Páginas

MADI 1

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen wè yon dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo sa a sove yo».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-9. 12
Jou sa yo,
Mesaje a fè m’ vire jous nan pòt kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti anba papòt la nan direksyon solèy leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon solèy leve, dlo yo menm t’ap desann bò kote dwat kay sakre a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti nan chemen ki t’ap gade nan direksyon solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule anpil sot nan kote dwat la.
Lè mesye a sòti nan direksyon solèy leve a, li te gen yon mèt nan men l’, li konte senk-san mèt, li fè m’ travèse nan dlo a, jous nan talon. Aprè sa, li konte senk san mèt, li fè m’ travèse nan dlo a jous nan jenou; li konte senk-san epi li fè m’ travèse nan dlo a jous nan ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’ kapab travèse, paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li di m’:
«Sètènman ou wè, pitit moun».Li kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan.
Lè m’ vire, mwen wè anpil pye bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: «Dlo sa yo, k’ap sòti pou y’al nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan, y’ap antre nan lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd : tout bèt vivan k’ap mouvmante, y’ap viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo sa yo rive kote sa a, tout bagay kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv. Anlè ravin nan, sou bò l’ chak bò, ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi; chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin nan se nan kay sakre a y’ap sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi remèd».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.  
SÒM REPONS 45, 2-3. 5-6. 8-9
R/ Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Bondye se yon kachèt pou nou ak fòs, sekou nou jwenn tout tan nan tray. Se pousa nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante, pandan mòn yo ap transpòte nan kè lanmè a.R.
Bò larivyè a mete kontantman nan vil Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap bouke; Bondye prete l’ sekou depi granmaten.R.
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Vini, gade aksyon Granmèt la, mèvèy li mete sou tè a.R.
LEVANJIL
«Menm lè a mesye sa a vin geri».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 1-3a. 5-16
Se te yon jou fèt Juif yo, Jezi monte Jerizalèm.
Jerizalèm gen yon basen pou mouton yo, yo rele l’ nan langaj ebre «Betsayid», li gen senk galri. Nan yo te gen yon pakèt foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun k’ap bwate, moun ki gen men yo seche. Te gen yon mesye ki te la, li te gen trantuitan depi l’ te malad. Lè Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil tan deja, li te gen maladi a, li di l’: «Èske ou vle geri»?
Malad la reponn li: «Granmèt, mwen pa gen pèsòn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon lòt gen tan desann anvan m’, Jezi di l’: «Leve, pran nat ou, al mache». Menm lè a mesye sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se te yon jou saba, Juif yo di moun nan ki te geri a: «Se saba; ou pa gen dwa pran nat ou». Li reponn yo: «Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di m’: «Pran nat ou, mache».
Yo poze l’ kesyon: «Kilès moun sa a ki di ou «Pran nat ou, mache a»? Sila a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan foul la ki te la a.
Aprè sa Jezi jwenn li nan kay sakre a, li di l’: «Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou». Mesye a ale, li bay Juif yo nouvèl, li di se Jezi ki te fè l’ geri. Se pou sa Juif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li te fè bagay sa yo jou Saba a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Jezi gade li ki kouche; li mande li: èske w’ vle geri?» Frè ak sè m’ yo, zanmi Jezikri yo, jodi a Sen Jan ap prezante nou sèn pisin Betesda a. Li plis sanble ak sal datant nan yon lopital pou tèlman gen malad k’ap tann pou yo lage yo nan dlo a. «Yon pakèt moun malad kouche, sa ki avèg, sa ki bwate, sa ki