Páginas

LENDI 3

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Jezikri, malgre nou pa wè l’, nou renmen l’, men antan nou kwè menm, n’ap kontan ak yon kontantman yo pa kapab pale”.
PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 3-9
Konpliman pou Bondye, ak papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki refè nou nan espwa vivan an gras a leve vivan Jezikri sot nan pami mò yo, daprè gran kè sansib li a, pou yon eritaj ki p’ap detwi, ki p’ap sal, ki p’ap vin vye, k’ap dire nan syèl la pou nou, nou menm yo prezève pou delivrans la gras a lafwa a, nan pouvwa Bondye a, delivrans sa a yo pare pou devwale l’ nan dènye tan an.
Nan li nou gen kè kontan, menm si koulye a, nou gen pou nou gen chagren nan divès bagay k’ap eseye nou; lafwa nou y’ap eseye a, li gen plis pri pase lò, sa yo eseye nan dife a, konsa n’ap jwenn lwanj ak bèlte ak konsiderasyon nan revelasyon Jezikri a, li menm nou renmen san nou pa wè l’ la; li menm nou kwè nan li, menm si koulye a nou pa wè l’ la; antan nou kwè a, n’ap kontan nan yon kontantman san parèy, ki nan bèlte, n’ap jwenn rekonpans lafwa nou nan delivrans nanm yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS 110, 1-2. 5-6. 9 e 10e
R/ Granmèt la ap sonje kontra l’ la pou tout tan.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak legliz la.
Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Li bay moun ki respekte l’ yo manje; l’ap sonje kontra l’ la pou tout tan.
Li anonse pèp li a fòs travay li yo, pou l’ ba yo eritaj nasyon yo.R.
Li voye delivrans pou pèp li a, li kòmande kontra l’ la pou tout tan.
Lwanj li dire pou tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
“Tout sa ou genyen, vann li, epi suiv mwen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 17-27
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap sòti sou wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li met jenou atè devan l’, li t’ap lapriyè l’: «Bon mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ eritye lavi tout tan an»?
Jezi menm di l’: «Pouki sa ou rele m’ bon? Pèsòn pa bon, sof yon sèl Bondye a. Ou konnen kòmandman yo: «Pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa sèvi temwen-manti, pa fè moun ditò, respekte papa ou ak manman ou».
Men li menm li reponn, li di: «Mèt, tout bagay sa yo, mwen te obsève yo depi m’ tou jèn».
Jezi menm gade l’, li renmen l’, li di l’: «Yon sèl bagay manke ou; ale, tout sa ou genyen, vann li, bay pòv yo, epi w’a gen yon richès nan syèl la; aprè sa, vini, suiv mwen». Li menm li vin tou tris nan pawòl sa a; li pati ak men li dekonpoze, sèke li te gen anpil byen.
Jezi menm gade toutalantou, li di disip li yo: «Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre nan rèy Bondye a»; disip yo menm sezi nan pawòl li yo. Jezi menm rekòmanse pran lapawòl, li di yo: «Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans yo nan richès yo antre nan rèy Bondye a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou moun rich antre nan rèy Bondye a».
Yo menm yo te pi sezi toujou, youn t’ap di lòt: «Epi kilès ki kapab sove»?
Jezi menm gade yo, li di: «Sou bò lèzòm, sa enposib, men pa sou bò Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Nan li nou gen kè kontan, menm si koulye a, nou gen pou nou gen chagren nan divès bagay k’ap eseye nou”.  Lafwa se yon kado Bondye fè nou, nou pa kapab achte l’, nou pa kapab vann li, nou pa kapad remèt li non plis. Se poutèt sa li pa gen pri, pèsonn pa kapab achte li. Nou kwè nan Bondye, nou gen espwa yon jou n’a wè li. Men an atandan nou kwè li la e se li ki sous lavi nou. Pafwa nou konn jwenn difikilte nan lavi a, gen moman ki si tèlman difisil, nou konn rive panse Bondye lage no. Non, Bondye pa janm lage pitit li, li toujou la pou nou. Nan lavi a nou konn fè fas ak anpil pwoblèm, se nan moman sa yo lafwa nou vin pi solid. Si lafwa yon moun pa janm pase nan dife eprèv, ebyen moun nan p’ap janm konnen si tout bon vre li gen lafwa. Nan premye lekti a Pyè fè konparezon, kote li pale nou de lò ak dife ; lafwa nou se lò, eprèv yo se dife a. Nan levanjil la Jezi mete you jèn gason nan kontèks konparezon sa a. Jèn gason an te vle swiv li, misye te san repwoch, men lè Granmèt la mande l’ vann tout sa l’ genyen bay pòv yo lajan an, epi swiv li, misye rekile. Ti jèn jan sa a pa t’ pre pou l’ te fè pa sa a, se kòm si Jezi t’ap mande l’ monte sou sou yon mòn epi lage kòl anba nan vid la. Lafwa l’ pa t’ase solid pou l’ te fè sa Jezi te mande l’ la.
