konnen nan ki kalite teren l’ap tonbe. Se Granmèt ki konnen ki randman sa ka pote.