paralize» (Jn 5,3). Epi Jezi vin ap pase. Se konsa li fè yon entèvansyon, li pote gerizon, li pote liberasyon pou mesye sa a ki te malad depi trantuit an. Ou menm tou, pwoblèm ki nan lavi w’ la, remèt li nan men Jezi, paske li gen solisyon pou ou frè mwen, li gen solisyon pou ou sè mwen. Jezi toujou prezan, sitou li prezan nan difikilte nou yo, paske li vle  libere nou. Farizyen yo menm, se sèlman afè Saba y’ap regle. Movèz fwa yo pafwa yo fè yo pa kapab grandi, mechanste bouche je yo, yo soud pase moun ki pa ka tande tèlman kè yo di ! Sa fè lontan ke nèg sa a te malad : trantwit (38) an depi l’ap soufri ak maladi sa a, e Jezi mande l’, «èske w’ vle geri ?» (Jn 5,6). Frè ak sè m’ yo, Jezi toujou sou wout nou pou l’ delivre nou ; men sèlman fòk nou dakò resevwa gerizon sa a. Depi lontan moun sa a t’ap soufri e li pa jwenn pèsonn ede li men lè li vin rankontre ak Granmèt la, lavi li te chanje, li tounen yon moun nouvo, li soti nan gwo soufrans li te ye a pou li antre nan kè kontan. Li sòti nan lanmò pou li antre nan lavi. Li fè yon pasaj. Se mesaj Pak la. Si nou soufri ak Jezi, nou va resisite ak li tou. Nèg paralize a, sila ki di li : « leve pran branka w’ epi mache » (Jn 5,8). Jodi a, Jezi vle geri w’ ; èske w’ dispoze oubyen èske vle geri tou ? Vwa Kris la, se vwa Bondye. Menm jan ak nèg sa ki te kokobe a, tout moun ki tande vwa Kris la, li va libere. Tout bagay vin nouvo pou paralize a ki te fatige paske li te dekouraje. Aprè sa, Sen Jan Krizostòm ta pral di nou ke nan pisin Betesda tout maladi po te geri epi avèk batèm nan tout maladi nanm geri. Nan pisin nan se tanzantan epi se pou yon sèl malad; nan batèm nan, se pou tout tan epi se pou tout moun. Nan tou 2 ka sa yo, pouvwa Bondye manifeste a travè dlo, Bondye itilize dlo a ni pou lave kò nou ni pou lave nanm nou. Paralize a te san fòs bò kote pisin nan, èske sa pa fè nou sonje pwòp eskperyans nou ak pwòp enpwisans nou pou nou fè byen ?  Frè ak sè m’ yo, èske nou toujou rann nou kont chak jou, nan antouraj nou, nan vwazinaj nou, gen yon pakèt paralize k’ap lite ki pa janm rive sove nan manke libète yo ?  Fòk nou gade Jezi. Paske li enpòtan epi li nesesè pou nou plonje nou nan dlo lagras la, dlo lapriyè a, dlo konfesyon an, dlo konvèsyon an, pou nou ouvè lespri nou, pou nou tout ansanm kapab plonje epi benyen nan pisin lagras Bondye a.
LAPRIYÈ : Granmèt, nan tan penitans sa a, fè kè fidèl ou yo louvri byen louvri pou yo sèvi ou. Se konsa ya byen dispoze pou yo resevwa Mèvèy Sakre Pak la epi tou pou yo gaye bòn nouvèl delivrans ou a bay tout moun. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
 

LENDI 31

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Yo p’ap tande vwa kriye ak vwa rèl ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 65, 17-21
Men pawòl Granmèt la:
«Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a.
Men n’ap kontan, n’ap fete pou tout tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm «Fèt» ak pèp li a «Kè kontan». M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl.
P’ap gen timoun k’ap mouri tou piti ladan l’ ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo, paske timoun nan se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive santan, se moun madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen, y’ap manje fwi yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 29, 2 é 4. 5-fi. 1 l-12a e 13b
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi sou do m’. Granmèt, ou delivre nam mwen sot anba pouvwa lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon an.R.
Chante pou Granmèt la, sen yo fè lwanj pou souvni l’ ki sen.Sèke se pou yon ti moman li te fache, men se pou tout lavi li renmen. Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten se kè kontan.R.
Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou. Ou fè rèl dèy mwen an vin tounen dans pou mwen. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Ale, pitit ou a ap viv»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54
Lè sa a:
Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’ rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’ fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la.