LAPRIYÈ : Granmèt m’ap mande w’ yon lafwa ki fèm, m’ap mande w’ ban m’ fòs nan moman eprèv yo, nan difikilte yo ede lafwam vin pi dyanm. Amèn
PWOPOZISYON : Ak kisa pou mwen divòse jodi a, pou mwen kapab swiv Jezi ? Kisa ki anpeche mwen mache dèyè Granmèt la ?

DIMANCH 2

Koulè Vèt
UITYÈM DIMANCH NAN ANE-A
PREMYE LEKTI
“Mwen p’ap bliye ou”.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 49, 14-15
Siyon t’ap di: «Granmèt la lage m’, Granmèt la bliye m’». Èske yon madanm kapab bliye ti pitit li, pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si youn t’ap bliye, mwen menm mwen p’ap bliye ou».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS 61, 2-3. 6-7. 8-9ab
R/ Se nan Bondye sèlman pou ou repoze, nanm mwen.
Se nan Bondye sèlman pou ou repoze, nanm mwen; sèke se nan li delivrans mwen sòti.
Reyèlman vre se li menm ki kachèt mwen ak delivrans mwen, pwoteksyon m’, mwen p’ap souke ankò.R.
Nan Bondye sèlman pou ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti. Reyèlman vre se li menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap souke.   R.
Nan Bondye delivrans mwen ak bèlte m’; Bondye fòs mwen, kachèt mwen se nan Bondye li ye. Separe nan li, tout fanmi pèp la, vide kè nou devan li.R.
DEZYÈM LEKTI
“Granmèt la ap fè wè panse ki nan kè yo”.
PREMYE LÈT APOT PÒL POU KORENTYEN TO 4, 1-5
Frè m’ yo:
Se pou yo konsidere nou tankou sèvitè Jezikri ak moun ki responsab distribiye mèvèy sakre Bondye yo. Ki sa yo mande moun ki responsab distribiye yo, se pou yo fidèl.
Kanta mwen menm, sa pa fè m’ anyin si nou jije m’, oubyen si yon tribinal moun jije m’; menm mwen menm mwen pa jije pwòp tèt mwen; konsyans mwen pa repwoche m’ anyen, sèlman se pa pousa mwen konsidere m’ kòrèk; sila a k’ap jije m’ nan, se Granmèt la.
Se pousa pa jije anvan tan an, joustan Granmèt la rive, li menm k’ap klere sa k’ kache nan fènwa yo, k’ap montre panse ki nan kè yo; lè sa a chak moun ap jwenn lwanj nan men Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
LEVANJIL
“Pa pran tèt chaje pou demen”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 6, 24-34
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pèsòn pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn, l’ap renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye avèk lajan.
Se pousa mwen di nou: Pa pran tèt chaje pou lavi nou, pou nou mande ki sa n’ap manje, ni pou kò nou osijè kisa n’ap abiye: èske lavi a pa plis pase manje a, epi kò a plis pase rad la? Gade zwazo syèl yo, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa ranmase nan depo; epoutan Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa plis pase yo?
Kilès nan nou afòs l’ap kalkile ki kapab mete yon mezi an plis sou wotè l’?
Pou rad la, pouki sa nou pran tèt chaje? Konsidere lis yo nan jaden yo, kijan yo grandi; yo pa travay, yo pa fè twal. Men mwen di nou ata Salomon nan tout bèlte l’ pa t’ abiye tankou youn nan yo. Konsa si zèb jaden an ki la jodi a, epi demen y’ap jete l’ nan dife, Bondye abiye l’ konsa, èske li p’ap fè plis pou nou, nou menm ki gen ti lafwa?
Konsa, pa pran tèt chaje, ap di: «Ki sa n’ap manje»? oubyen «Ki sa n’ap bwè»? oubyen «Ak ki sa n’ap abiye»? Tout bagay sa yo, payen yo ap chèche yo; Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa kòmanse chèche rèy Bondye a ak jistis li, epi tout bagay sa yo ap vin an plis pou nou.
