Koulè Blan
MONIK KI SEN (Memwa)
PREMYE LEKTI
"Se pou Granmèt la fè nou depase limit charite nou genyen youn pou lòt
la".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN
POU TESALONISYEN YO 3, 7-13
Nan mitan tout kè sere ak tray
nou, nou jwenn konsolasyon nan nou, frè m’ yo, poutèt lafwa nou an; koulye a
nou kapab viv, paske nou menm nou kenbe fèm nan Granmèt la. Ki mèsi nou kapab renmèt
Bondye pou nou pou tout kè kontan sa a n’ap jwi a poutèt nou devan Bondye nou an,
antan n’ap lapriyè lannuit ak lajounen an kantite, pou nou kapab wè fas nou,
pou nou konplete sa k’ manke nan lafwa nou?
Bondye Papa nou, ak Granmèt nou Jezikri,
se pou l’ dirije chemen nou jous lakay nou. Nou menm menm se pou Granmèt la fè
nou devlope, se pou l’ fè nou depase limit charite nou genyen youn pou lòt la
ak pou tout moun, menm jan nou genyen l’ pou nou an; konsa se pou l’ kenbe kè
nou fèm san repwòch nan sa ki sen an devan Bondye Papa nou, pou jou Granmèt nou
Jezikri ap vini ansanm ak tout sen l’ yo. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 3-4. 12-13. 14 e 17 (r.: 14)
R/ Plen nou, Granmèt, ak kè sansib ou a, pou nou fete.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè;
ou di: "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je ou se tankou
jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou
nou mete kè nou nan chemen sajès la.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Pran
pitye pou sèvitè ou yo.R.
Plen nou depi granmaten ak kè
sansib ou a, n’a fete, n’a gen kè kontan tout jou nou yo.
Se pou bèlte Granmèt Bondye nou an
sou nou, garanti travay men nou an sou nou, travay men nou, garanti l’.R.
LEVANJIL
"Ret pare".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
MATYE 24, 42-51
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Veye, paske nou pa konnen
kilè Granmèt nou an gen pou l’ vini. Aprann sa, si pèd-fanmi na te konnen kilè
vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, li pa t’ap kite yo kase kay li a.
Konsa nou menm tou se pou nou pare, paske nou pa konnen kilè Pitit moun nan gen
pou l’ vini.
Kilès sèvitè ki fidèl, ki gen
sajès, daprè nou, pou mèt li enstale 1’ sou fanmi li, pou l’ bay moun yo manje
nan tan yo? Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt li rive, li jwenn li ap fè sa.
Amèn mwen di nou, se sou tout byen l’ yo l’ap enstale l’.
Men si move sèvitè sa a di nan kè l’:
'Mèt mwen pran tan pou l’ vini', epi li kòmanse ap frape lòt sèvitè l’ yo, l’ap
manje, l’ap bwè avèk moun sou yo: mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere, ak
lè li pa konnen; l’ap jete l’ deyò, l’ap mete pòsyon l’avèk ipokrit yo: kote sa
a se rèl ak manje dan k’ap genyen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pafwa nou poze tѐt nou kesyon oubyen nou poze lὸt
moun ki pi gran pase nou kesyon sou desandans nou ; sa vle di, nan ki ras
nou sòti, kilѐs ki te gran grann ak gran papa nou. Jezi li menm tou te fѐt nan
yon fanmi, sa vle di, li te genyen yon desandans e se sa sen Matye prezante nou
nan Levanjil jodi a. Jezi, non sѐlman li se Bondye men li se moun tou, paske
menm jan avѐk nou li te manje, li te travay, li te pale sof peche li pa t’ konn
fè.
Nan
sans sa a, levanjil jodi a ap ede nou konprann dimansyon moun nan Jezi
paske li te gen yon desadans menm jan avèk nou. Matye prezante nou Jezi tankou
Mesi a, sila a pwofѐt yo t’ap anonse depi lontan an e ke tout pѐp t’ap ret tann
nan. Li prezante li depi Abraham jiska David paske daprè sa pwofѐt Izayi te
anonse se nan ras sa a Mesi a te gen pou l’ sòti.
Nan premye moso Labib la, nan
premye lѐt Pὸl ekri moun Tesalonik yo, li felisite yo pou jan Timote te bay bon
temwanyaj sou yo, kὸman lafwa yo te genyen te pѐmѐt Pὸl ak Timote te jwenn
rekonfὸ nan travay yo t’ap fѐ a. Pὸl te fѐ yo konnen tou kὸman l’ te kontan
poutѐt yo te kenbe fѐm nan Bondye. Li te lapriyѐ Bondye pou yo pou l’ te kapab
konsѐve yo nan lafwa epi pou youn toujou renmen lὸt. Nou menm tou, an nou
mete an pratik tout ansѐyman nou resevwa nan men monsenyѐ, pѐ ak tout lὸt moun
k’ap ede nou fѐ lafwa nou grandi ; konsa, menm jan ak pѐp Tesalonik la, n’a
kenbe fѐm nan lafwa e youn va rive renmen lὸt. Konsa moun ki plase pou gide nou
yo va santi yo jwenn rekonfὸ nan mitan nou menm jan ak Pὸl ak Timote.
LAPRIYE :
Bondye Papa, tanpri, ban nou limyѐ pou nou rive rekonѐt
Jezi tankou vrè Mesi a epi ede nou mete an pratik tout ansѐyman k’ap ede nou
jwenn limyѐ pou lavi nou. Amѐn.
PWOPOZISYON:Apati jodi a, mwen vle bay plis enpὸtans ak tout
ansѐyman m’ap resevwa.