Konsa li tounen Kana Lagalile, kote li te fè dlo a vin tounen diven an.Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri. Li di Jezi: «Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale. Pandan l’ap desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di pitit li a ap viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’: «Se yè, a i-nè-d-laprè-midi, lafyèv la kite l’». Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te di l’ «Pitit ou a ap viv»; li kwè ni li menm ni tout kay li a. Sa a se dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.» Ofisye wa pwofite pasaj Jezi nan Kana (kote li te fè dlo tounen diven an) nan peyi Lagalile pou li mande li yon favè: «Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi reponn li: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.» Nou menm tou, nan lavi nou nou pa sispann dyaloge ak Granmèt la: Granmèt, chay la lou pou mwen! Mwen pa kapab ankò non! Se twòp pou mwen wi Papa! Men Jezi li menm, l’ap envite nou pou nou kontinye fè li konfyans, fè Bondye konfyans. Lè ofisye a te nan wout pou li ale lakay li, yo enfòme li pitit li a gaya. Se lafwa li nan Jezi ki fè sa. Frè ak sè m’ yo, lè bagay yo difisil pou nou, se pou nou kontinye fè Bondye konfyans, paske se nan li sèl sekou nou ye.Pa bliye se li menm ki te fè syèl la ak tè a, kidonk pa gen anyen li pa kapab fè. Si nou gen lafwa nan Granmèt la, menm si nou tris kè nou va kontan, si nou grangou vant nou va plen, si nou twouble l’a ba nou lapè, si nou nan lari li va ba nou kay pou nou rete,…Si nou kwè tout bon vre, chenn ki mare nou yo ki fè nou pa kapab pwogrese yo, yo va kase. Apot Jan ap envite nou viv chak jou nan kominyon ak Granmèt la. Jezi pote kè poze ak gerizon nan peyi li. An nou mande li chanje kè nou, pou lavi nou kapab rejenere nan selebrasyon Pak la, pou nou kapab resisite ansanm ak li.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè tè a vin tou nèf, gras a sakreman yo nou pa kapab di sa yo ye a, tanpri, fè legliz ou a pwofite òganizasyon tout tan yo, fè l’ pa manke sekou nan tan k’ap pase yo. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Èske mwen pa gen doutans anpil fwa sou pawòl Bondye?

DIMANCH 30

Koulè Woz ou Vyolèt
KARÈM KATRIYÈM DIMANCH KARÈM (LAETARE)
PREMYE LEKTI
«Yo sakre David kòm wa sou Izrayèl».
LEKTI PREMYE LIV SAMYÈL 16, Ib. 6-7. I0-13a
Jou sa yo:
Granmèt la di Samyèl: «Plen kòn ou an ak luil, epi vini, pou m’ voye ou kot Jese moun Bètleyèm nan: sèke mwen deja chwazi davans nan pitit li yo yon wa pou mwen».
Lè l’ antre, li wè Elyab, li di: «Èske Kris Granmèt la pa devan l’»? Granmèt la di Samyèl: «Pa gade fas li, ni wotè tay li, paske mwen rejte l’; se pa daprè konsiderasyon lèzòm mwen jije: moun wè sa k’ sou deyò, Granmèt la menm konsidere kè a».
Konsa Jese mennen sèt pitit li yo devan Samyèl, Samyèl di Jese: «Granmèt la pa chwazi okenn nan sila yo», Samyèl di Jese: «Èske se tout pitit ou yo sa»? Li reponn: Gen yon ti pitit ki rete ankò, l’ap gadiyen mouton yo». Samyèl di Jese: «Voye chèche l’; sèke nou p’ap atable anvan li vin isit la». Konsa li voye chèche l’, li Mennen l’. Li te wouj, li te gen bèl aparans ak bèl figi. Granmèt la di: «Leve, sakre l’: se li menm menm».
Konsa Samyèl pran kòn luil la, li sakre l’ nan mitan frè l’ yo; lespri Granmèt la rive tou dwat nan David depi jou sa a pou jous apre.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a, 3b4. 5. 6
R/ Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen: Nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nanm mwen.  Li mennen m’ sou santye jistis poutèt non l’, Sèke si m’ap mache nan tè fon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’ an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo; ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde. R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tou lejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Leve sot nan pami mò yo, Jezikri ap klere ou».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 5, 8-14
Prè m’ yo:
Lontan nou te fè nwa, koulye a menm nou se limyè nan Granmèt la: se pou nou mache kòm pitit limyè. Fwi limyè a li nan tout kalite sa ki bon, jistis ak verite; se pou nou chèche fè sa k’ fè Bondye plezi. Pa patisipe nan aksyon fènwa yo ki pa donnen fwi yo, okontrè se pou nou repwoche yo. Sèke sa y’ap fè an kachèt yo, yo wont menm di yo. Men lè yo denonse tout bagay sa yo, se nan limyè yo parèt klè, sèke tout sa k’ parèt klè se limyè li ye.