Pa pran tèt chaje pou demen; jou demen an ap pran tèt chaje pou kont li: chak jou gen kont mizè l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lajan se yon Zidòl. Jezi di: Pèson pa kapab sèvi 2 mèt alafwa. Nou tande? Pou ki rezon? Ebyen rezon an klè: nan sèvi l’ap sèvi a, l’ap rive rayi youn si l’ renmen lòt la. L’ap sèvi byen ak youn, men l’ap meprize lòt la. Epi Jezi kanpe 2 mèt yo devan je nou: Bondye ak lajan. Jezi konnen kijan kè nou fèt. Kè yon moun pa ka divize, kè yon moun dwe tout antye nan sa l’ap fè, tout antye nan moun li renmen an. Jodi a, Jezi vle nou chwazi youn nan 2 mèt sa yo. Kilès nan 2 yo nou vle sèvi? Li di nou: mete konfyans nou nan Bondye, Pa bat kò nou pou rad ak manje. Kò nou gen plis enpòtans pase rad ak manje. Papa nou ki nan syèl la konnen sa nou bezwen. Li renmen nou. L’ap ba nou tout sa ki nesesè. Gade zwazo yo, li okipe yo. Gade ti flè yo, jan li abiye yo. Pou kisa pou l’ pa ta okipe nou menm ki pitit li? Li di nou: ata Wa Salomon pa t’ abiye tankou flè, malgre li te rich anpil. Nou pa bezwen chaje tèt nou ak yon pakèt kesyon: sa n’ap manje, sa n’ap pral bwe demen? Sa n’a pral mete sou nou? Se moun ki pa konn Bondye, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, ki plen tèt yo ak enkyetid sa yo, ak traka sa yo. Nou menm nou gen yon Papa nan syèl la. Li konnen nou bezwen tout sa. Jezi di nou: Okipe afè Bondye, e Bondye va okipe afè pa nou. L’ap ba nou plis menm pase sa nou t’ap tann. Li envite nou genyen konfyans: pa chaje tèt nou pou demen, paske demen va gen kont tèt chaje pa li. Chak jou gen kont chay li. Nou wè jan Jezi bon. Li di nou pa bat kò nou, pa chaje tèt nou pou demen. Viv Jodi a. Se Jodi a Bondye ban nou, profite viv byen. Ou konn wè moun k’ap fatige kò yo lè y’ap vwayaje, pa ekzanp.Yo pè pou machin nan pa fè aksidan. Moun sa yo pa viv. Epoutan anyen pa rive yo. Jezi di nou, jan pwovèb la di: Ede tèt ou pou Bondye kab ede ou. Nou pa bezwen ap fatige kò nou. Li vle pou nou abandone nou nan men li. Se souvan ou wè sa: lajan se yon zidòl. Moun ki pa met konfyans yo nan Bondye ap chache tout mwayen pou yo gen lajan, e lè yo rive genyen li, yo pa viv, yo ret ap veye lajan an pou yo pa pèdi l’. Bondye pa bay pitit li yo lajan, men li ba yo fòs. Li respekte pitit li yo. Li ba yo fòs pou yo travay fè lajan, pou lajan itil yo. Lajan se yon bon sèvite, men li se yon move mèt. Se konsa ou wè moun ki fè sa pou yo pa fè, pou yo gen lajan. Aprè sa, lajan ap kale yo. Bondye vle nou gen kè poze. Li vle nou viv, li pa vle wè nou viv nan boulvès, nan lenkyetid. Konsa, an nou bay Bondye premye plas nan lavi nou. An nou chache rèy li anvan tout bagay, epi Bondye li menm ap ban nou tout sa nou bezwen kòm degi.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri pa kite traka lavi a fèm vire do ba ou, ede mwen kore mwen chak jou sou ou, paske avèk ou menm anyen pa manke m’.
PWOPOZISYON: Bay bagay syèl la premye plas nan lavi nou. Pa enkyete nou. Mete konfyans noun an Bondye.

SAMDI 1

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Lapriyè moun kòrèk la fè avèk pèseverans la, li gen anpil valè”.
LÈT APOT JAK KI SEN 5, 13-20
Nou menm mwen renmen anpil la:
Èske youn nan nou gen chagren? Se pou l’ lapriyè. Èske li gen kè kontan? Se pou l’ chante sòm. Èske youn nan nou malad? Se pou l’ rele prèt yo nan legliz la, pou yo lapriyè sou li, pou yo pase luil sou li o non Granmèt la; lapriyè lafwa a ap sove malad la, Granmèt la ap soulaje l’, epi, si l’ gen peche, l’ap padonnen l’.
