Koulè Blan
OGISTEN KI
SEN, Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PRÉMIÉ LÉKTU
"Nou chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, n’ap espere
Pitit li a li fè leve vivan an".
KÒMANSMAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 1, 1-5. 8b-10
Pòl ak Silven
ak Timote, pou legliz Tesalonisyen yo nan Bondye Papa a ak Granmèt Jezikri.
Favè pou nou ak lapè.
N’ap di Bondye
mèsi tout tan pou nou tout, antan n’ap sonje nou nan lapriyè nou san rete; n’ap
sonje travay lafwa nou, lapenn nou, charite nou, epi jan nou ret fèm nan espwa
Granmèt nou Jezikri devan Bondye Papa nou.
Nou konnen, frè
nou yo Bondye renmen an, kijan li chwazi nou: Levanjil nou an pa t’ rive kote
nou nan pawòl sèlman, men nan pouvwa ak nan Lespri Sen, ak nan anpil reyalizasyon
ki kòrèk nèt, jan nou konnen kijan nou te konpòte nou kote nou poutèt nou.
Lafwa nou an,
ki veritab lafwa nan Bondye a, li vanse devan tout kote, atèl pwen nou pa bezwen
di anyen ankò; se yo menm menm k’ap anonse sou nou kijan nou te rive lakay nou epi
kijan nou menm menm nou te chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, pou
nou sèvi Bondye ki vivan an, ki vre a, pou nou tann Pitit li a k’ap sot nan syèl
la, li menm li te fè leve vivan sot nan pami mò yo: Jezi, ki delivre nou anba
kòlè k’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou
Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo.
Se pou Izrayèl
kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo a.R.
Se pou yo fè
lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt
la jwenn plezi nan pèp li a,
L’ap fè pòv
yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
Se pou sen yo
fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj Bondye
yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Madichon pou nou, chèf avèg".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23,
13- 22
Lè sa a: Jezi
pale, li di:
"Madichon
pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paské nou fèmin ringn sièl yo dévan moun
yo ! Nou minm nou pa antré, épi moun k-ap antré yo, nou pa kité yo antré.
Madichon pou
nou, profésè ak farizyin ipokrit, paské n-ap manjé kay vèv yo, pandan n-ap fè
lapriyè ki long; sé pousa n-ap jouinn kondanasion ki pi rèd !
Madichon pou
nou, profésè ak farizyen ipokrit, paske n’ap fè tout tou lanmè a ak savann nan
pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’, nou fè l’ vin tounen pitit lanfè a
de fwa plis pase nou!
Madichon pou
nou, chèf avèg, k’ap di: «Moun ki fè sèman sou kay sakre a, sa pa anyen; men
moun ki fè sèman sou lò kay sakre a, li gen dèt». Enbesil, avèg! Ki sa ki pi gran: lò a oubyen kay sakre a ki fè lò a vin
sen an?
«Epi moun ki
fè sèman sou lotèl la, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou kado a ki sou li a,
li gen dèt». Avèg! Ki sa k’ pi gran: kado a oubyen lotèl la ki fè kado a vin sen
an?
Moun ki fè
sèman sou lotèl la, li fè sèman sou li, ak sou tout sa k’ sou li. Moun ki fè
sèman sou kay sakre a, li fè sèman sou li ak sou sila a ki abite nan li a. Moun
ki fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou fotèy Bondye a, ak sou sila a ki chita
sou li a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Madichon
pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske nou fèmen rèy syèl yo devan moun
yo! Nou
menm nou pa antre, epi moun k’ap antre yo, nou pa kite yo antre».
Lè ou mennen yon moun nan malè, ou pa montre li chemen lavi,
men se chemen lanmò ou montre li. Moun ki aprann yon moun touye lòt, se pa yon
pwofesè li ye men li se yon ‘‘asasen’’.
Jodi a, nou ta kapab di kè Jezi pa twò kontan; li an kòlè
avèk sila yo ki di yo se lidè epi k’ap fè lòt yo pèdi chemen, y’ap fè yo pèdi
gou lavi, e finalman yo fè yo pèdi menm lavi a menm: « Madichon pou
nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap fè tout tou lanmè a ak savann nan
pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’, nou fè l’ vin tounen pitit lanfè
a de fwa plis pase nou!» (Mt 23,15).
Farizyen yo chèche tout
fason pou yo fè lòt moun kwè nan sa yo kwè; pa nan sa ki konsène Bondye, men
nan sa ki konsène yo menm.Yo vle fè moun yo tounen pitit lanfè. Lògèy yo p’ap
mennen yo nan syèl la, li p’ap mennen yo nan lavi, men nan pèdisyon. Yo pa
manke nan erè!
Jezi di farizyen yo:
«Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt
la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal!
» (Mt 24,24). Tout bagay tèt anba, pandan plizyè fwa Granmèt la eseye ovri
zòrèy farizyen yo, men pwofèt Zakari deja di nou «Men, yo te derefize koute. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou
yo pa tande» (Zakari 7,11).
Epi nan jou Jijman an, Jij la va di yo: «Mwen pa t' janm
konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal» (Mt 7,23). Sa ki enpòtan pou nou menm, frè ak sè mwen yo,
se konnen verite a epi fè lòt moun konnen li antan nou rete fidèl nan sèvis
Kris la. An nou sonje sa Sen Toma d’Aken te di: «Moun ki leve tèt yo, yo bese
verite a!»
LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ konprann Pawòl ou, pou l’ pa tounen yon chay pou
mwen, men pou li libere mwen.
PWOPOZISYON: Si m’ viv nan lanmou ak
pwochen mwen san ipokrizi, m’a fè Bondye plezi tout bon.