Se pousa li di: «Leve, ou menm k’ap dòmi, leve sot nan pami mò yo, Jezikri ap klere ou».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«L’ale, li lave kò l’, li vini, li wè».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 9. 1-41
Lè sa a:
Pandan Jezi ap pase, li wè yon moun ki avèg depi l’ te fèt. Disip li yo poze l’ kesyon: «Rabi, kilès ki fè peche, sila a oubyen paran l’ yo, pou l’ fèt tou avèg la»?
Jezi reponn: «Ni li menm li pa fè peche, ni paran l’ yo; men se pou travay Bondye kapab parèt klè nan li. Mwen gen pou m’ reyalize travay sila a ki voye m’ nan, toutotan li jou; lannuit la ap rive, kote pèsòn pa kapab travay, toutotan mwen sou tè a, mwen se limyè tè a». Kon l’ fin di sa, li krache atè a, li fè labou ak saliv la, li pase labou a sou je l’, li di l’: «Ale, lave kò ou, nan basen Siloe a», sa vle di «Sila a yo voye a». Konsa, 1’ale, li lave kò l’, li tounen antan l’ wè. Se pousa vwazen yo ak moun ki te konn wè l’ anvan, paske se lacharite li te konn mande, yo t’ap di. «Èske sila a se pa li menm ki te konn chita ap mande a»? Yon pati t’ap di. «Se li menm menm». Lòt yo menm. «Pa ditou, men se youn ki sanble ak li». Li menm menm li t’ap di: «Se mwen menm menm». Yo t’ap di l’: «Kijan je ou fè louvri»?  Li reponn: «Moun sa a yo rele Jezi a, li fè labou, li pasè sou je m’, li di m’: «Al nan basen Siloe a, epi lave kò ou». M’ale, mwen lave kò m’, mwen wè». Yo di l’: «Kote l’? Li di: «Mwen pa konnen». Yo mennen l’ kot farizyen yo, sila a ki te avèg anvan an. Men se te jou saba, lè Jezi te fè labou epi li te louvri je l’ la. Konsa farizyen yo mande l’ ankò kijan li te fè wè a. Li menm menm li di yo: «Se labou li mete sou je m’, mwen lave kò m’ mwen wè». Gen kèkzen nan farizyen yo ki t’ap di. «Moun sa a pa vin sot nan Bondye, paske li pa obsève saba a»; dòt menm t’ap di: «Kòman yon moun ki peche kapab fè siy sa yo»? Te gen divizyon nan pami yo. Yo di avèg la ankò: «Ou menm sa ou di osijè sila a ki louvri je ou la»? Li menm li di: «Se yon pwofèt». Juif yo pa t’ kwè mesye a te avèg epi li te vin wè, joustan yo rele paran mesye a ki te vin wè a. Yo poze yo kesyon, yo di: «Sila a se pitit nou an, sa nou di ki fèt tou avèg la? Kijan l’ fè wè koulye a»? Paran l’ yo reponn, yo di: «Nou konnen sila a se pitit nou an, epi li te fèt avèg. Kijan li fè wè koulye a, nou pa konnen, oubyen kilès ki louvri je l’, nou pa konnen; mande l’: li gen laj, 1’a pale pou kont li». Paran l’ yo te di sa, paske yo te pè Juif yo; sèke Juif yo te deja fè konplo pou si yon moun rekonèt li se Kris la, y’ap mete l’ deyò kay reyinyon an. Se pousa paran l’ yo di: «Li gen laj, poze l’ kesyon». Konsa yo rele moun nan ki te avèg la, yo di l’: «Fè konpliman pou Bondye. Nou menm nou konnen mesye sa a se yon pechè». Li menm li di yo: «Si se yon pechè, mwen pa konnen; yon sèl bagay mwen konnen: Sèke mwen te avèg, koulye a mwen wè. Yo di l’: «Ki sa l’ fè ou? Li reponn yo: «Mwen te deja di nou, epi nou pa t’ koute: kisa nou vle tande ankò? Èske nou menm tou nou vle vin disip li»?  