Se pou nou youn konfese peche nou yo bay lòt, se pou nou youn lapriyè pou lòt, pou nou sove; lapriyè moun ki kòrèk la fè avèk pèseverans la, li gen anpil valè. Eli se te yon moun tankou nou menm, ki fèb, li lapriyè anpil, pou lapli pa tonbe sou tè a; epi lapli pa tonbe pandan twazan ak si mwa. Li lapriyè ankò, syèl la bay lapli, tè a bay fwi l’.
Frè m’ yo, si youn nan nou devye sot nan laverite a, epi yon moun fè l’ tounen, nou dwe konnen moun ki fè yon pechè tounen sot nan move chemen l’ nan, l’ap sove nam li sot nan lanmò, l’ap kouvri kantite peche l’ yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS 140, 1-2. 3 e 8
R/ Dirije lapriyè m’ nan, Granmèt, tankou lansan nan fas ou.
Granmèt, mwen rele kote ou, fè vit vin kote m’; koute vwa m’, lè m’ rele kote ou la. Se pou lapriyè m’ nan dirije tankou lansan devan fas ou, men m’ k’ap leve tankou sakrifis aswè a.R.
Mete yon baryè nan bouch mwen, Granmèt, ak santinèl nan pòtay po bouch mwen yo.Paske se kote ou, Granmèt, Granmèt, je m’ fikse: kote ou mwen kache, pa vide nam mwen.R.
LEVANJIL
“Tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon ti moun piti, li p’ap antre ladan li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 13-16
Lè sa a:
Yo te prezante timoun piti bay Jezi pou l’ te touche yo; disip yo menm t’ap kouri dèyè moun yo ki t’ap vin prezante yo a.
Lè Jezi wè sa, li fache, li di yo: «Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy Bondye a ye. An verite mwen di nou, tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon timoun piti, li p’ap antre ladan li». Li anbrase yo, li poze men sou yo, li beni yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan premye lekti jodi a sen Jak (sa yo rele Jak Majè a) ap bay moun premye kominote kretyèn yo plizyè rekomandasyon. Nan premye rekomandasyon an, li mande yo pou yo aji ak bon sans nan chak sitiyasyon ki prezante nan lavi yo, men se pou yo fè sa daprè lafwa yo. Li di yo si yo nan lapenn se pou yo lapriyè, li pa di yo se pou yo rete ap kriye sèlman; si yo kontan se pou yo chante sòm, fè lwanj pou Bondye. Si yo malad, se pou yo mande legliz lapriyè pou yo. Nan dezyèm rekomandasyon li fè, li mande pou youn konfese peche yo ak lòt. Nan lapriyè se pou youn sipòte lòt, li konseye pèsevere nan lapriyè dekwa pou n’ ka jwenn delivrans. Anfen twazyèm rekomandasyon an, se sou kesyon levanjelizasyon an, li di si yon moun te fè yon peche kite move chemen l’ lan li kouvre peche l’ la. Yon lòt bò, levanjil la di n’ ke yo te pote timon yo bay Jezi men apot yo t’ap repouse timoun yo. Jezi menm mande pou yo kite timoun vin jwenn li. Epi li di: “wayòm syèl la se pou sila yo ki menm jan avèk yo. Jezi di moun ki pa resevwa wayòm syèl la tankou yon timoun, li p’ap antre ladan. Jezi di sa nan fason pou l’ montre ke wayòm syèl la rejim politik nou genyen sou tè a ; se pa anpil lajan, se pa sèvi ak pouvwa pou fè abi sou pi piti yo. Men se yon wayòm jistis, renmen ak lapè. Si nou vle antre nan syèl la, fòk nou apran kiltive imilite. Fòk kè nou senp.
 
LAPRIYÈ : Bondye Papa, nan moman sa a n’ap mande w’ imilite pou nou swiv rekòmadasyon ke ou enspire apot ou yo dekwa pou n’ kab rive nan peyi kote w’ wa a.
PWOPOZISYON : Montre ou gen konfyans nan Bondye pandan w’ap fè sa li mande, menm jan yon timoun konfye nan manman l’epi li fè sa li mande.

VANDREDI 28

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Men jij la kanpe devan pòt la ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 5, 9-12
Pa plenyen youn kont lòt, frè m’ yo, pou yo pa jije nou. Men jij la kanpe devan pòt la.
Pran modèl, frè m’ yo, nan malè a, sou andirans ak pasyans pwofèt yo, ki te pale o non Granmèt la. Men nou deklare moun ki gen landirans yo yo gen chans. Nou te tande pale sou soufrans Jòb, nou te wè rekonpans Granmèt la te ba li a ; paske Granmèt la sansib, li pran pitye.
Anvan tout bagay, frè m’ yo, pa fè sèman, ni sou syèl la, ni sou tè a, ni pa fè okenn lòt kalite sèman. Se pou pawòl nou : wi, wi, non, non : pou nou pa tonbe anba jijman an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.  
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 8-9. 11-12
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’ anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo; Li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak mizerikòd, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen mizerikòd, li pran pasyans, li gen anpil mizerikòd.Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li fache.R.
Sèke otan syèl la wo anlè tè a, mizerikòd li debòde sou sa yo ki krenn li yo ; otan olevan lwen okouchan, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.R.
ALÉLOUYA                                                 Jn 17, 17b. a
R. Alélouya. Paròl ou, Granmèt, sé vérité; fè nou vin sin nan vérité-a. R. Alélouya.
LEVANJIL
« Sa Bondye mare ansanm moun pa kapab separe li.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10. 1 -12
Lè sa a :
Jezi leve, li rive nan limit Jide lòt bò Jouden an. Foul yo rasanble vin jwenn li ankò ; jan l’ te gen abitid la, li t’ap ba yo lansèyman ankò.
Farizyen yo pwoche, yo poze l’ kesyon : « Si yon mari gen dwa ranvwaye madanm nan », yo t’ap tante l’.
Men li menm li reponn, li di yo: «Ki lòd Moyiz te pase nou»?
Yo di: «Moyiz te pèmèt pou ekri yon biye divòs, epi pou ranvwaye l’».
Jezi reponn, li di: «Se poutèt kè nou te di, se pou sa li te ekri lòd sa a pou nou an. Men nan kòmansman an, “se gason ak fi Bondye te fè yo. Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ ak manman l’ epi l’ap kole kò l’ kot madanm li, epi yo tou lè de ap nan yon sèl chè”. Se pousa yo pa de ankò, men se yon sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, moun pa gen dwa separe li».
Lè l’ tounen lakay la, disip li yo poze l’ kesyon sou menm bagay sa a. Li di yo : «Nenpòt ki moun ki ranvwaye madanm li epi ki pran yon lòt, li fè yon adiltè sou li. Epi si yon madanm ranvwaye mari l’ epi li marye ak yon lòt, li fè adiltè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Sa Bondye mete ansanm piga pèsonn separe li.» Farizyen yo konprann yo te kapab pran Jezi nan pyèj ; olye pou yo pran l’ nan pyèj, se li menm ki pran yo nan pyèj ! Farizyen yo pwoche kote l’ yo di l’ : «Èske yon mesye gen dwa voye madanm li ale pou nenpòt bagay ?» Jezi, antan li fè referans ak Ansyen Kontra, reponn yo :«Èske nou pa li kijan sa te ye nan kòmansman ? Se gason ak fi Bondye te kreye ? Epi li pwofite eksplike yo ki sans relasyon gason ak fi te genyen depi nan kòmansman kreyasyon an kote Bondye kreye yo egal ego ; li ajoute pou di yo : «Se akoz kè di nou ki fè Moyiz te ekri lòd sa a pou nou». Mesye marye a va kite papa l’ak manman l’ pou l’ fè yon sèl ak madanm li, fi a egalman, yo toude va fè yon sèl kò. Konsa sa Bondye mete ansanm, piga moun separe li. Menm jan Jezi se tèt Legliz la, nou menm se kò a, se konsa lavi maryaj la dwe ye ; pou nou rive viv lavi maryaj la, se renmen pou nou gen nan kè nou anvan tout bagay. Bondye te pase kontra renmen an avèk nou, pa gen anyen ki kapab separe nou ak renmen Bondye gen pou nou. Gen moun ki pran maryaj la tankou yon jwèt, yo wè l’ tankou yon fèt ak plezi, maryaj la se pa sèlman bèl fèt, men se wè kijan nou nou ka viv ansanm pou fè Bondye plezi epi ankouraje lòt moun antan nou sèvi modèl pou sosyete a.  Sen Jak di se chans pou moun ki pran pasyans, li envite n’ pran ekzanp sou pasyans Jòb te genyen epi kijan Granmèt la te gen kè sansib pou li, piga nou bliye, avan tout bagay, piga pou ti krik ti krak pou n’ap fè sèman, se pou «wi» nou rete wi epi «non» nou rete non. Pou sa, nou dwe toujou konte sou konkou lagras Bondye.