Yo madichonnen l’, yo di: «Ou menm ou mèt disip li, nou menm menm se disip Moyiz nou ye. Nou menm nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, sila a menm, nou pa konn kote l’ sòti». Mesye a reponn, li di yo: «Se sa a ki dwòl la, nou pa konn kote l’ sòti, epi li louvri je m’. Nou konnen Bondye pa koute pechè yo; men, si yon moun respekte Bondye, epi li fè volonte l’, Bondye koute l’. Depi tout tan yo pa janm tande yon moun louvri je yon moun ki fèt tou avèg. Si mesye sa a pa t’ sot nan Bondye, li pa t’ap kapab fè anyen». Yo reponn, yo di l: «Se nan peche ou fèt toutantye, epi w’ap fè nou laleson»? Yo jete l’ deyò. Jezi tande yo te jete l’ deyò, lè l’ jwenn li, li di l’: «Èske ou kwè nan Pitit Bondye a»? Li reponn, li di. «Kilès li ye, Granmèt pou m’ kwè nan li»? Jezi di l’. «Ou wè l’, se li menm k’ap pale avèk ou a». Li menm li di: «Mwen kwè, Granmèt». Li bese, li adore l’. Jezi di: «Se pou yon jijman mwen vini sou tè sa a, pou moun ki pa wè yo vin wè, epi pou sa k’ wè yo vin avèg. Kèkzen nan farizyen yo tande, sa k’ te bò kote l’ yo di l’: «Èske nou menm tou nou avèg»? Jezi di yo: «Si nou te avèg, nou pa ta gen peche: men koulye a nou di: «Nou wè». Peche nou an rete».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Katriyѐm dimanch tan karѐm, n’ap avanse yon ti kras pi plis nan fen tan preparasyon gwo evènman fѐt Pak la. Bѐl moso pasaj Levanjil gerizon nѐg ki te avѐg depi li fѐt la, ofri nou yon sѐl tѐm pou lekti yo. Eksperyans Jezi vin klere lavi lezὸm. Nѐg ki te avѐg depi l’ fѐt la, sòti nan fѐnwa antre nan limyѐ, ki se zѐv pouvwa ak lanmou Jezi. Menm verite sa a, Pl repete l’ nan lѐt li ekri moun Efѐz yo: lontan se fѐnwa yo te ye, kounye a yo se limyѐ. Lѐ Bondye fѐ entѐvansyon l’ nan lavi lѐzm, lѐ li manifeste l’ avѐk pouvwa, avѐk lanmou e lѐ lm nan li menm li akeyi prezans Bondye nan fon kѐ l’, li vin genyen yon nouvo reyalite epi yon nouvo esperyans avѐk Bondye. Konsa, tout moun ki t’ap mache nan fѐnwa, vin abiye avѐk yon fs ak yon limyѐ jiskaske yo pa rekonѐt li. Bondye chwazi David tankou Wa, se te yon gadyen mouton epi se te pi piti nan pitit Jese yo, men Bondye chwazi l’ pou l’ mache devan pѐp Izrayѐl la epi prezante figi sila a ki te gen pou l’ vini an. David kite gadyen mouton pou l’vin tounen gadyen Izrayѐ l’, pou l’ kapab fѐ moun yo rive fѐ yon sѐl nan Granmèt la. An reyalite, David reprezante figi lòt wa a, ki se Mesi a ki gen pou sove pèp la. Viktwa David te ranpte yo anonse viktwa Mesi a genyen pou l’ ranpte. Mesi ki gen pou vini an, se vrѐ gadyen an ke David te chante nan sm 22 an, gadyen ki p’ap kite nou tonbe nan twou, ki mache b kote lѐzm pou l’ fѐ yo wѐ bonte ak mizerikd Bondye epi montre nou fidelite ak lanmou Bondye.