LAPRIYÈ : Bondye papa, n’ap di w’ mèsi paske ou renmen nou an premye. Ba nou fòs ak kouraj pou n’ viv nan renmen an pou lavi nou tounen yon temwayaj. Amèn
PWOPOZISYON : Nan ki fason mwen ka ankouraje tèt ansanm nan fanmi oubyen fwaye ki divize ? Èske anpil fwa lang mwen se pa yon enstriman divizyon ?

JEDI 27

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Pri travay ouvriye yo nou pran an, l’ap rele, rèl la antre nan zòrèy Granmèt la ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 5, 1-6
An nou wè koulye a, rich yo, kriye, rele nan mizè nou yo k’a pral rive sou nou yo. Richès nou yo ap pouri ; rad nou yo, se lagal k’ap manje yo. Lò nou ak lajan nou ap wouye, lawouy yo a ap sèvi temwen kont nou, l’ap manje chè nou tankou dife. Se kòlè nou ranmanse nan magazen pou pwòp tèt nou pou dènye jou yo.
Men pri travay ouvriye yo, ki te fè rekòlt jaden nou yo, sa nou te vòlè a, men l’ap rele, epi rèl yo antre nan zòrèy Granmèt lame yo. Nou fè resepsyon sou tè a, nou bay kò nou manje nan banbòch pou jou y’ap touye nou an. Nou arete sa a ki kòrèk la, nou touye l’, li pa reziste nou.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 48, 14-15ab. 15cd-16. 17-18. 19-20
R/ Ala kontantman pou moun ki pòv nan espri a, paske se pou yo peyi-wa syèl yo ye.
Sa a se chemen moun yo ki met konfyans nan pwòp tèt yo a, ak finisman sa yo ki met plezi yo nan bouch yo a. Tankou mouton ki enstale nan bafon an, lanmò a ap gadiyen yo.R.
Y’ap desann tèt bese nan kavo a, pòtre yo ap disparèt : Men Bondye ap delivre nam mwen, anba men bafon an l’ap soulve m’.R.
Pa pè, lè yon moun ap vin rich, lè richès kay li ap vin anpil. Paske lè l’ap mouri, li p’ap pran anyen, richès li p’ap desann avèk li.R.
Pandan l’ap fè konpliman pou nam li nan lavi l’ : « Y’ap fè lwanj ou, paske ou te regle afè ou byen » ; sèlman l’ap antre al jwenn fanmi zansèt li yo, ki p’ap janm wè limyè a.R.
ALÉLOUYA                                                   1 Tés 2, 13
R. Alélouya. Résévoua paròl Bondié-a, pa tankou paròl moun, min tankou sa-l yé tout bon vré-a, paròl Bondié-a.   R. Alélouya.
LEVANJIL
« Li pi bon pou ou pou ou antre nan lavi a enfim, pase pou ou gen de men ou, epi pou ou al nan boukan dife a ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9, 41-50
Lè sa a Jezi di disip li yo:
«Nenpòt moun k’ap ba nou yon gode dlo pou nou bwè o non m’, paske nou se disip Kris la, mwen di nou, li p’ap pèdi rekonpans li.
Men nenpòt ki moun ki fè youn nan ti piti sa yo ki kwè nan mwen an pèdi bon chemen an, li ta pi bon pou moun sa a, si yo ta mare yon gwo wòch moulen bourik yo nan kou l’, epi yo ta jete l’ nan lanmè.
Si men ou anpeche ou suiv bon chemen an, koupe l’; li pi bon pou ou pou ou antre enfim nan lavi a, pase pou ou gen de men ou epi pou ou al nan lanfè avèk yo, nan dife ki p’ap etenn nan, kote vè yo p’ap mouri a, epi dife yo p’ap etenn nan. Si pye ou anpeche ou suiv bon chemen an, koupe l’; li pi bon pou ou si ou antre nan lavi tout tan an antan w’ap bwate, pase pou ou gen de pye epi pou yo jete ou nan lanfè dife ki p’ap etenn nan, kote vè yo p’ap mouri a, epi dife yo p’ap etenn nan. Si je ou anpeche ou mache nan bon chemen, rache l’; li pi bon pou ou pou ou antre ak yon sèl je nan peyi-wa Bondye a, pase pou ou gen de je epi pou yo jete ou nan lanfè dife a, kote vè yo p’ap mouri a, epi dife yo p’ap etenn nan.
Sèke tout bagay ap sale avèk dife, tout sakrifis ap sale byen sale.