Jezi, pitit David, gadyen pѐp li a, li se limyѐ ki klere tout moun. Jezi klere nѐg ki te avѐg depi l’ te fѐt la ; non sѐlman li fѐ je l’ louvri men li klere nanm li ak kѐ li tou. Li fѐ eksperyans fidelite ak lanmou Bondye, paske kounye a moun pa bezwen pale l’ de yon pwofѐt ki gen pou l’ vini, li menm menm li fѐ eksperyans pouvwa moun sa a ki vin sove nou an. Konsa, menm li menm li vin tounen limyѐ pou lὸt moun.Nan yon ti moman, nѐg sa a ki te meprize, ki pa t’ gen plas nan sosyete a, vin tounen yon lὸt moun. Pou tout sa te rive fѐt, li te fѐ demach pa l’ tou, li te chѐche Jezi, li te pwoklame l’ tankou Mesi a, li te fѐ l’ tou piti nan pye l’. Anplis, aprè li fin geri, devan akizasyon farizyen yo, li pa t’ pѐ defann li, se konsa li te tounen yon disip paske li pa t’ ka fѐmen bouch li devan sa l’ te wѐ, sa l’ te viv, ak sa l’ te tande. Pandan Karѐm nan, an nou kite tout zѐv fѐnwa, konsa menm jan avѐk nѐg avѐg la, n’a resevwa limyѐ pou nou wѐ sa k’ap pase nan antouraj nou.
LAPRIYÈ : Granmѐt Jezi, ede nou chѐche w’, fѐ nou rekonѐt ou tankou Mesi a, fѐ nou pran konsyans de tout peche nou yo ki rann nou avѐg menm si je nou ap kale. Konsa ou va fѐ nou kado limyѐ e konsa n’a tounen yon vrѐ disip. Amѐn.

PWOPOZISYON: Chѐche nan lavi m’ kѐk eksperyans ki menmen m’ nan fѐnwa, ki fѐ m’ avѐg nan lepri m’ epi kѐk eksperyans ki klere nanm mwen ak kѐ mwen. 

SAMDI 29

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 6, lb-6
Vini, an nou tounen kot Granmèt la, paske se li menm ki chire, l’ap geri nou, li frape, l’ap swen nou. L’ap fè nou viv aprè de jou, sou twazyèm jou a l’ap fè nou leve, n’ap viv devan fas li. N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt la. Sèke sòti l’ prepare tankou devan-jou, l’ap vini sou nou tankou lapli sezon, tankou seren sou tè a.
«Sa pou m’ fè ou, Efrayim? Sa pou m’ fè ou, Jida? Kè sansib nou tankou nyaj maten, tankou lawouze k’ap pase maten. Se pousa mwen travay nan pwofèt yo, mwen touye yo nan pawòl bouch mwen, jistis ou ap sòti tankou limyè. Sèke se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis: se konesans Bondye plis pase sakrifis antye».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 18-19. 20-21 ab
R/ Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou a; daprè jan ou sansib anpil, efase fot nou an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.Sèke ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.R.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’. Aji ak bon kè pou Siyon, Granmèt nan bòn volonte ou pou miray Jerizalèm yo kapab rebati. Lè sa a w’a aksepte sakrifis jistis, kado avèk sakrifis antye. R.
LEVANJIL
«Pibliken an desann an règ lakay li, men pa farizyen an».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 9-14
Lè sa a:
Te gen kèk moun ki te met konfyans yo nan yo menm kòm si se yo menm ki kòrèk, yo t’ap meprize lòt yo, Jezi di parabòl sa a pou yo:
«De moun te monte nan kay sakre a pou yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te pibliken. Farizyen an kanpe la, l’ap lapriyè anndan kè l’: «Bondye, mwen di ou mèsi, paske mwen pa tankou rès moun yo, yo vòlè, yo adiltè, oubyen menm tankou pibliken sa a. Mwen fè jèn de fwa chak semèn, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’ genyen».
Pibliken an menm kanpe byen lwen, li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men li t’ap frape lestomak li li t’ap di: «Bondye, pitye pou mwen, mwen se pechè».
Mwen di nou, sila a desann lakay li an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’». De moun te monte nan kay sakre a pou yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te pibliken. Nou jwenn konpòtman de moun sa yo nan chak moun k’ap viv bò kote nou. Lè n’ap viv alèz, ak kè kontan, trankilite, lè tout bagay mache byen nan fanmi an, nan biznis la, nan lekòl timoun yo, nan travay la, nou di Bondye mèsi. Men lè bagay yo difisil, lè nou pa wè klè, nan traka ak mizè lavi nou, nou pote plent nou yo depoze nan pye Granmèt. Poutan Bondye vle nou genyen yon relasyon ki pi sere avèk li. Nan lavi nou, nou manifeste de (2) konpòtman sa yo nou jwenn nan levanjil la: gen moman nan lavi nou nou di mèsi; konsa tou, gen lòt moman nou mande, nou sipliye. Se de atitid ke nou pa kapab separe nan lavi nou. Lavi nou se yon chemen ki long e ki gen anpil obstak, paske sa nou ye kòm moun nan toujou gen tandans toufe lagras Bondye a nan nou menm. Alò nou dwe mande Bondye favè pou nou fè yon vrè konvèsyon. Bondye se pa sakrifis li vle, men se yon kè ki kraze, yon lespri ki dezole (sòm 50). Se sa lapriyè pibliken ap ede nou konprann jodi a. Se nan menm san sa pwofèt Oze ap mete nou an gad, lè li di: «N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt la. Sèke sòti l’ prepare tankou devan-jou, l’ap vini sou nou tankou lapli sezon, tankou seren sou tè a. » Nou chak nou gen yon «farizyen» k’ap dòmi anndan nou; nou dwe fè atansyon pou lògèy ak otosifizans pa fè nou leve tèt nou twò wo. Nou dwe aprann konnen se lanmou Bondye vle, lanmou an se sèl medikaman ki kapab transfòme lavi nou. An nou mande Bondye favè pou nou kapab dekouvri li nan fon kè nou, nan lapriyè, kontanplasyon ak meditasyon, antan n’ap pran modèl sou manman Mari.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè mwen sanble ak pibliken sa ki t’ap lapriyè nan tanp la.

PWOPOZISYON: Èske mwen pa konn sanble ak farizyen an nan fason mwen lapriyè?

VANDREDI 28

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Nou p’ap rele travay men nou “Bondye nou’’ ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl Granmèt la:
«Izrayèl, tounen vin jwenn Granmèt Bondye ou la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’: «Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò, paske òfelen ki nan ou a, ou pran pitye pou li».
M’ap geri yo pou yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’ vire kite yo; m’ap tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap tankou Liban.
Y’ap tounen vin chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen ; souvni l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò ? M’ap koute, m’ap renmen l’ tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 80, 6c-8a. 8bc-9. 10-llab. 14 e 17
R/ Se mwen menm Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.
Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande. Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan tray la, ou rele m’, mwen delivre ou.R.
Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an, mwen eseye ou bò dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon, Izrayèl, pa pito ou koute m’.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje. Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan chemen m’ yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta plen vant yo ak myèl wòch la.R.
LEVANJIL
«Granmèt Bondye ou la se yon sèl Bondye, se pou ou renmen l’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn li: «Premye kòmandman an, se: «Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye ou la se yon sèl Bondye a; se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou». Sa a se premye kòmandrnan an. Dezyèm nan menm sanble ak li: «Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm». Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo».
Pwofesè a di l’: «Se byen, Mèt, ou pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak tout kè, ak tout entelijans, ak tout nam, ak tout fòs; epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis».