Sèl la se yon bon bagay ; men si sèl la vin fad, ak ki sa n’ap ba l’ gou ? Se pou nou gen sèl nan nou, epi se pou nou gen lapè antre nou ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Manje ki pa gen sèl, li fwad, li frèt. Granmoun yo kon di : manje sa a frèt tankou nen chen ! Se konsa tou lè yon moun ap viv san li pa teni kont de lavi lòt yo, san li pa chèche fè kominote ak yo, li ka rive santi lavi a pa gen sans pou li. Men an reyalite, se pa lavi a non ki pa gen sans, okontrè se fason l’ap viv la ki pa gen gou.
M’ sonje te gen yon ougan an deyò lakay mwen, chak l’ap kòmanse sèvis lwa li, li toujou chante : «Genyen pwen, genyen lwa, pase m’ mouri malere m’ pito mouri jenn gason, moun pa konn afè m’». Konbyen nan nou ki konn kite sitiyasyon lavi a lakoz nou bliye volonte Bondye, nou panse viv jodi a san panse a nanm nou, san panse a demen. Tankou levanjil jodi a di : «Si se yon manm nan kò n’ ki ta anpeche nou antre nan wayòm syèl la, pito nou ta elimine l’ ; paske li pi bon pou nou rive devan Bondye kokobe pase pou n’ ta rive ak tout manb nou yo nan lanfè a.» Sa se yon langaj metaforik, literalman Bondye pa di pou nou koupe moso nan kò nou, okontrè li vle nou pran konsayans sou tout sa ki ka anpeche nou viv kòt a kòt ak li, tankou bon zanmi. Apot Jak, nan lekti jodi a, ap fè nou konprann tout sa ki sou tè a se pou byen nou yo ye e se Bondye ki te kreye yo pou nou ; kidonk nou pa kapab mete anyen pi wo pase Bondye, nou pa dwe bay anyen plis enpòtans pase Bondye.
Nou pa dwe bliye se Granmèt la ki ka konsole nou, se li menm ki ka ranpli tout vid ki nan lavi nou. Nan dat 12 janvye 2014, Peyi Ayiti komemore gwo tranblemantè ki te mete peyi a tèt anba. Nan okazyon sa te gen anpil moun ki te tris lè yo sonje kòman yo te pèdi yon frè, yon sè, yon paran, yon zanmi,…men nan mitan tristès Bondye te mete kè kontan lè Pap Franswa te nome Monseyè Chibly Langlois kòm Kadinal pou Legliz Ayiti. Menm si nou tris Bondye p’ap kite tristès la touye nou, men l’ap toujou soulaje. Se pou sa nou dwe fè li konfyans nan tout sikonstans.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ba nou fòs ak kouraj pou nou kontinye sèvi ou malgre gwo pwoblèm n’ap rankontre sou chemen lavi a.
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan pou mande Bondye voye Lespri sen an pou akonpanye yon Nons, yon Kadinal, yon Evèk, yon Pè, yon Mè oubyen yon Layik ki fenk angaje l’ nan travay Legliz li a.

MEKREDI 26

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Ki sa lavi nou ye? Pito nou di : Si Granmèt la vle ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 4, 13b-18
Nou menm mwen renmen anpil la :
Men koulye a nou menm k’ap di : « Jodi a oubyen demen n’a prale nan tèl vil, n’ap pase ane a laba a, n’ap fè komès, n’ap fè benefis » : nou menm ki pa konnen sa demen an ap ye a. Ki sa lavi nou ye ? Yon vapè ki parèt yon ti moman, epi apre sa ki disparèt.
Se pousa pito nou di : « Si Granmèt la vle, epi si nou vivan, n’ap fè tèl bagay oubyen tèl lòt ». Koulye a menm n’ap danse nan kondisyon siperyè nou an. Tout kalite kè kontan sa a li move. Moun ki konnen pou l’ fè byen, epi ki pa fè l’, li fè peche.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 48, 2-3. 6-7. 8-10. 11
R/ Ala kontantman pou moun ki pòv yo nan espri a, paske se pou yo peyi-wa syèl yo ye.
Koute sa, tout nasyon yo, louvri zòrèy nou, nou tout ki abite sou tè a.
Ni moun ki ba ni moun ki nan gran kondisyon, ni rich ni pòv ansanm.R.
Pouki sa pou m’ pè nan jou malè yo, lè mechanste pwofitè yo ap fè laviwonn mwen an ? Yo menm ki met konfyans nan pouvwa yo, k’ap leve tèt yo nan kantite richès yo.R.
Vrèman moun nan pa kapab delivre pwòp tèt li ; li p’ap bay Bondye satisfaksyon li mande a. Li twò gran, pri delivrans nam li a : alafen l’ap disparèt, pou l’ ta viv pou tout tan, pou l’ pa ta wè finisman.R.