Jezi menm wè li te reponn avèk sajès, li di l’: «Ou pa lwen rèy Bondye a». Pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lè pwofesè lalwa yo konnen yo te kab pran Jezi nan  pyèj, se li menm ki pran yo nan pyèj: paske daprè farizyen yo, yon Jwif te gen anpil kòmandman pou l’ te swiv si l’ te fè volonte Bondye tout bon vre ; se poutèt sa yo ta vle konnen kilès ki pi enpòtan nan kòmandman yo; se konsa pwofesè lalwa yo te pwoche kot Jezi epi yo mande l’ kilès nan kòmandman yo ki pi enpòtan. Jezi menm reponn yo konsa : premye kòmandman an, men li : se «Koute Izrayèl, Bondye w’ la se yon sèl li ye, se pou ou renmen l’ ak tout kè ou ak tout nanm ou ak tout lespri ou, epi ak tout fòs ou, sa a se premye a. Koute dezyèm nan, ki sanble tèt koupe ak premye a, li di yo w’a renmen pwochen ou menm jan ou renmen pwòp tèt pa ou ; pa gen yon lòt kòmandman ki pi gran pase 2 sa yo. Pandan tout lavi nou, nou ta sipoze bay Bondye premye plas nan lavi nou, paske se li menm ki fè nou, se li ki ba nou tout sa nou bezwen pou nou viv, se li menm ki kenbe ekzistans nou. Nou pa kapab mete anyen nan plas Bondye. An nou chèche imite renmen Bondye gen pou nou an, paske se renmen an k’ap pèmèt nou viv nan amoni. Ann chèche idantifye epi divòse ak tout sa ki fè nou pa renmen Bondye ak tout kè n’, tout fòs ak tout lespri nou, epi si nou renmen Bondye Granmèt la tout bon vre, n’a kòmanse renmen pwochen nou. Konsa, li enpòtan pou nou chèche fè Bondye plezi nan jan n’ap viv ak tout moun ki bò kote nou, paske si nou di nou renmen Bondye ke nou pa wè, epi sila yo ki bò kote nou, nou pa kab wè yo ni sipòte yo, sitou sila yo ki pi fèb, se men nou nou lave epi souye l’atè. Se pou nou ouvri kè nou pou n’ fè plas pou sila a ki renmen nou an premye e ki ap toujou renmen nou an.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, vide favè ou nan kè nou ak bon kè pa ou, pou nou toujou kite move dezòd lèzòm, pou nou kole kò nou sou lansèyman w’ap ba nou an kantite sot nan syèl la. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Konbyen zidòl mwen bay plas nan lavi mwen ? Èske pa gen yon bagay mwen bay plis enpòtans pase Bondye. Refleksyon.

MÈKREDI 26

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou».
LEKTI LIV DETEWONÒM 4, 1. 5-9
Moyiz pale ak pèp la, li di:
«Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt ou yo ap ba ou a.
Nou konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: «Men yon pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon»!
Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?
Konsa se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nam ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve ou yo».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 147, 12-13. 15-16. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo anndan ou.R.
Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.
Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li simen lawouze tankou sann.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa montre yo jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa konprann mwen vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti «i» oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize.
Konsa moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap rele pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann lòt yo fè menm jan, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ ak sè m’ yo, yon lòt fwa ankò jodi a n’ap pran yon ti tan pou nou kapab eseye konprann kisa Bondye vle di nou jodi a pandan l’ap pale ansanm ak nou atravè Levanjil la. Avèk prezans Jezi sou latè, li vin montre nou ki fason pou nou viv. E nou menm kretyen ki di nou vle fè volonte Papa a, li vin montre nou kijan pou nou aji si reyèlman se volonte Papa a nou vle fè. Nan lwa li te enspire Moyiz yo, Jezi vle fè nou konprann li pa vini pou elimine yo ; okontrè li te vle montre nou nan fason l’ap viv kijan nou menm ki vle suiv li dwe konpòte nou an fas lòt yo. Jezi pa t’ vini pou aboli lalwa, men pou li kapab akonpli li. Jezi te vin montre nou kijan pou nou relasyone nou ak Bondye. Se vre, li pa toujou fasil pou nou ta kapab rive fè sa lalwa a mande nou, men nan fason n’ap fè efò kapab ede nou kenbe tèt nou. Zanmi Bondye yo, youn nan pi gwo misyon nou genyen sou tè a, se viv jan Bondye mande epi travay pou moun ki nan antouraj nou yo tou kapab rive genyen bon jan konpòtman sa tou. Depi jodi a, nou dwe kòmanse fè efò pou nou mennen mòd vi sa a. Se pa tann nan dènye jou pou nou di n’a gen tan, paske lè sa a li va gen tan twò ta. Poutèt sa ann kite pawòl Bondye a gide nanm nou pou se li menm ki sèl motè k’ap gide lavi nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou ba nou tan karèm sa a pou nou aprann viv avèk Jezikri epi pou nou nouri tèt nou ak pawòl li. Gras a efò n’ap fè pou nou chanje, fè nou vin genyen plis fidelite nan sèvis ou ak plis gou pou nou lapriyè ak yon sèl kè. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Sonje kòmandman Granmèt la. Chèche aplike yo. Gade konbyen mwen aplike deja.