L’ap wè saj yo k’ap mouri ; ni moun san konprann ni moun sòt ap peri ansanm, y’ap kite richès yo bay lòt.R.
LEVANJIL
« Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9,38-40
Lè sa a :
Jan reponn Jezi, li di : « Mèt, nou te wè yon mesye ki t’ap chase demon yo o non ou, se pa yon moun ki suiv nou, ebyen nou anpeche l’ sa ».
Jezi menm di l’ : « Pa anpeche l’ sa ; sèke pa gen pèsòn ki kapab fè mèvèy o non m’, epi ki kapab pale mal osijè m’ tou suit apre sa. Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Premye lekti a envite n’ pran konsyans ke lavi a n’ap jwi a se yon kado Bondye, epi nou dwe òganize lavi nou pandan nou soumèt ak volonte li. Tout sa n’ ka reyisi nan lavi nou, se gras a li menm ki ba nou lavi a. Se yon erè ki vrèman grav lè yon pitit ap viv san l’ pa vle rekonèt paran li yo, oubyen li vle dezobeyi yo. Peche a anpil fwa nou komèt la, se aspè sa a li genyen, li prezante nou tankou yon pitit ki rebèl, ki dezobeyi paran l’. Anpil fwa nou aji an kontradiksyon ak sa nou vle nan fon kè nou ; men nou dwe aprann reflechi sou rekòmandasyon Granmèt la fè nou pou n’ rive dekouvri li se yon vrè sous kè kontan, kè poze ak renmen.
Sòm 48 la montre n’enpòtans viv nan sajès ak imilite pandan n’ap rive konprann vrè sans lavi nou epi esperans ki abite nou. Ni rich ni pòv, ni gran ni piti, ni nwa ni blan, nou tout nou gen pou n’ale nan peyi san chapo e lè sa n’ap kite tout bagay. Moun nan pa kab sove tèt li pou kò li. Pou sa, nou bezwen kite sajès Pawol Bondye a gide lavi nou, prepare lavni nou depi kounye a pou n’ ka vrèman rive eritye wayòm Bondye.
Nan levanjil la Jezi ap envite nou pou nou gen tolerans nan lavi nou, aksepte lòt yo avèk diferans yo. Disip Jezi yo te vle anpeche yon gwoup misyonè ki t’ap libere kèk moun ki te anba pouvwa dyab la, paske yo pa t’ fè pati gwoup pa yo. Men Jezi mande yo respè pou moun sa yo ak pou travay yo t’ap fè a! Li mande yo aprann konsidere byen lòt yo ap fè a san y opa konsidere nan ki ras yo sòti, nan ki fanmi, si yo edike oubyen analfabèt, si yo rich oubyen pòv ; sa ki enpòtan pou Jezi se byen y’ap fè a, se tèt ansanm ki gen antreyo pou travay pou yon chanjman kondisyon lavi moun yo, nan lavi sosyete a. Se yon kokenn chenn leson sa ye pou nou, nou dwe aprann sa nan fason n’ap ekzèse relijyon nou an, nan fason n’ap relasyone nou ak lòt relijyon yo. Nou pa fèt pou nou kritike pyès moun sou fason yo travay, men nou dwe chache apresye solisyon yo pote ak yon pwoblèm yon pitit Bondye t’ap afwonte.
Konsa, li enpòtan pou nou viv nan tolerans, nan apresye sa ki bon kay lòt yo, nan viv nan imilite, nan sèvi lòt yo, nan respè relijyon yo. Se pou n’ fè efò depi nan fanmi nou yo pou n’ viv inite sa a, pou n’aprann lapriyè ansanm, menm lè sa mande nou fè yon depasman pou n’ rive konprann kòman lòt la ap viv relasyon l’ak Bondye ; se pou nou aprann aksepte kretyen nan lòt relijyon yo tankou vrè frè ak sè nou epi pa pè montre yo apresyasyon, renmen ak respè nou pou yo, pandan n’ap pwofite pataje eksperyans kretyèn nou avèk yo. 
LAPRIYÈ : Granmèt n’ap mande w’ souple ede n’aprann ouvri kè nou, bra nou pou n’ renmen ak travay asanm ak tout moun ki vle angaje yo pou kontinye travay liberasyon ou deja kòmanse a.

PWOPOZISYON : Pran yon ti tan pou n’ dyaloge avèk yon zanmi nou ki nan lòt relijyon, nan respè, sou baz yon vèsè biblik, pou n’ kapab rive viv epi fè grandi nan nou menm espri tolerans lan.